Jou 217 sou 365
Jeremi 6–8
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jeremi 6
1Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou soti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap soti nan nò pandye sou tèt nou. 2Ou menm lavil Jerizalèm, atout ou bèl la, atout tout moun renmen ou lan, yo pral detwi ou. 3Wa yo ap moute vin sènen lavil la ak lame yo. Yo pral moute tant yo fè wonn li, chak moun bò pa yo. 4Yo di tout moun Bondye bay lòd atake lavil Jerizalèm: Leve non! Ann al atake l' gwo midi. Men, apre sa yo di: Gade malè ki rive nou non! Solèy gen tan ap kouche. Konmanse fènwa. 5Leve non! Ann al atake l' gwo lannwit. Nou pral detwi tout gwo bèl kay li yo. 6Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di wa yo: -Koupe bwa, bwote tè, fè gwo bit nan pye miray lavil Jerizalèm. M'ap regle lavil la, paske nan tout lavil la se gwo k'ap peze piti. 7Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'. 8Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m' lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pesonn pa rete. 9Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la, menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini. Y'ap pase men pran yo tout, tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen. 10Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande. 11Kòlè Seyè a ap bouyi nan kè m' tou, m' pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Seyè a di m': -Al pase kòlè m' sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape. 12Y'ap pran kay yo ansanm ak jaden yo ak madanm yo bay lòt moun. Mwen pral pini moun ki rete nan peyi a. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 13Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. 14Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache. 15Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 16Men sa Seyè a di ankò: -Rete non sou kous nou! Gade byen! Mande kote ansyen chemen yo te pase. Mande kote bon wout la ye. Pran l'. Lè sa a n'a viv ak kè poze. Men yo di: Non, nou p'ap fè sa! 17Apre sa, Seyè a chwazi faksyonnè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande. 18Se poutèt sa, Seyè a di ankò: -Nou menm, moun lòt nasyon yo, koute! Nou menm ki sanble la a, vin tande sa ki pral rive pèp mwen an. 19Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l' ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a. 20Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen. 21Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: M'ap mete antrav sou chemen nou. N'ap bite. Papa pral mouri ansanm ak pitit gason yo. Tout zanmi yo, tout vwazinaj yo pral mouri tou. 22Men sa Seyè a di ankò: -Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè. 23Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an. 24Moun lavil Jerizalèm yo ap di: -Nou pran nouvèl la. De bra nou kase, kè nou sere. N'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche. 25Piga pesonn soti al nan jaden. Piga pesonn al mache sou granchemen yo, paske lènmi nou yo gen zam nan men yo. Kote moun pase yo pè. 26Seyè a pale ak pèp li a, li di l': -Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti. 27Ou menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an, pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo. 28Se yon bann move moun ki pa soti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje. 29Y'ap vante dife a byen fò nan fòj la. Dife a fè tout plon yo disparèt. Men, pou pèp mwen an, ou te mèt fonn yo sou fonn, kras yo p'ap soti, move grenn yo p'ap disparèt. 30Yo rele yo vye lajan san valè, paske mwen menm Seyè a, mwen voye yo jete.
Jeremi 7
1Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa: 2-Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n' al fè sèvis pou Seyè a, koute sa Seyè a voye di nou. 3Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m' ka kite nou viv isit la. 4Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Sa se gwo kay Seyè a! Anyen p'ap rive nou la. 5Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri. 6Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou. 7Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan. 8Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen. 9Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan. 10Lèfini, n'ap vin kanpe devan m' nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè? 11Sanble nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 12Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m' te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m' te fè l' poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a. 13Koulye a menm, gade tou sa nou fè. Se Seyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m'. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn. 14Enben! Sa m' te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an. 15M'ap wete nou devan je m', menm jan mwen te voye tout frè nou yo, tout moun branch fanmi Efrayim yo, jete byen lwen. 16Seyè a di ankò: -Jeremi monchè, ou pa bezwen lapriyè nan pye m' pou pèp sa a. Ou pa bezwen rele, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Pa vin plede kòz yo bò kote m'. Paske mwen p'ap koute ou. 17Ou pa wè sa y'ap fè nan lavil peyi Jida yo, ak nan lari lavil Jerizalèm? 18Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin pou fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap ofri diven vide atè pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou yo fè m' lapenn. 19Men, se pa mwen y'ap fè mal. Se Seyè a menm ki di sa. Se pwòp tèt yo menm y'ap fè mal, se tèt yo y'ap fè wont. 20Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen. 21Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Pran tout vyann nou te konn ofri pou boule nan dife, mete yo sou vyann bèt nou touye yo. Lèfini, manje tout. 22Lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti peyi Lejip, mwen pa t' ba yo ankenn lòd sou bèt pou yo te boule nan dife pou mwen, ni sou bèt pou yo te touye pou mwen. 23Sèl bagay mwen te mande yo, se pou yo te koute m' lè m'ap pale ak yo. Konsa m'a toujou Bondye yo. Yo menm y'a pèp mwen. Mwen te di pou yo te swiv chemen mwen t'ap mete devan yo, pou tout bagay te ka mache byen pou yo. 24Men, yo pa t' vle koute m', yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal. 25Depi jou zansèt nou yo te soti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen toujou voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou pale ak nou. 26Men, pesonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo. 27Se poutèt sa, Jeremi, ou pral di yo tou sa, men yo p'ap koute ou. W'ap rele yo, men yo p'ap reponn. 28W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Seyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pesonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò. 29Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Seyè a pa vle wè moun ki fè l' fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete. 30Moun peyi Jida yo fè sa ki mal devan je m'. Se Seyè a menm ki di sa: Yo pran zidòl yo, yo enstale yo nan kay yo te mete apa pou mwen an. Konsa, li pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò. 31Nan Fon Benninon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen p'ap mande yo fè, bagay ki pa janm vin nan lide m' pou m' mande yo fè. 32Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè a, mwen di: Yon lè yo p'ap rele kote sa a Tofèt, osinon Fon Benninon, men Fon Masak: Se la y'a antere moun, paske p'ap gen plas lòt kote ankò pou antere yo. 33Kadav moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pesonn pou pouse bèt yo ale. 34Peyi a pral tounen yon dezè. Nan lavil peyi Jida yo ak nan lari lavil Jerizalèm, ou p'ap tande yon moun ap pran plezi l', ou p'ap tande yon moun ap ri. p'ap menm gen fèt pou moun marye yo. Se mwen menm k'ap fè tou sa rive.
Jeremi 8
1Men sa Seyè a di ankò: -Lè sa a, yo pral detere zosman wa Jida yo, zosman chèf li yo, zosman prèt yo, zosman pwofèt yo, zosman tout moun ki te rete lavil Jerizalèm yo. 2Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a. 3Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a règrèt yo pa t' mouri pito. Se Seyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. 4W'a di yo pou mwen men pawòl ki soti nan bouch Seyè a: Lè yon moun tonbe, èske li pa leve ankò? Lè yon moun pèdi chemen l', èske li pa tounen kote l' soti a? 5Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen. 6M' pare zòrèy mwen pou m' tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo. 7Ata zwezo yo rele sigòy yo konnen lè pou yo tounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv yo. 8Ki jan nou ka fè di nou gen bon konprann, lalwa Seyè a avèk nou? Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt. Avèk bèl pawòl yo, yo fè l' di sa li pa di. 9Nou fè moun ki gen bon konprann yo wont. Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo. Yo voye pawòl Seyè a jete. Kote bon konprann yo koulye a? 10Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. 11Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje! Epi, manti! Anyen p'ap mache. 12Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa. 13Mwen te soti pou m' te ranmase pèp mwen an tankou moun k'ap ranmase rekòt li. Men, yo te tankou pye rezen san yon rezen ladan l', tankou pye fig frans san yon fig frans ladan l'. Se poutèt sa m' kite etranje pran peyi a nan men yo. 14Pèp la menm ap di: -Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Seyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n' mouri. Li ban nou pwazon pou n' bwè, paske nou antò devan li. 15Nou t'ap tann li ban nou kè poze ak lasante. Men anyen pa mache. Nou t'ap tann li vin geri nou, men se pè l'ap fè nou pè. 16Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l'. L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo. 17Seyè a di ankò: -Men m'ap lage sèpan dèyè nou, move sèpan nou p'ap ka chame. Y'ap mòde nou. 18Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m' ap fann! 19Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen. 20Pèp la ap rele: -Sezon chalè a fini. Sezon rekòt la pase. Nou pa sove jouk koulye a! 21Kè m' ap fann lè m' wè jan y'ap kraze pèp mwen an. M' pa wè sa pou m' fè ankò! M' dekouraje nèt. 22Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
