Jou 208 sou 365
Ezayi 44–46
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Ezayi 44
1Seyè a di ankò: -Koute m' byen koulye a, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an. 2Men sa Seyè ki te kreye nou an, Seyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: -Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an. 3M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo. 4Yo pral pouse tankou zèb ki jwenn lapli, tankou banbou bò larivyè. 5Yonn apre lòt, moun yo pral di: -Se pou Seyè a mwen ye! Y'a vin mete tèt yo ansanm ak fanmi Jakòb yo. Yo tout pral make non Seyè a nan pla men yo. Y'a di se moun pèp Izrayèl la yo ye tou. 6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl. 7Kilès ki tankou m'? Se pou l' kanpe di sa! Se pou l' fè nou konn sa, se pou l' ban m' prèv la! Se pou l' di tou sa ki pase depi nan konmansman! Se pou l' fè konnen davans sa ki gen pou rive. 8Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble. Depi lontan mwen te fè nou konn sa, mwen te di nou sa. Nou pral kanpe pale pou mwen. Eske gen lòt bondye pase mwen menm? Eske gen lòt bondye ki ka pwoteje moun? Mwen menm, mwen pa konnen l'. 9Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita. 10Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l'? 11Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont! 12Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l' nan dife, li travay li ak mato. Li ba l' fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò. 13Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l' mete l' nan yon tanp. 14Li ka koupe yon pye sèd. Li ka chwazi yon pye chenn, osinon yon pye kajou nan rakbwa a. Li ka plante yon pye pichpen epi li tann pou lapli fè l' grandi. 15Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe kò yo, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a yo fè yon bondye pou yo sèvi, yon estati pou yo mete ajenou devan l'. 16Avèk mwatye nan bwa a, yo fè dife, yo griye vyann, yo manje plen vant yo. Yo chofe kò yo tou, epi yo di: Dife a bon! Li cho! Ala bèl dife! 17Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l', yo lapriyè devan l', y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m' non! 18Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen. 19Moun k'ap fè zidòl yo pa kalkile nan tèt yo, yo pa konn anyen, yo pa gen konprann pou yo ta di: Mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen kwit manje sou chabon dife a. Mwen griye vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a mwen fè yon bagay k'ap avili m', yon zidòl. M'ap adore yon bout bwa! 20Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye. 21Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou! 22Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou. 23Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li. 24Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'? 25Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou. 26Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò. 27Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo. 28Mwen di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen! Li pral fè tou sa m'a mande l' fè. Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm, pou yo refè fondasyon tanp Bondye a.
Ezayi 45
1Seyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l' pou l' wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Seyè a di wa Siris: 2-Se mwen menm k'ap louvri chemen pou ou. M'ap fè mòn yo vin plat. M'ap kraze gwo pòtay an kwiv yo. M'ap kase ba fè yo de bout. 3M'a ba ou tout richès ki sere kote ki fènwa a, richès ki kache nan depo kote moun pa konnen. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te rele ou fè travay sa a. 4Mwen te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m' yo, moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a. Mwen ba ou grad atout ou pa t' konnen m' lan. 5Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt! Se mwen menm sèl ki Bondye. Se mwen ki ba ou tout fòs ou atout ou pa t' konnen m' lan. 6Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt! 7Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa. 8M'ap rete nan syèl la, m'ap voye fòs pouvwa sou nou tankou lapli, pou nou ka gen batay la. Latè pral louvri de bra l' pou resevwa l'. Delivrans pral fleri sou latè, lajistis pral boujonnen toupatou. Se mwen menm Seyè a k'ap fè tou sa rive. 9Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l' la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon. 10Madichon pou pitit k'ap di papa l' ki kalite pitit ou fè la a. Madichon pou pitit k'ap di manman l' ki kalite pitit ou met sou latè a la a! 11Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, li menm ki te fòme l' la, men sa li di: -N'ap mande m' sa m' pral fè pou pitit mwen yo? N'ap di m' sa pou m' fè? 12Se mwen menm ki te fè latè. Mwen kreye moun pou yo viv sou latè. Se mwen menm ki te louvri syèl la ak men mwen. Mwen kontwole tou sa ki nan syèl la: solèy, lalin ak tout bann zetwal yo. 13Se mwen menm ki fè wa Siris kanpe pou li mete jistis sou latè. M'ap louvri tout wout devan li. Se li menm ki pral rebati lavil mwen an. L'ap fè moun pa m' yo te depòte yo tounen lakay yo san yo pa bezwen peye anyen, ni yo p'ap bezwen fè kado anyen pou sa. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa! 14Men sa Seyè a di ankò: -Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwofi kòmès moun Letiopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a lapriyè nan pye nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Nanpwen lòt bondye tankou li. Nanpwen lòt bondye pase l'. 15Tansèlman se yon Bondye moun pa ka wè. Bondye pèp Izrayèl la, se li ki konn delivre moun! 16Moun k'ap fè estati yo pral wont, yo tout pral tèt bese. Moun pral pase yo nan betiz. 17Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba. 18Se Seyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l' chita fèm. Li pa t' fè l' pou l' te tounen yon dezè, men pou l' te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Seyè a. Nanpwen lòt. 19Se pa an kachèt mwen te pale, ni nan yon kote ki fè nwa. Mwen pa t' di moun ras Jakòb yo pou yo chache m' kote ki pa gen anyen. Mwen menm, se Seyè a mwen ye. Mwen pale laverite, mwen fè konnen sa ki dwe fèt. 20Seyè a di ankò: -Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen! 21Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pa t' mwen menm, Seyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun. 22Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt! 23Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman. 24Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'. 25Men, gremesi Seyè a, moun ras Izrayèl yo pral kanpe ankò. Yo pral fè lwanj mwen.
Ezayi 46
1Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke. 2Ni bèt yo, ni zidòl yo tonbe ansanm atè a. Zidòl yo pa ka delivre ata bèt k'ap pote yo a. Lènmi ap depòte yo tankou moun yo fè prizonye. 3Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen: 4M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m' jan m' te toujou fè l' la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou. 5Ak ki moun nou ta konpare m'? Ki moun nou ka di ki sanble m'? Ki moun nou ka mete bò kote m' ki tankou m'? 6Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'. 7Yo leve l' mete sou zepòl yo, yo pote l' ale. Yo mete l' kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l' la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l' kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray. 8Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè! 9Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m'! 10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a. 11Mwen rele yon nonm mwen te chwazi soti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve. Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l' fè a. Depi mwen di yon bagay, se pou l' fèt. Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt. 12Koute sa m'ap di nou, bann tèt di, nou menm ki pa soti pou fè sa ki dwat: 13M'ap fè jou delivrans nou an pwoche. Li pa lwen rive. Mwen p'ap mize vin delivre nou. Mwen pral delivre mòn Siyon. Mwen pral fè pèp Izrayèl la wè pouvwa mwen.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
