Jou 218 sou 365

Jeremi 9–11

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Jeremi 9

1Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m' yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m' kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an! 2Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m' rete nan mitan dezè a, pou m' manyè kite pèp mwen an, pou m' al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye. 3Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m' ankò. Se Seyè a menm ki di sa. 4Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang. 5Yo tout ap woule zanmi yo. Pesonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste. 6Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Seyè a menm ki di sa. 7Se poutèt sa, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral pase yo nan dife pou m' netwaye yo tankou yo fè l' pou lò. Mwen pral sonde yo. Pèp mwen an fè twòp mechanste. Pou jan yo fè mechanste, se sa m' bliye m' p'ap fè yo. 8Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo. 9Atò pou m' pa ta pini yo pou tout bagay sa yo? Atò pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se Seyè a menm ki di sa. 10Mwen di: -Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pesonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwezo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y' ale. 11M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pesonn ladan yo. 12Mwen mande ki moun gen lespri ase pou konprann sa k'ap rive la a? Ki moun Seyè a te esplike bagay sa yo? Se pou l' fè moun konnen poukisa peyi a fini konsa, poukisa li boule tankou dezè a, poukisa pa gen pesonn ladan l' ankò. 13Seyè a reponn mwen: -Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m'. Yo pa fè sa m' te di yo fè. 14Yo fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an. 15Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m' di: Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje, mwen pral ba yo dlo anpwazonnen pou yo bwè. 16Mwen pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pa t' janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt. 17Men sa Seyè a di ankò: -Kalkile sou sa ki gen pou rive a! Rele medam yo pou yo vin kenbe rèl la pou nou! Voye chache sa ki konn rele yo! Fè yo vini! 18Pèp la di: Di yo fè vit vin plenn sò nou! Annou kriye, annou fè je nou kouri dlo! 19Tande rèl moun yo sou mòn Siyon an. -Woy! Woy! Gade jan nou fini! Ala wont nou wont! Se pou nou kite peyi nou an! Yo kraze tout kay nou yo. 20Mwen di: -Nou menm medam, koute sa Seyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap soti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele. 21Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo. 22Seyè a di: -Kadav yo gaye toupatou, tankou fimye yo simen nan jaden, tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè. Pa gen pesonn pou ranmase yo. 23Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich. 24Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m', dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m' plezi. Se mwen Seyè a ki di sa. 25Seyè a di ankò: -Yon jou pral rive kote mwen pral regle moun ki pote mak kontra m' lan sou kò yo, men ki pa konnen m' nan kè yo: 26moun peyi Lejip yo, moun peyi Jida yo, moun peyi Edon yo, moun peyi Amon yo, moun peyi Moab yo, moun ki koupe cheve yo kout epi ki rete nan dezè a. Yo yonn pa kenbe kontra m' lan. Wi, ni moun peyi sa yo ni moun pèp Izrayèl yo, yo yonn pa kenbe kontra m' lan.

Jeremi 10

1Men, koute sa Seyè a di sou nou, nou menm moun pèp Izrayèl yo. 2Li di konsa: -Piga nou swiv lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la. Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa. 3Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo. 4Yo dekore l' ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l' pou fè l' kanpe pou l' pa tonbe. 5Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal. 6Seyè, pa gen tankou ou! Ou gen pouvwa. Yo respekte ou pou sa ou fè. 7Ou se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou! Nan tout moun lespri ki sou latè, nan tout chèf yo, pa gen tankou ou! 8Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa? 9Ajan an, se nan peyi Tasis li soti an fèy plat. Lò a soti nan peyi Oufaz. Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon. Yo pran twal violèt ak twal wouj pou fè rad mete sou zidòl yo. Sa tou, se atizan ki fè yo ak men. 10Men ou menm Seyè, ou se Bondye tout bon an, Bondye vivan an, Wa ki la pou tout tan an. Lè ou ankòlè, tout latè pran tranble, nasyon yo pa ka sipòte. 11Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la. 12Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè. 13Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde. Li fè gwo nwaj yo moute soti toupatou. Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini. Li fè van yo soti kote li te sere yo. 14Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo. 15Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Seyè a ap vin regle ak yo. 16Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. 17Nou menm moun lavil Jerizalèm, lènmi sènen nou toupatou. Ranmase pakèt nou! 18Men sa Seyè a di nou: Fwa sa a mwen pral mete nou deyò nan peyi a. M'ap bare chemen nou pou nou yonn pa chape. 19Moun Jerizalèm yo rele: -Ki malè sa a pou nou! Nou pran! Pa gen anyen ki ka sove nou! Nou te kwè se yon malè nou ta ka sipòte. 20Yo ravaje tout tant nou yo. Yo koupe tout kòd ki te kenbe yo. Nou pèdi tout pitit nou yo, yo pote yo ale. Pa gen pesonn pou mete tant nou yo kanpe ankò, pesonn pou moute rido nou yo. 21Mwen reponn: -Chèf nou yo fin pèdi tèt yo. Yo pa mande Bondye konsèy. Se poutèt sa yo pa t' kapab fè anyen. Yo kite pèp la andebandad. 22Koute non! Nouvèl la ap kouri vini! Gen yon gwo mouvman nan peyi bò nò a. Lame l' yo pral fè lavil peyi Jida yo tounen mazi, kote bèt nan bwa rete. 23Seyè, mwen konnen pesonn pa mèt tèt yo, pesonn pa ka kontwole kote yo prale. 24Korije pèp ou a, Seyè. Men, pa peze l' twòp! Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l'. 25Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.

