Jou 236 sou 365
Ezekyèl 1–4
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Ezekyèl 1
1Nan senkyèm jou, katriyèm mwa nan trantyèm lanne an, mwen menm Ezekyèl, mwen t'ap viv ansanm ak moun yo te depòte yo, bò larivyè Keba nan peyi Babilòn. Jou sa a, syèl la louvri devan je m', mwen wè Bondye nan yon vizyon. 2Wa Jojakin te gen senkan depi yo te depòte l'. 3Antan Ezekyèl, pitit Bouzi, yon prèt Bondye, te la bò larivyè Keba nan peyi Babilòn, li tande Seyè a pale avè l'. Li santi pouvwa Seyè a sou li. 4Mwen leve je m' gade, mwen wè yon gwo van tanpèt k'ap vini soti nan nò. Zèklè t'ap fè yanyan nan yon gwo nwaj. Syèl la te klere tout arebò nwaj la. Nan mitan nwaj la menm kote zèklè yo t'ap fèt la, te gen yon limyè ki te klere tankou kristal. 5Nan mitan van an, mwen wè kat bèt, ou ta di kat moun. 6Yo chak te gen kat figi ak kat zèl. 7Janm yo te byen dwat, men pye yo te tankou zago bèf. Yo te klere tankou kwiv poli. 8Anba chak zèl te gen yon men moun. Konsa, yo chak te gen kat zèl, kat figi, kat men, yonn nan chak direksyon. 9De nan zèl yo te louvri nèt. Bèt yo menm te fè yon kare, pwent zèl yo kontre yonn ak lòt. Lè y'ap mache, yo deplase ansanm nan menm direksyon, san vire kò yo. 10Chak bèt te gen kat figi: yon figi moun sou devan, yon figi lyon sou bò dwat, yon figi bèf sou bò gòch ak yon figi malfini sou dèyè. 11Chak bèt te louvri de nan zèl yo, yo leve yo jouk pwent zèl yo kontre ak pwent zèl bèt ki te bò kote yo a. Yo te kouvri kò yo ak de lòt zèl yo. 12Chak bèt t'ap gade nan tout kat direksyon yo. Konsa, yo te kapab mache ansanm pou y' ale kote Lespri Bondye a pouse yo ale a, san yo pa t' bezwen vire kò yo. 13Nan mitan bèt yo ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil, te gen zèklè ki t'ap soti ladan l'. 14Bèt yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè. 15Mwen t'ap gade bèt yo, mwen wè kat wou k'ap woule atè, yonn bò yo chak. 16Tout wou yo te parèy, yo te klere tankou wòch krizolit. Ou ta di yo chak gen yon lòt wou menm gwosè pase an travè ladan yo, 17paske wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pa t' bezwen vire. 18Jant wou yo te byen gwo. Yo te kouvri ak je sou tout kò yo. 19Chak fwa bèt yo deplase, wou yo deplase tou ansanm ak yo. Si yo leve anlè, wou yo leve anlè tou. 20Bèt yo ale kote pou yo ale a. Wou yo fè tou sa bèt yo fè, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo. 21Bèt yo vanse, wou yo vanse tou. Bèt yo rete, wou yo rete tou. Bèt yo leve anlè, wou yo leve anlè tou, paske se bèt yo ki t'ap kontwole wou yo. 22Anwo tèt bèt yo, te gen yon bagay won an fòm yon gwo bòl bouch anba, ki te klere tankou kristal. 23Se anba gwo bòl la bèt yo te kanpe ak de zèl louvri ak pwent yo kontre ak pwent zèl bèt ki bò kote yo a. De lòt zèl yo te fèmen kouvri kò yo. 24Lè bèt yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè a lè li move, osinon bri vwa Seyè a lè l'ap pale, oswa bri yon gwo lame. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye. 25Men ou te ka tande yon ti bri ki t'ap fèt anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a. 26Anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di yon gwo fotèy fèt an wòch safi. Sou fotèy la, yon fòm te chita ou ta di yon moun. 27Depi nan ren l' moute, li te klere nan je m' tankou kwiv yo poli. Depi nan ren l' desann, ou ta di li te nan mitan yon gwo dife ki te klere tout kote l' te ye a. 28Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.
Ezekyèl 2
1Li di m' konsa: -Nonm o! Kanpe non! Mwen pral pale avè ou. 2Antan l'ap pale konsa a, lespri Bondye antre sou mwen, li mete m' kanpe sou de pye m'. Epi m' tande vwa a ki pran pale ankò. 3Li di m' konsa: -Nonm o! M'ap voye ou bò kote moun pèp Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa t' vle koute m', yo te vire do ban mwen. Jouk koulye a y' ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè l' nan tan lontan. 4Yo gen tèt di, yo gen move santiman konsa nan kè yo. Men se bò kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m' voye di yo. 5Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo. 6Men ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. 7Se pou ou di yo tou sa m'a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye. 8Nonm o! Koute sa m' pral di ou la a. Pa fè tèt di tankou move ras moun sa yo. Louvri bouch ou, manje sa m' pral ba ou la a. 9M' gade, mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen. 10Li louvri liv la devan je m', mwen wè li te ekri sou tou de bò l' yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil.
