Jou 250 sou 365
Ezekyèl 41–43
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Ezekyèl 41
1Apre sa, nonm lan fè m' antre nan tanp lan, nan gwo pyès mitan tanp lan, kote ki apa pou Bondye a. Li mezire koridò kote pou antre ladan l' lan. Li jwenn li te gen dis pye longè, 2dizwit pye lajè. Miray ki chak bò yo te gen wit pye epesè. Li mezire chanm lan anndan anndan, li jwenn swasantwit pye longè ak trannkat pye lajè. 3Apre sa, li antre nan dènye pyès dèyè nèt la, li mezire papòt ki bay sou li a. Li te gen twa pye pwofondè, dis pye lajè. Miray chak bò yo te gen douz pye epesè. 4Li mezire chanm lan. Li te kare kare, trannkat pye chak bò. Chanm sa a te dèyè chanm mitan an. Apre sa, li di m': Isit la se kote yo met apa nèt pou Bondye a. 5Nonm lan mezire epesè miray anndan tanp lan, li jwenn dis pye. Sou kote Tanp lan, nan mitan miray anndan an ak miray deyò a, te gen yon seri ti pyès ki te fè wonn li. Chak pyès te kare kare, sèt pye chak bò. 6Te gen trant chanm anba. Chak chanm sa yo te gen de lòt anwo yo: trant chanm nan premye etaj la, trant lòt chanm nan dezyèm etaj la. Epesè miray deyò Tanp lan te pi piti nan premye etaj la pase anba. Li te pi piti toujou nan dezyèm etaj la pase nan premye a. Konsa, chanm yo te chita sou miray la san yo pa t' bezwen makònen avè l'. 7Lè ou rete deyò w'ap gade, ou wè de miray Tanp lan sanble yo te menm epesè depi anba jouk anwo. Apiye sou miray deyò Tanp lan, te gen de eskalye byen laj pou soti nan chanm anba yo pou moute nan premye etaj la jouk li rive nan dezyèm etaj lan. 8Mwen wè te gen yon teras wit pye lajè ki te fè wonn Tanp lan. Li te menm wotè ak pòtay pyès ki sou kote de miray Tanp lan, ki vle di dis pye pi wo pase fondasyon Tanp lan. 9Miray deyò pyès sou kote yo te gen wit pye epesè. Se sou teras la yo pase pou antre nan pyès sou kote yo. Ant teras la 10ak rès batiman an, te gen yon koulwa trannkat pye lajè, ki te fè wonn Tanp lan. 11Te gen yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò nò a ak yon pòt ki louvri sou pyès sou kote yo bò sid la. Miray ki te fèmen koulwa a te gen wit pye epesè sou tout longè l'. 12Nan fon lakou dèyè Tanp lan, bò solèy kouche, te gen yon gwo kay sansenkant pye lajè, sanswasannsèz pye longè. Miray li yo te nèf pye epesè toutotou. 13Nonm lan mezire Tanp lan sou deyò. Li te gen sanswasantwit pye longè. Soti depi dèyè Tanp lan, travèse espas vid la, rive nan dènye bout kay ki bò solèy kouche a, li jwenn sanswasantwit pye tou. 14Li mezire tout fasad devan Tanp lan avèk de espas vid chak bò yo, sa ba li sanswasantwit pye tou. 15Li mezire longè kay ki bò solèy kouche a, avèk de galeri yo, yonn chak bò. Sa ba li tou sanswasantwit pye. 16Premye pyès devan an, pyès mitan an ak pyès dèyè a ki apa nèt pou Bondye a te gen gwo moso planch plake sou tout palisad yo, depi planche a rive nan fennèt yo. Fennèt yo te fèmen ak yon griyay. 17Sou tout miray anndan Tanp lan, depi anba rive depase wotè pòt yo, yo te travay planch yo 18pou fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben. Pòtre yo te fè wonn chanm lan nèt, yon pye palmis, yon zanj cheriben, yonn dèyè lòt. Pòtre zanj yo te gen de figi, 19yon figi moun k'ap gade pye palmis ki sou bò sa a, yon figi lyon k'ap gade pye palmis ki sou lòt bò a. Se konsa pòtre yo te ye sou tout miray la nèt. 20Depi planche a rive depase wotè pòt yo, sou tout miray la, te gen pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben. 21Gwo poto ki te devan Tanp lan te kare kare. Devan premye pyès Tanp lan te gen yon bagay ki te sanble 22yon lotèl an bwa. Li te gen senk pye wotè. Anwo lotèl la te kare kare, kat pye chak bò. Pye lotèl la ki te nan kat kwen yo, pyès anba a ak kat sou kote yo, tout te fèt an bwa. Nonm lan di m' konsa: Se tab sa a ki kanpe devan prezans Seyè a. 23Te gen yon pòt de batan nan bout koridò antre a ki louvri sou pyès mitan an ak yon lòt pòt pi devan ki louvri sou pyès dèyè nèt la. 24Chak pòt te gen de batan ki te louvri nan mitan. 25Yo te travay bwa pòt yo tou. Yo te fè pòtre pye palmis ak pòtre zanj cheriben sou tout pòt yo tankou pou miray yo. Yo te mete yon ti twati an bwa ki soti sou deyò devan pòt premye pyès Tanp lan. 26Sou miray pyès devan an, te gen fennèt ak griyay. Tout mi yo te dekore ak pòtre pye palmis.
Ezekyèl 42
1Apre sa, nonm lan mennen m' nan gwo lakou deyò a. Li fè m' antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan. 2Batisman sa a te gen sanswasantwit pye longè, katrevenkat pye lajè. 3Sou yon bò te gen yon galeri trannkat pye lajè ki fè wonn Tanp lan. Sou lòt bò a, te gen pave gwo lakou deyò a. Kay la te yon chanmòt twa etaj, chak etaj te pi dèyè pase etaj anba l' la. 4Pòt chanm yo te bay sou bò nò, yo te louvri sou yon koridò sèz pye lajè, sanswasantwit pye longè ki pase devan chanm yo. 5Chanm ki te nan etaj anwo nèt la te pi fèmen pase chanm ki te nan etaj mitan an ak chanm ki te nan etaj anba nèt la, paske yo te bati plis sou dèyè. 6Nan tout twa etaj yo, pyès ki te anwo nèt la te pi fèmen pase sa ki te nan mitan an ak sa ki te anba nèt la. Yo pa t' gen poto pilye pou sipòte yo tankou lòt kay yo nan lakou a. 7Miray deyò Tanp lan, sou anba nèt, sou menm nivo ak premye etaj la, te gen katrevenkat pye epesè, ki vle di mwatye lajè gwo kay nò a. 8Anwo nèt, pyès yo te pran tout lajè kay la. Paske fasad devan kay la te gen sanswasantwit pye. 9Anba chanm yo, sou bò solèy leve kay la, kote miray la konmanse a, te gen yon pòtay pou antre nan gwo lakou deyò a. 10Sou bò sid Tanp lan, te gen yon lòt gwo batisman tankou premye a, toupre gwo pyès ki sou bò solèy kouche Tanp lan. 11Devan chanm yo, te gen yon koridò tankou pou kay ki sou bò nò a. Li te gen menm longè, menm lajè avè l', menm fòm, ak menm pozisyon pou pòt yo ak fennèt yo. 12Te gen yon pòt nan chanm yo sou bò sid kay la ki louvri sou koridò nan pwent bò solèy leve a, kote miray la konmanse a. 13Lè sa a, nonm lan di m': -De gwo kay sa yo, yonn sou bò nò, yonn bò sid, se chanm ki mache ak chanm yo met apa pou Seyè a. Se la prèt k'ap sèvi devan lotèl Seyè a manje ofrann yo mete apa pou Seyè a. Chanm sa yo fèt pou rete apa pou Seyè a tou. Se la prèt yo pral met ofrann yo met apa pou Seyè a, ofrann grenn jaden osinon bèt yo ofri bay Seyè a pou mande l' padon pou peche osinon pou peye pou sa yo te fè ki mal, paske kay sa a apa pou Seyè a. 14Lè prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo soti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Seyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo soti nan zòn kote pèp la rasanble a. 15Lè nonm lan fin mezire tout anndan Tanp lan, li soti avè m' nan pòtay bò solèy leve a, epi li mezire gwo lakou ki fè wonn Tanp lan. 16Li pran baton pou mezire a, li pran mezi fasad ki bay sou solèy leve a. Li jwenn witsankarant (0840) pye. 17Apre sa, li mezire bò ki bay sou nò a, li jwenn witsankarant (0840) pye tou. 18Apre sa, li mezire bò ki bay sou sid la, li jwenn witsankarant (0840) pye. 19Lèfini, li mezire bò ki bay sou solèy kouche a, li jwenn witsankarant (0840) pye tou. 20Konsa, li jwenn miray ki te fè wonn tanp lan ansanm ak gwo lakou a te kare kare, witsankarant (0840) pye chak bò. Miray la te sèvi pou separe sa ki te apa pou Seyè a ak sa yo pa t' mete apa pou Seyè a.
Ezekyèl 43
1Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou solèy leve a. 2Rive la, mwen wè gwo limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la k'ap soti bò solèy leve a, k'ap vini. Li fè yon gwo bri tankou bri lanmè ki move. Gwo limyè sa a te klere toupatou sou latè. 3Vizyon sa a te parèy ak vizyon mwen te wè lè Bondye t'ap vini pou kraze lavil Jerizalèm lan, li te parèy ak vizyon mwen te wè bò larivyè Keba a. Mwen lage kò m' fas atè. 4Gwo limyè a pase nan pòtay solèy leve a, li antre nan Tanp lan. 5Lespri Seyè a leve m' anlè, li fè m' antre nan ti lakou anndan an, kote mwen wè gwo limyè Seyè a te plen tout Tanp lan nèt. 6Nonm lan menm te kanpe bò kote m'. Mwen tande Seyè a pale avè m', antan li anndan tanp lan, li di m' konsa: 7-Nonm o! Men fotèy kote m' chita a! Men kote m'ap poze pye m' yo. Se la mwen pral rete nan mitan moun pèp Izrayèl yo pou tout tan. Ni pèp Izrayèl la ni wa yo p'ap janm fè sèvis pou lòt bondye osinon sou tonm wa yo ankò pou yo derespekte non m'. 8Wa yo te konn moute poto kay yo toupre Tanp mwen an, yo te mete papòt yo toupre papòt Tanp mwen an. Konsa se yon senp ti miray ki te separe yo avè m'. Men, yo lage kò yo nan fè yon bann vye bagay derespektan. Yo trennen non m' nan labou. Se poutèt sa mwen te move sou yo, mwen fini ak yo. 9Koulye a, se pou yo sispann fè sèvis pou lòt bondye, se pou yo wete kadav wa yo devan je m'! Si yo fè sa, m'a rete nan mitan yo pou tout tan. 10Seyè a di m' ankò: -Nonm o! Fè moun pèp Izrayèl yo konnen ki jan Tanp lan pral ye. Fè yo kalkile plan Tanp lan byen. Fè yo wont tout vye bagay derespektan yo te konn fè yo. 11Si yo wont tou sa yo te konn fè yo, w'a esplike yo plan Tanp lan: jan tout bagay ranje ladan l', kote pou yo pase antre, kote pou yo pase soti, fòm l'ap genyen, ansanm ak tout regleman ak lòd ki bay jan pou yo sèvi ladan l'. Kouche tou sa sou papye devan je yo pou yo ka wè jan tout bagay ranje, pou yo ka konfòme yo. Men lòd mwen bay pou Tanp lan: 12Tout zòn ki bò Tanp lan sou tèt mòn lan, se yon kote apa nèt pou mwen. Men lòd mwen bay sou Tanp lan. 13Men dimansyon lotèl la, dapre sistèm mezi nou sèvi pou mezire Tanp lan. Nan pye lotèl la, yon kannal vin pous pwofondè, vin pous lajè, ak yon rebò sou deyò dis pous wotè. 14Lotèl la ap fèt an twa pòsyon. Premye pòsyon an chita sou pye a. L'a gen kat pye wotè. Dezyèm pòsyon an va pi gwo, l'a gen sèt pye wotè sou premye pòsyon an, men longè l' ak lajè l' ap yon ti jan pi piti pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt premye pòsyon an. Konsa tou, longè ak lajè dènye pòsyon an va yon ti jan pi piti pase dezyèm lan pou l' ka kite yon rebò vin pous chak bò sou tèt dezyèm pòsyon an. 15Dènye pòsyon sa a va gen sèt pye wotè tou. Se sou li pou yo boule ofrann yo. Nan kat kwen yo te gen kat kòn, vin pous wotè. 16Anwo lotèl la te kare kare, vin pye chak bò. 17Pòsyon ki nan mitan an te kare kare tou, vennkat pye chak bò, ak yon ti rebò sou deyò, dis pous wotè. Ti kannal la te vin pous lajè. Macheskalye pou moute devan lotèl la te sou bò solèy leve. 18Seyè sèl Mèt la pale avè m', li di m' ankò: -Nonm o! Koute sa m'ap di, men sa mwen bay lòd pou yo fè: Lè n'a fin moute lotèl la, n'a mete l' apa pou mwen. N'a boule vyann bèt n'a ofri pou mwen yo sou li, n'a voye san bèt nou te touye yo sou tout lotèl la. Se konsa n'a mete lotèl la apa pou mwen. 19Nan moun Levi yo se prèt ki soti nan fanmi Zadòk la ase ki pou parèt devan m' pou sèvi m'. Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' mande: N'a bay prèt sa yo yon jenn towo bèf pou yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche yo. 20N'a pran ti gout nan san an, n'a vide l' sou tèt kat kòn yo nan kat kwen lotèl la, sou kat kwen pòsyon mitan lotèl la ak sou tout rebò a. Se konsa n'a wete tout peche ki te antre nan fè lotèl la, n'a mete l' apa nèt pou sèvis mwen. 21N'a pran towo bèf yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche a, n'a boule l' yon lòt kote byen lwen andeyò lakou Tanp lan. 22Nan denmen, n'a pran yon bouk kabrit ki san ankenn enfimite, n'a ofri l' ban mwen pou mande m' padon pou peche nou yo. N'a mete lotèl la apa pou sèvis mwen ak san li, menm jan yo te fè l' lavèy ak san towo a. 23Lè n'a fin fè sa, n'a pran nan bann bèt nou yo yon jenn towo ak yon jenn belye mouton, tou de san ankenn enfimite. 24N'a mennen yo devan m'. Prèt yo va voye sèl sou yo. Lèfini, y'a boule yo nèt tankou yon ofrann pou mwen. 25Chak jou, pandan sèt jou, n'a ofri yon kabrit, yon towo ak yon belye mouton ban mwen pou mande padon pou peche nou yo. Se pou tout bèt sa yo san ankenn enfimite. N'a pran yo nan tout bann bèt nou yo. 26Pandan sèt jou, prèt yo va fè seremoni pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se konsa y'a pare l' pou li ka sèvi nan Tanp lan, y'a mete l' apa pou Bondye. 27Apre sèt jou sa yo, prèt yo va konmanse ofri sou lotèl la lòt ofrann bèt pou yo boule nèt yo ansanm ak ofrann pèp la pou di Bondye mèsi. Se konsa m'a kontan ak nou. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