Jeremi 11

1Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: 2-Koute kondisyon nou te pase nan kontra a. W'a pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo. 3W'a di yo men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Madichon pou tout moun ki pa kenbe kondisyon ki nan kontra a. 4Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m', se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou. 5Lè sa a m'a kenbe pwomès ak gwo sèman mwen te fè bay zansèt nou yo, pou m' te ba yo yon bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo. Se peyi sa a ki pa nou jòdi a! Mwen reponn: -Se vre, Seyè! 6Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Al repete tout pawòl sa yo byen fò nan zòrèy moun lavil peyi Jida yo, ak nan zòrèy moun nan tout lari lavil Jerizalèm. Di yo: Koute kondisyon ki nan kontra a. Fè tou sa ki ladan l'. 7Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m' dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m' te di yo! 8Men yo pa tande, zòrèy yo bouche. Mwen te mande yo pou yo te fè tou sa mwen te ba yo lòd fè nan kontra a, men yo derefize. Se konsa mwen pini yo jan m' te di yo sa nan kontra a. 9Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Moun Jida ak moun lavil Jerizalèm moute konplo sou do mwen. 10Yo tonbe ankò nan menm peche ak zansèt yo ki te refize koute sa m' t'ap di yo. Yo menm tou, yo kouri dèyè lòt bondye pou fè sèvis pou yo. Ni moun peyi Izrayèl yo, ni moun peyi Jida yo pa kenbe kontra mwen te pase ak zansèt yo a. 11Enben! Se mwen menm Seyè a k'ap pale: Mwen pral voye yon malè sou yo. Yo p'ap ka chape anba l'. Y'a kriye nan pye m', mwen p'ap koute yo. 12Lè sa a, se pou moun peyi Jida yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo al kriye nan pye bondye y'ap sèvi yo. Se pa pou yo yo te konn boule ofrann yo! Tansèlman, bondye sa yo p'ap ka sove yo lè malè a va rive sou yo. 13Nou menm moun peyi Jida, nou gen yon bondye pou chak lavil nan peyi a! Nou menm moun lavil Jerizalèm, mezi lari nou genyen se mezi lotèl nou bati pou boule ofrann pou Baal, zidòl k'ap fè nou wont la! 14Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m' lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo. 15Seyè a di ankò: -Pèp mwen renmen anpil la gen move lide dèyè tèt yo. Ki dwa yo genyen pou yo vin nan Tanp mwen an? Yo gen lè konprann yo ka egzante malè k'ap vin sou yo a avèk bèl pwomès y'ap fè m' yo, yo ka chape anba l' avèk vyann anpil bèt y'ap ofri pou mwen yo, apre sa pou y' al pran plezi yo? 16Yon lè, mwen te rele yo: Bèl pye oliv mwen an, plen fèy, chaje donn. Men, koulye a, m'ap vini ak yon bri loraj, m'ap mete dife nan fèy li yo, m'ap kase tout branch li yo. 17Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men koulye a, mwen pran desizyon pou m' voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l' avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m' fache paske y' al boule ofrann pou Baal! 18Seyè a fè m' konnen yo t'ap moute yon konplo sou do mwen. Li fè m' wè jan yo t'ap manniganse sou do m' pou yo pran m'. 19Mwen menm, mwen te tankou yon ti mouton tou dou yo t'ap mennen labatwa, mwen pa t' konnen se sou do m' yo t'ap konplote konsa lè yo t'ap di: Annou koupe pyebwa ki byen kanpe a. Ann disparèt li sou latè pou pesonn pa chonje l' ankò. 20Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, ou se yon jij ki pa nan patipri. Ou sonde tou sa ki nan kè ak nan lide moun. Mwen lage kòz mwen nan men ou. Fè m' wè jan w'ap tire revanj ou sou yo. 21Mesye lavil Anatòt yo te soti pou yo touye m'. Yo di m' konsa: O wi, si ou louvri bouch ou pou pale nan non Seyè a ankò, n'ap touye ou. 22Enben, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: M' pral regle ak yo! Jenn gason yo pral mouri nan lagè. Pitit gason ak pitit fi yo pral mouri grangou. 23Lè lè a va rive pou yo peye pou sa yo fè a, m'ap voye yon sèl malè sou moun lavil Anatòt yo. Yo yonn p'ap chape.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain