Jou 216 sou 365
Jeremi 4–5
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Jeremi 4
1Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m', si nou sispann lage kò nou nan raje, 2si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m' pou beni yo, y'a fè lwanj mwen. 3Men sa Seyè a di moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo: Fè bwa nèf. Pa plante nan pikan. 4Nou menm ki pote mak kontra m' lan nan kò nou, kenbe kontra nou fè avè m' lan. Louvri kè nou ban mwen, nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm. Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè. Tankou yon dife, m'ap boule nou, poutèt tout move bagay nou fè yo. Lè sa a, pesonn p'ap ka sove nou anba men m'. 5Mache pale tout moun nan peyi Jida a. Fè moun Jerizalèm yo konn sa. Avèti yo! Kònen twonpèt nan tout peyi a. Rele byen fò. Di yo pou yo sanble, pou yo kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo. 6Ba yo direksyon mòn Siyon an! Kouri al kache! Pa mize sou wout! Mwen menm, Seyè a, m' ap fè yon malè soti nan nò. Li pral fè gwo dega. 7Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo. 8Se poutèt sa, mete rad sak sou nou! Kriye! Plenn sò nou! Paske se pa ti move Seyè a move, li p'ap fè pa nou! 9Seyè a di konsa: -Jou sa a, wa a ansanm ak chèf li yo ap pèdi kouraj. Prèt yo pral sezi, pwofèt yo p'ap konn sa pou yo di. 10Lè sa a, mwen di: Aaa! Seyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo. 11Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle soti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn. 12Men se yon gwo van m'ap fè soti laba a. Koulye a se mwen menm, Seyè a, ki pral ba yo santans yo. 13Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nwaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou! 14Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou? 15Depi lavil Dann y'ap bay nouvèl la. Depi sou mòn Efrayim lan y'ap anonse malè a. 16Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l'. Lènmi ap soti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo. 17Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Seyè a. Se Seyè a menm ki di sa. 18Jida, se lenkondite ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa. Se mechanste ou ki fè sa rive ou. Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè. 19Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo. 20Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo. 21Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a? 22Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen. 23Mwen gade tè a: Pa yon pyebwa! Anyen menm! Mwen gade syèl la: Pa yon ti limyè! 24Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agoch! 25Mwen gade, m' pa wè yon moun. Tout zwazo yo met deyò. 26Bèl jaden yo tounen dezè. Tout lavil yo boule ratè. Se travay Seyè a, paske Seyè a move anpil. 27Men sa Seyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l' nèt. 28Tè a nan lapenn. Syèl la tou nwa. Seyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di. Li fin pran desizyon l', li p'ap chanje lide. 29Lè yo tande bri kavalye yo ak mesye k'ap tire flèch yo, tout moun nan lavil la pran kouri. Gen ki kouri al kache nan bwa. Gen ki kouri moute nan wòch yo. Tout lavil yo san moun ladan yo. Pa gen yon moun ki rete la ankò. 30Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou. 31Mwen tande yon rèl, tankou rèl fanm ki gen tranche, rèl fanm k'ap fè premye pitit li. Se rèl moun lavil Jerizalèm yo k'ap chache pran souf. Y'ap lonje men yo. Y'ap rele: -Anmwe! Nou pa kapab ankò! Men y'ap fin touye nou.
Jeremi 5
1Mache toupatou nan lavil Jerizalèm. Louvri je nou! Gade sa k'ap fèt! Chache sou tout plas piblik yo! Eske nou jwenn yon nonm, yon sèl k'ap fè sa ki dwat, ki p'ap chache twonpe Bondye? Si nou jwenn yonn, m'ap padonnen tout lavil la. 2Yo te mèt pran non m' pou fè sèman, se pou twonpe moun. 3Seyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou! 4Mwen di nan kè m': Se yon bann tèt mare ki pa konprann anyen, yo fin fou! Yo pa konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. 5Mwen pral jwenn grannèg yo, m'a pale ak yo. Sèten, yo menm yo konnen ni sa Seyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. Men, pa gen yonn ladan yo ki rekonèt otorite Bondye ankò. Yo tout ap fè sa yo pito. 6Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatcha li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye! 7Nan kondisyon sa a, ki jan pou m' ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès. 8Yo tankou poulen chwal byen gra ki cho dèyè jiman. Y'ap plede kouri dèyè madanm frè parèy yo. 9Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Seyè a ki di sa 10Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye. 11Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 12Wi, yo nye Seyè a. Y'ap plede di: Seyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou! 13Pwofèt yo p'ap di anyen la a. Se pa Bondye k'ap pale nan bouch yo. Malè yo wè a, se sou yo pou l' tonbe. 14Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m': -Jeremi, poutèt sa yo di a, m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife. Yo menm, y'ap tankou fachin. Dife a pral boule yo nèt. 15Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm, pèp Izrayèl, Seyè a pral fè yon nasyon soti byen lwen vin atake nou, yon nasyon ki fò, yon nasyon ki la depi lontan, yon nasyon ki pale yon lang nou pa konnen, yon nasyon nou p'ap konprann sa y'ap di. 16Sòlda k'ap tire flèch yo se vanyan gason yo ye, y'ap touye moun san gad dèyè. 17Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe. 18Men sa Seyè a di ankò: -Men, menm lè sa a, mwen p'ap detwi pèp mwen an nèt. 19Lè y'a mande poukisa Seyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou. 20Seyè a di ankò: -Men sa pou ou di moun fanmi Jakòb yo. Men sa pou ou fè moun Jida yo konnen. Di yo konsa: 21Louvri zòrèy nou byen pou nou tande, bann egare san konprann! Nou gen je, men nou pa ka wè. Nou gen zòrèy, men nou pa ka tande. 22Se Seyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l'. 23Men pèp la gen tèt di, yo pa vle koute. Yo vire do ban mwen, y' al kite m'. 24Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n' gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne. 25Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo. 26Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwezo. Yo mete pèlen pou pran moun. 27Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa. 28Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere. 29Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 30Sa k'ap pase nan peyi a, se bagay pou moun mete men nan tèt, bagay pou fè moun pè. 31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
