Jou 200 sou 365

Ezayi 15–19

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ezayi 15

1Men sa Bondye di k'ap rive peyi Moab: -Y'ap detwi lavil A Moab nan yon grenn nwit. Tout peyi Moab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki Moab la! Apre sa, tout peyi a frèt! 2Moun peyi Moab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y' al kriye. Moun peyi Moab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo. 3Nan tout lari, moun ap mache ak rad sak sou yo. Sou tout plas piblik, sou teras anwo tout kay, moun ap plenn. Dlo ap koule nan je yo tout. 4Moun lavil Esbon ak moun lavil Eleale ap pouse rèl. Moun tande yo jouk lavil Jakaz. Ata sòlda lame Moab yo ap tranble. Yo pèdi tout kouraj yo. 5Kè m' ap fann pou peyi Moab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan. 6Larivyè Nimrim chèch. Tout zèb fin cheche. Fèy pyebwa yo fennen. Tout pyebwa mouri. 7Tout moun ap janbe lòt bò ravin Banbou avèk tou sa yo genyen ak tout pwovizyon yo. 8Toupatou, sou fwontyè peyi Moab la, se rèl. Rèl yo rive jouk nan zòrèy moun lavil Eglayim ak moun lavil Berelim. 9Lavil Dimon, dlo larivyè a wouj ak san! Men Bondye pare yon pi gwo malè pou lavil Dimon. Se la yon lyon pral touye dènye moun peyi Moab ki te resi chape kò yo. Se la tout rès moun peyi Moab yo pral mouri.

Ezayi 16

1Moun peyi Moab yo ap rete lavil Sila nan dezè a, y'ap voye yon mouton fè chèf lavil Jerizalèm lan kado sou tèt mòn Siyon an. 2Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo. 3Y'ap di moun peyi Jida yo: -Ban nou ti konsèy non! Di nou sa pou nou fè! Pwoteje nou anba zèl ou, tankou yon pyebwa k'ap bay bon lonbray fre gwo midi. Se chape n'ap chache chape kò nou. Tanpri, kache nou. Pa lage nou nan men lènmi nou yo. 4Kite nou rete nan peyi nou an. Pwoteje nou anba moun ki soti pou fini ak nou yo. Moun ki t'ap kraze nou an p'ap la ankò. Piyay la ap fini. Moun ki t'ap pilonnen peyi a anba pye yo a ap disparèt. 5Gouvènman peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral soti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fotèy la pou l' dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap soti pou l' fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis. 6Moun peyi Jida yo di: -Nou tande jan moun Moab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estomake, jan yo gen gwo tanta, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm! 7Men moun Moab yo pral plenyen sò peyi Moab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouraj yo. 8Gwo jaden peyi Esbon yo pral deperi. Pye rezen lavil Sibma yo ki te konn bay bon diven chèf nasyon yo te konn bwè a pral cheche. Te gen yon lè jaden rezen sa yo te rive jouk bò lavil Jazè. Yo te pouse kouvri tout dezè a. Yo te gaye kò yo toupatou rive lòt bò lanmè Mouri a. 9Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a. 10Nanpwen kè kontan ak fèt nan jaden nou yo! Nan jaden rezen nou yo, nanpwen chante, nanpwen koudjay ankò! Pa gen rezen pou kraze nan basen kote yo fè ji. Tout fèt kaba! 11Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès. 12Moun peyi Moab yo ap touye tèt yo moute nan mòn. Yo pral nan tanp pou yo lapriyè. Men, sa p'ap sèvi yo anyen. 13Anvan sa, men sa Seyè a te di k'ap rive lavil Moab la. 14Koulye a, Seyè a pale ankò. Li di konsa: Nan twazan, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, yo pral pase sa ki fè pouvwa peyi Moab la nan tenten. Atout li gen anpil moun koulye a, se de twa ase ki pral rete, yon ti ponyen tou fèb ki p'ap vo anyen!

