Jou 229 sou 365

Jeremi 44–46

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jeremi 44

1Seyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesaj pou tout moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs. 2-Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te wè tout malè mwen te fè tonbe sou lavil Jerizalèm ak sou tout lòt lavil peyi Jida yo. Jouk koulye a, se yon miray kraze yo ye. Pa gen yon grenn moun ki te rete ladan yo. 3Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m' fache anpil sou yo. Yo t' al ofri lansan bay lòt bondye, yo t' al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pa t' janm konnen. 4Mwen pa t' janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m'. 5Men yo pa t' koute m'. Pawòl la antre nan yon zòrèy li soti nan yon lòt. Yo derefize chanje. Yo donnen pi mal nan fè mechanste yo, nan ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo. 6Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pesonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a. 7Enben, koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande nou: Poukisa n'ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pesonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pesonn chape? 8Nou deyò pou nou fè m' fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon? 9Gen lè nou bliye tout move zak nou tout, depi zansèt nou yo, pran wa peyi Jida yo ak madanm yo rive sou nou menm ansanm ak madanm pa nou yo, nou fè nan peyi Jida ak nan lari Jerizalèm? 10Jouk jòdi a nou yonn pa règrèt sa nou te fè. Pesonn pa gen krentif pou mwen, pesonn pa soti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo. 11Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M'ap vire do ban nou, m'ap voye malè sou nou, m'ap detwi tout peyi Jida a. 12M'ap pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y'ap mouri nan peyi Lejip. Genyen k'ap mouri nan lagè, genyen k'ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y'a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y'a sèvi ak non yo pou bay madichon, y'a pase yo nan betiz. 13M'ap pini tout moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la ak lagè, grangou ak move maladi, menm jan mwen te pini moun lavil Jerizalèm yo. 14Nan ti rès moun Jida ki rete yo, sa ki te desann al viv nan peyi Lejip la, yo yonn p'ap kouri chape, yo yonn p'ap sove. Kanta pou tounen al viv nan peyi Jida a ankò, jan yo ta vle l' la, yo pa ladan l'. Yo yonn pa t' tounen, an wetan de twa ki va kouri chape kò yo. 15Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medam ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi: 16-Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a. 17N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm. 18Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou. 19Medam yo menm poutèt pa yo di: -Lè n'ap fè gato ki gen fòm larenn syèl la, lè n'ap ofri lansan ak diven pou li, mari nou toujou dakò ak sa n'ap fè. 20Lè sa a, Jeremi pale ak tout moun sa yo, fanm kou gason, ki te fè l' repons sa yo, li di yo konsa: 21-Wi, nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo, chèf nou yo ak tout lòt moun pèp Izrayèl yo te boule lansan nan tout lavil peyi Jida ak nan tout lari Jerizalèm. Men, pa konprann Seyè a pa t' konn sa, osinon li bliye sa. 22Non. Seyè a pa t' ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pesonn ladan l'. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l' jòdi a. 23Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Seyè a, se paske nou pa t' koute sa li t'ap di nou, se paske nou pa t' mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a. 24Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa: -Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesaj Seyè a. 25Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n'ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n'ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la. 26Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an! 27M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye ankenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò. 28Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm. 29Se mwen menm Seyè a ki di sa: m'ap ban nou yon siy, m'ap pini nou isit la menm. Konsa, n'a konnen malè mwen te pwomèt m'ap voye sou nou an rive vre. 30Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki soti pou touye l' yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te soti pou touye l' la tou.

Jeremi 45

1Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t'ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t'ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa: 2-Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesaj sou ou, Bawouk. 3Ou te di: Ala devenn pou mwen! Seyè a mete lafliksyon sou traka m' te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm! 4Enben, men mesaj Seyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Seyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. m'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè! 5Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!

Jeremi 46

1Men mesaj Seyè a bay pwofèt Jeremi sou lòt nasyon yo: 2Mesaj sou peyi Lejip. Men sa li di sou lame farawon Neko, wa peyi Lejip ki te lavil Kakemich, bò larivyè Lefrat. Se lame sa a Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te bat byen bat. Lè sa a, Jojakim, pitit Ozyas la, te gen katran depi li te wa nan peyi Jida. 3Ofisye lame Lejip la ap bay lòd: -Pare plak pwotèj yo, gwo kou piti, pou pare kou! Annavan pou batay la! 4Sele chwal yo. Kavalye, moute sou yo. Mete nou an ran, kas nou nan tèt nou. File pwent frenn nou yo. Mete rad an fè pou fè lagè nou sou nou. 5Seyè a ap mande: -Kisa nou wè la a? Yo pè, y'ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y'ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè. 6Sa ki kouri yo p'ap sove, vanyan sòlda yo p'ap chape. Nan nò, bò larivyè Lefrat la, yo bite, yo tonbe. 7Kilès sa a k'ap vini tankou dlo nan larivyè Nil k'ap desann, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou? 8Se peyi Lejip k'ap gonfle kò l' konsa, tankou dlo larivyè Nil, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou. Lejip te di: M'ap gonfle, m'ap kouvri tout latè. M'ap kraze tout lavil yo ansanm ak tout moun ki rete ladan yo. 9Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza. 10Paske, sa se jou Seyè ki gen tout pouvwa a. Se jou revanj li. Li pral tire revanj li sou lènmi l' yo. Nepe li pral touye yo jouk li pa kapab ankò. Li pral bwè san yo jouk vant li plen. Se jou y'ap touye bèt yo ofri pou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, nan nò, bò larivyè Lefrat. 11Nou menm moun peyi Lejip, moute nan peyi Galarad, al chache renmèd! Tout renmèd nou yo p'ap fè anyen pou nou. Pa gen geri pou nou. 12Moun lòt nasyon yo pran nouvèl gwo wont ki rive nou an. Toupatou sou latè yo tande rèl nou. Vanyan sòlda yo ap bite yonn sou lòt, y'ap tonbe atè ansanm. 13Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi lè Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te vin atake peyi Lejip la: 14-Fè piblikasyon nan tout peyi Lejip la. Fè tout moun lavil Migdòl, lavil Menmfis ak lavil Tapanès konnen. Di yo: Leve non, pare pou defann nou. Lagè fin detwi tou sa ki bò kote nou. 15Poukisa Apis, towo bèf ki bondye nou an, kouri met deyò? Poukisa towo bèf nou an pa kenbe tèt? Se Seyè a ki lage l' atè! 16Li fè sòlda yo bite, yo tonbe yonn sou lòt. Yonn ap di lòt: Leve non! Ann tounen lakay nou, nan peyi nou! Ann chape anba nepe lènmi yo! 17Yo bay farawon an, wa Lejip la, yon lòt non. Yo rele l': Paladò. Li kite lè a pase! 18Mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m' di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a. 19Nou menm moun peyi Lejip, mare pakèt nou pou yo depòte nou! Lavil Menmfis pral tounen yon dezè, yon bann miray kraze, san pesonn ladan l'. 20Peyi Lejip te tankou yon bèl gazèl. Men, yon tanwouan soti nan nò vin atake l'. 21Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo. 22Peyi Lejip ap tankou koulèv k'ap kouri pou moun, l'ap kouri ale lè lame lènmi l' yo ap pwoche. Y'ap atake l' ak rach tankou moun k'ap koupe pyebwa. 23Yo mete tout gwo rakbwa yo atè, rakbwa kote moun pa t' ka antre a. Lènmi yo anpil, ou pa ka konte yo. Sòlda yo pi plis pase yon lame krikèt. Se Seyè a menm ki di sa. 24Moun Lejip yo wont, pèp ki soti nan nò a kraze yo. 25Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l' yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li. 26M'ap lage yo nan men moun ki soti pou touye yo a, nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ak lame moun pa l' yo. Men, apre sa, moun va rete nan peyi Lejip la tankou nan tan lontan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 27Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò. 28Nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an, nou pa bezwen pè. M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye nou yo. Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain