Jou 228 sou 365
Jeremi 40–43
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jeremi 40
1Seyè a pale ak Jeremi ankò apre Neboucharadan, chèf lagad la, te lage l' lavil Rama. Yo te fè Jeremi prizonye ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo. Yo te mete l' nan chenn ansanm ak tout moun yo t'ap depòte lavil Babilòn. 2Chèf lagad la pran Jeremi sou kote, li di l' konsa: -Seyè a, Bondye ou la, te di li t'ap fè malè sa a tonbe sou peyi a. 3Koulye a sa li te di li t'ap fè a, li fè l'. Sa ki lakòz? Se paske pèp ou a te antò devan Seyè a, yo pa t' vle koute l'. 4Atòkile, m'ap wete chenn ki nan ponyèt ou yo, m'ap lage ou. Si ou vle vini ak mwen lavil Babilòn, ou mèt vini, m'a pran swen ou. Men, si ou pa vle tou, ou pa blije vini. Tout peyi a devan ou, ou mèt ale kote ou vle. 5Lè Neboucharadan wè Jeremi pa reponn, li di l' ankò: -Tounen al jwenn Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, lavil Mispa. Se li menm wa Babilòn lan mete pou gouvènen tout lavil nan peyi Jida yo. W'a rete avè l' nan mitan pèp la. Ou gen dwa tou ale kote ou vle nan peyi a. Lèfini, li bay Jeremi yon kado ansanm ak kèk pwovizyon pou l' manje, epi li voye l' ale. 6Jeremi al jwenn Gedalya, pitit Akikam lan, lavil Mispa. Li rete la avè l' ansanm ak moun yo te kite nan peyi a. 7Te gen yon rès lame peyi Jida a ki te andeyò lavil Jerizalèm. Chèf yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya, pitit Akikam lan, chèf sou tout peyi a. Wa a te kite tout moun yo pa t' depòte yo sou kont li, tout moun pòv yo, fanm kou gason, granmoun kou timoun. 8Se konsa, Izmayèl, pitit Netanya, Jokanan ak Jonatan, pitit Karejak, Seraya, pitit Tannoumèt, pitit Efayi yo, moun lavil Netofa, ansanm ak Jezanya, pitit Makat, yo moute lavil Mispa, y' al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo. 9Gedalya di yo konsa: -Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt nou devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sèvi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou. 10Mwen menm, m'ap rete isit lavil Mispa. Konsa, m'a pale pou nou ak moun Babilòn yo lè y'a vini. Nou menm, nou mèt al fè rekòt rezen, lòt fwi ak lwil. Mete yo nan depo. Nou mèt rete nan lavil kote n'a ye yo. 11Konsa tou, tout jwif ki te nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon ak nan tout lòt peyi vin konnen wa Babilòn lan te penmèt kèk jwif rete nan peyi Jida, li te mete Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, chèf sou yo tout. 12Yo kite peyi kote yo te gaye yo, yo tounen nan peyi Jida, yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa. Yo fè yon bèl rekòt rezen ak lòt fwi an kantite. 13Yon jou, Jokanan, pitit Karejak, ansanm ak tout lòt chèf lame ki te andeyò yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa. 14Yo di l' konsa: -Ou pa konnen Baalis, wa peyi Amon an, voye Izmayèl, pitit Netanya a, pou touye ou? Men Gedalya pa t' vle kwè yo. 15Lè sa a, Jokanan al jwenn Gedalya an kachèt lavil Mispa, li di l' konsa: -Eske ou vle m' al touye Izmayèl pou ou? Pesonn p'ap konn anyen. Poukisa pou ou kite l' ansasinen ou? Si li touye ou, sa pral lakòz tout jwif ki te sanble bò kote ou yo pral gaye ankò. Sa pral lakòz ti ponyen moun ki rete nan peyi Jida a rive disparèt. 16Men, Gedalya reponn: -Pa fè sa, monchè! Sa w'ap di sou Izmayèl la pa vre!
Jeremi 41
1Nan setyèm mwa a, Izmayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Izmayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya, 2Izmayèl leve ansanm ak dis moun li yo, yo rale nepe yo, yo touye Gedalya, nonm wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a. 3Apre sa, yo touye tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou. 4Yo te fin ansasinen Gedalya a depi de jou, nouvèl la pa t' ankò gaye. 5Se konsa katreven gason ki te soti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan tanp Jerizalèm lan. 6Izmayèl kite Mispa, li soti al kontre yo, de ran dlo nan je l'. Lè li rive sou yo li di konsa: -Vini non, ann al kay Gedalya! 7Men rive yo rive nan mitan lavil Mispa, Izmayèl ansanm ak mesye l' yo touye yo, lèfini yo lage kadav yo nan yon sitèn. 8Men gen dis nan moun sa yo ki te di Izmayèl konsa: -Pa touye nou paske nou gen pwovizyon kache nan jaden nou yo, ble, lòj, lwil ak siwo myèl. Se konsa Izmayèl pa t' touye sa yo ansanm ak lòt yo. 9Sitèn kote Izmayèl te jete kadav moun li te touye yo, se gwo sitèn wa Asa te fè fouye lè Basa, wa peyi Izrayèl la, te vin atake l' la. Se sitèn sa a Izmayèl te plen ak kadav yo. 10Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo. 11Jokanan, pitit Karejak la, ansanm ak lòt chèf lame ki te avè l' yo vin konnen tout mechanste Izmayèl, pitit Netanya a, te fè. 12Yo pran tout sòlda yo, yo pati dèyè l'. Yo jwenn li bò gwo letan Gabawon an. 13Lè moun Izmayèl te fè prizonye yo wè Jokanan avèk chèf lame ki avè l' yo, yo te kontan. 14Lè sa a, tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa yo kase tèt tounen, yo kouri vin jwenn Jokanan. 15Izmayèl menm ansanm ak wit nan moun pa l' yo kouri pou Jokanan, yo chape kò yo nan peyi Amon an. 16Apre sa, Jokanan ak chèf lame ki te avè l' yo pran sou kont yo tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa apre li menm Izmayèl te fin touye Gedalya a. Jokanan pran avè l' gason yo, ki vle di sòlda yo, fanm yo, timoun yo, moun konfyans yo, tout moun li te jwenn lavil Gabawon. 17Yo fè yon ti rete nan lotèl Kimean an, toupre lavil Betleyèm. Yo te fè lide desann peyi Lejip 18paske yo te pè moun Babilòn yo, depi Izmayèl te fin touye Gedalya, moun wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.
Jeremi 42
1Lè sa a, tout chèf lame yo ansanm ak Jokanan, pitit Kareja a, ak Jezanya, pitit Ochaya a ak tout moun yo, gran kou piti, y' al bò kot pwofèt Jeremi, 2yo di l' konsa: -Tanpri, fè sa n'ap mande ou la a. Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou. Lapriyè pou ti rès moun ki chape yo. Paske, jan ou ka wè l' la, nou te anpil, koulye a se yon ti ponyen moun nou ye. 3Mande Seyè a, Bondye ou la, pou l' fè nou konnen ki chimen pou n' pran, kisa pou n' fè. 4Jeremi reponn yo: -Dakò. Mwen pral lapriyè Seyè a, Bondye nou an, jan nou mande m' lan. Apre sa, m'a fè nou konnen repons Seyè a ban nou. Mwen p'ap kache nou anyen. 5Yo di Jeremi konsa: -Si nou pa fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va di ou pou nou fè, se pou Seyè a kanpe pou l' akize nou. Lè sa a, l'a gen rezon l' nan pla men l'. 6Se nou menm ki mande ou pou lapriyè Seyè a pou nou. Kit sa fè nou plezi, kit sa pa fè nou plezi, se pou nou koute sa Seyè a, Bondye nou an, va di nou. Konsa, tout bagay va mache byen pou nou, si nou koute l'. 7Dis jou apre, Seyè a bay Jeremi repons lan. 8Jeremi rele Jokanan, pitit Karejak la, ak tout lòt chèf lame ki te avè l' yo ansanm ak tout pèp la, gran kou piti. 9Li di yo: -Nou te voye m' al lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou m' te mande l' kichòy pou nou. Men repons li bay: 10Si nou vle rete nan peyi sa a, m'ap mete nou kanpe ankò. Mwen p'ap kraze nou. M'ap fè nou pran rasin ankò, mwen p'ap dechouke nou. Paske malè mwen te voye sou nou an ban m' gwo lapenn. 11Koulye a, nou pa bezwen tranble devan wa Babilòn lan. Nou pa bezwen pè l'. Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale ak nou. Mwen la avèk nou pou sove nou, pou delivre nou anba men l'. 12Paske mwen gen bon kè, m'a fè l' gen pitye pou nou, l'a kite nou tounen lakay nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 13Jeremi di yo ankò: -Si nou pa koute sa Seyè a, Bondye nou an, fè nou konnen, si nou di: Non, nou p'ap rete nan peyi a! 14Non! Se nan peyi Lejip nou pral viv, kote nou p'ap wè lagè, kote nou p'ap tande twonpèt k'ap bay siyal lagè a, kote nou p'ap soufri grangou. Se la pou n' al viv. 15Enben, nou menm ti ponyen moun ki rete nan moun Jida yo, koute byen sa Seyè a di nou: Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay: Si nou soti vre pou nou ale nan peyi Lejip, si nou desann nan peyi sa a pou nou rete, 16enben, lagè k'ap fè nou pè a ap rive jwenn nou jouk laba nan peyi Lejip la. Grangou k'ap ban nou tout tèt chaje sa yo pral swiv nou jouk laba a. N'ap mouri nan peyi Lejip. 17Tout moun ki soti vre pou y' ale nan peyi Lejip pou yo ka rete viv la pral mouri nan lagè, grangou pral touye yo, move maladi ap fini ak yo nèt. Lè sa a, nou yonn p'ap chape anba malè m'ap voye sou nou an. 18Wi! Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay ankò: Menm jan mwen te move anpil sou moun lavil Jerizalèm yo, se menm jan an tou m'ap move anpil sou nou si nou desann peyi Lejip. Konsa, moun va sezi wè nou, y'a vire tèt yo pou yo pa gade nou. Y'a pase nou nan betiz, y'a sèvi ak non nou pou bay madichon. Nou p'ap janm wè peyi sa a ankò. 19Wi, men sa Seyè a voye fè nou konnen, nou menm ti ponyen ki rete nan peyi Jida a. Piga nou desann nan peyi Lejip. Mwen tou pale nou jòdi a. 20Se pi gwo erè nou te fè. Lè nou te mande m' al lapriyè Seyè a, Bondye nou an, pou nou, nou te di m': Lapriyè li pou nou. W'a fè nou konnen tou sa l'a di ou, epi n'a fè l'. 21Jòdi a, mwen fè nou konnen repons li, men nou pa vle koute anyen nan sa li voye m' di nou an. 22Enben, konn sa byen, nou pral mouri nan lagè, grangou ap touye nou, move maladi ap fini ak nou nan peyi kote nou vle al rete a.
Jeremi 43
1Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Seyè a, Bondye yo a, te voye l' di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a, 2Azarya, pitit Ochaya a, Jokanan, pitit Kareyak la, ansanm ak tout lòt mesye awogan yo di Jeremi konsa: -Manti! Seyè a, Bondye nou an, pa kras voye ou di nou pa desann al rete nan peyi Lejip. 3Se Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn. 4Se konsa, Jokanan, pitit Kareyak la, lòt chèf lame yo ansanm ak tout rès pèp la derefize koute pawòl Seyè a ki te di yo pou yo rete nan peyi Jida a. 5Lè sa a, Jokanan ak tout lòt chèf lame yo pran dènye moun ki te rete nan peyi Jida a, yo pati. Yo mennen tout moun ki te kite lòt peyi kote yo te gaye yo pou tounen vin viv nan peyi Jida a, 6fanm kou gason, tout timoun yo, tout pitit fi wa a. Yo mennen tout moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite avèk Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan. Yo pran pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, pitit Nerija a, avèk yo tou. 7Yo pa koute lòd Seyè a, yo rive jouk lavil Tapanès. 8Antan yo te lavil Tapanès, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: 9-Pran kèk gwo wòch, antere yo nan mòtye pave ki devan pòt pou antre kay farawon an, lavil Tapanès. W'a fè l' pou moun peyi Jida yo wè ou ap fè l'. 10Lèfini, w'a di yo: men mesaj Seyè ki gen pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral voye chache sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, mwen pral enstale fotèy li a nan anplasman kote wòch yo antere isit la. Se la l'a moute tant li a anwo yo. 11Lè l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l' fè touye yo, l'a fè touye yo. 12L'a mete dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l'. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l' blanch. Lèfini, l'ap vire do l' san pesonn pa di l' anyen. 13L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Eliopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