Ezekyèl 3
1Bondye di m' konsa: -Nonm o! Manje sa m' ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo. 2Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m' manje woulo liv la. 3Li di m' ankò. -Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. Mwen manje l', li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl. 4Lèfini, Bondye di m' ankò: -Nonm o! Ale bò kote moun pèp Izrayèl yo. Di yo tout pawòl mwen te di ou di yo. 5Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Se bò kote moun pèp Izrayèl yo menm mwen voye ou. 6Se pa bò kote bann moun lòt nasyon yo ki pale lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Si se te bò kote moun sa yo m' te voye ou, yo ta koute ou. 7Men, pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m'. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo. 8Koulye a, m'ap fè ou kenbe tèt ak yo tankou yo kenbe tèt ak mwen an, pou ou ka koresponn ak yo. 9M'ap fè tèt ou di pase wòch, l'ap di tankou wòch dyaman. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye. 10Bondye di ankò: -Nonm o! Louvri zòrèy ou, tande sa mapral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou. 11Apre sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W'a pale ak yo, w'a di yo men sa mwen menm, Seyè a, m' voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo! 12Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m' ki t'ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l' rete a. 13Mwen tande bri zèl bèt yo ki t'ap bat ansanm ak bri wou yo, ou ta di bri yon foul moun k'ap rele. 14Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere. 15Se konsa mwen rive lavil Tèl Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m' te wè ak tou sa m' te tande. 16Apre sèt jou sa yo, Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 17-Nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesaj m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen. 18Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, si ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. 19Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou. 20Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l' mouri. Si ou pa avèti l', l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l' te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. 21Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l' pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou. 22Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Li di m' konsa: -Leve non. Soti al nan fon an. M'a pale la avè ou. 23Mwen leve, mwen desann al nan fon an. Lè m' rive la, mwen wè gwo bèl limyè ki te fè m' konprann Seyè a te kanpe la, tankou mwen te wè l' bò larivyè Keba a. Mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. 24Men, Lespri Bondye a antre sou mwen, li fè m' kanpe sou de pye m'. Li pale avè m', li di m' konsa: -Al fèmen kò ou lakay ou. 25Nonm o! Yo pral mete ou anba kòd. Y'ap mare ou byen mare, ou p'ap ka mete pwent pye ou deyò. 26Mwen pral fè lang ou lou nan bouch ou. W'ap bèbè, ou p'ap ka avèti move ras moun tèt di sa yo. 27Apre sa, lè m'a pale avè ou ankò, m'a ba ou lapawòl, epi w'a ba yo mesaj mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, m'a ba ou. Sa ki vle koute va koute, sa ki pa vle koute, zafè yo! Se yon move ras moun tèt di yo ye.
Ezekyèl 4
1Bondye di m' konsa: -Nonm o! Pran yon brik, mete l' devan ou. Trase desen lavil Jerizalèm sou li. 2Apre sa, w'a moutre jan lènmi pral sènen lavil la: W'a fouye yon kannal pou sòlda yo kache, w'a mete ranblè nan pye miray li yo, w'a mete anplasman kan sòlda yo, w'a mete gwo poto pou defonse pòtay yo sou tout bò lavil la. 3Pran yon pwelon fè, mete l' kanpe tankou yon miray ant ou menm ak lavil la. Bay lavil la fas. Lavil la sènen toupatou. Se ou menm ki sènen l'. Se va yon siy pou moun pèp Izrayèl yo. 4Lèfini, kouche sou bò gòch ou. W'a pran tout peche moun pèp Izrayèl yo sou ou. Ou rete kouche konsa pandan tout tan w'ap pote chay peche yo a. 5Mwen deside pou yo pase twasankadrevendizan (0390) ap peye pou peche yo. Konsa, m'ap fè ou pase twasankatrevendi (0390) jou ap pote chay peche moun peyi Izrayèl yo, yon jou pou chak lanne. 6Apre sa, w'a vire kouche sou bò dwat ou. W'a pote chay peche moun peyi Jida yo pandan karant jou, yon jou pou chak lanne chatiman yo. 7Vire tèt ou, gade lavil Jerizalèm yo sènen an. Lonje dwèt ou sou li. Di sa ki pral rive l'. 8M'ap mare ou byen mare, konsa ou p'ap ka vire chanje bò toutotan tout jou pou yo sènen lavil la poko fin pase. 9Bon, koulye a ou pral pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak ble mòn, w'a mete yo ansanm nan yon sèl veso. W'a fè pen ak yo. Pandan tout twasankatrevendi (0390) jou w'ap pase kouche sou bò gòch ou a, se sa ase w'a manje. 10W'a pran yon moso pen ki peze yon demi (01/2) liv pou ou manje chak jou. Se sa ase pou ou manje chak jou. 11Ou p'ap gen anpil dlo pou ou bwè. W'a pran yon lit dlo konsa chak jou. 12W'a pran okabennen moun, w'a fè dife pou kwit pen pou ou manje a devan tout moun. 13Seyè a te di ankò: -Se konsa moun pèp Izrayèl yo pral manje manje lalwa defann yo manje, lè m'a gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. 14Lè sa a, mwen di: -O non! Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen pa janm manje manje ou defann moun manje. Depi m' piti, mwen pa janm manje vyann bèt ki mouri toufe, ni vyann bèt lòt bèt touye. Non, mwen pa janm mete nan bouch mwen vyann ou defann moun manje! 15Lè sa a, Bondye di m' konsa: -Dakò. M'ap kite ou pran kaka bèf pito pase okabennen moun. Ou mèt fè dife avè l' pou kwit pen ou lan. 16Epi li di ankò: -Nonm o! Mwen pral koupe viv moun lavil Jerizalèm yo. Moun yo pral gen kè sere, yo pral gen kè sote lè yo pral kontwole kantite pen pou yo manje ak kantite dlo pou yo bwè. 17Yo p'ap jwenn kantite pen ak dlo yo bezwen: yo tout y'ap depafini ansanm, y'ap deperi poutèt peche yo fè yo.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