Ezayi 17

1Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: -Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli. 2Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pesonn pa chase yo met deyò. 3Peyi Efrayim lan pral rete san anyen pou pwoteje l'. Lavil Damas pral pèdi libète granmoun li. Ti rès moun peyi Siri a pral gen menm sò ak ti rès moun pèp Izrayèl yo. Yo pral pèdi bèl pouvwa yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. 4Seyè a di ankò: -Yon jou gen pou rive. Lè sa a, tout bèl pouvwa peyi Jakòb la pral disparèt. L'ap pèdi tout richès li, l'ap vin pòv. 5Peyi Izrayèl la ap tankou yon jaden diri mi yo fin koupe, yo ranmase pote ale. L'ap tankou jaden pitimi nan plenn Refayim lè yo fin ranmase grap ki tonbe atè apre rekòt la. 6Se sèlman de twa moun k'ap rete vivan. Peyi Izrayèl la ap tankou yon pye oliv apre yo fin keyi tout donn li: se de twa grenn ki rete nan tèt la ak kat ou senk sou branch yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. 7Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la. 8Yo p'ap vire tèt yo bò lotèl zidòl yo te fè ak men yo. Yo p'ap leve je yo gade poto yo te mete kanpe pou Achera, zidòl fanm lan, ak lotèl kote y'ap boule lansan an. 9Lè jou sa a va rive, moun pral kouri kite tout lavil kote yo te konn al chache pwoteksyon yo. Se va tankou lè moun Ivi yo ak moun Amon yo te kouri kite tout lavil yo devan pèp Izrayèl la. Lavil yo pral tounen savann. 10Nou menm pèp Izrayèl, nou te bliye Bondye ki te delivre nou an. Nou pa t' chonje Bondye ki te pwoteje nou an. Se poutèt sa n'ap plante bèl ti jaden sou kote pou fè sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo. 11Menm si yo ta rive pouse menm jou nou plante yo a, pou menm jou a nan maten yo pran fleri, nou p'ap rekòlte. Paske menm jou a tou, y'ap deperi. Se va yon gwo lapenn ki p'ap janm fini. 12Ki malè sa a? Yon foul moun k'ap toumante kò yo tankou lè lanmè a move. Y'ap bat kò yo fè gwo bri tankou lanm lanmè k'ap frape ak fòs sou rivaj la. 13Nasyon yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale. 14Nan aswè, y'ap bay moun kè sote. Anvan solèy leve, w'ap chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men sa k'ap tann tout moun k'ap piye nou yo, moun k'ap pwofite sou nou yo.

Ezayi 18

1Lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, gen yon peyi kote yo tande yon bri tankou bri zèl yon bann krikèt. 2Mesaje ap soti nan peyi sa a, y'ap desann larivyè Nil lan nan pipirit fèt ak wozo. Nou menm mesaje yo, mete zèl nan pye nou. Tounen lakay nou. Pote nouvèl la bay moun peyi nou an. Se yon gwo peyi ki fò anpil, ki gen anpil larivyè k'ap koule ladan l'. Al pote nouvèl la bay moun bèl wotè yo, ki gen po yo boule nan solèy. Se yon pèp tout moun pè. 3Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an. 4Seyè a di m' konsa: M'ap rete rete m' kote m' ye nan syèl la, m'ap gade anba san m' pa fè ankenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt. 5Paske, menm jan anvan rekòt rezen yo, lè yo fin fleri, lè rezen yo pral mi, yo debranche yo ak kouto, yo wete tout ti branch yo, yo ba yo lè, se konsa lènmi yo pral detwi moun peyi Letiopi yo. 6Yo pral kite kadav sòlda yo konsa pou zwezo ki manje vyann epi ki rete nan mòn ak pou bèt nan bwa. Nan sezon chalè, zwezo va vin manje yo. Nan sezon fredi, se bèt nan bwa ki va vin manje yo. 7Lè sa a, bann moun bèl wotè ki gen po yo boule nan solèy, pèp tout moun pè a, moun ki rete nan gwo peyi ki gen fò anpil la, yo menm ki rete nan peyi ki nan tèt dlo larivyè Nil lan, y'a pote kado bay Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'a vin jouk sou mòn Siyon an kote moun fè sèvis pou Seyè ki gen tout pouvwa a.

Ezayi 19

1Men mesaj Bondye bay sou peyi Lejip la: -Seyè a chita sou yon nwaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l'. Moun peyi Lejip yo gen kè kase. 2Seyè a di: M'ap fè moun peyi Lejip yo leve yonn dèyè lòt. Yo pral goumen yonn ak lòt, vwazinaj ak vwazinaj, vil ak vil, chèf ak chèf. 3Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò. 4Mwen pral lage moun Lejip yo nan men yon chèf ki rèd anpil, nan men yon wa mechan ki pral gouvènen yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa! 5Dlo larivyè Nil lan pral bese jouk l'a rive chèch nèt. 6Kannal yo pral santi, dlo kannal yo pral bese jouk yo chèch. Pye wozo ak pye jon yo pral fennen. 7Tout pyebwa ki pouse, tout jaden yo te plante bò larivyè Nil, depi anwo jouk nan lanbouchi, pral cheche. Van pral bwote yo ale, li p'ap kite anyen. 8Pechè yo pral plenn, moun ki te konn peche pwason ak zen nan larivyè a pral pran lapenn. Moun ki te konn voye privye nan larivyè a pral nan gwo chagren. 9Moun ki te konn fè bèl twal swa yo pral dekouraje. Sa ki te konn tise lenn yo, sa ki te konn tise bèl twal blan yo pral nan lafliksyon. 10Bòs k'ap fè twal yo pral nan gwo tèt chaje. Moun k'ap travay yo menm pral nan gwo lapenn. 11Chèf lavil Zoan yo, se yon bann moun sòt! Sa ki pi fò nan moun k'ap bay farawon an konsèy yo, se ranse y'ap ranse. Ki jan yo ka fè di wa a se pitit ansyen moun lespri ak pitit ansyen wa yo li ye? 12Farawon, kote moun lespri ou yo? Se pou yo ka di ou sa Seyè ki gen tout pouvwa a gen lide fè peyi Lejip pase! Se pou yo ka fè ou konn sa! 13Chèf lavil Zoan ak chèf lavil Menmfis yo, se yon bann moun sòt! Yo kite moun ap twonpe yo! Yo te la pou mennen peyi Lejip sou bon chemen. Yo lage l' nan bwa. 14Seyè a fè tout moun nan peyi a pèdi tèt yo nèt! Sa ki rive? Peyi Lejip pèdi chemen l' nan tou sa l'ap fè, li tankou yon nonm sou k'ap glise tonbe nan sa l'ap vonmi an! 15Nan peyi Lejip, pesonn, rich kou pòv, gwo kou piti, pa ka fè anyen pou peyi a ankò. 16Jou sa a, gason peyi Lejip yo ap tankou fanm: yo pral tranble, kè yo pral kase lè y'a wè Seyè ki gen tout pouvwa a ap leve men l' pou pini yo. 17Peyi Jida a ap fè kè moun peyi Lejip yo sote. Chak fwa y'a nonmen non peyi Jida nan zòrèy yo, y'a pè, paske y'a chonje sa Seyè ki gen tout pouvwa a te gen lide fè yo pase. 18Lè sa a, y'a gen senk lavil nan peyi Lejip kote moun va pale ebre. Moun la va pran non Seyè ki gen tout pouvwa a pou fè sèman. Yonn nan lavil sa yo va rele Lavil Solèy. 19Lè sa a va gen yon lotèl pou Seyè ki gen tout pouvwa a nan peyi Lejip. Sou fwontyè peyi a, y'ap kanpe yon gwo wòch y'ap mete apa pou Seyè a. 20Sa va sèvi yon mak pou fè konnen Seyè ki gen tout pouvwa a kanpe la nan peyi Lejip la. Lè moun va konprann pou fè yo pase tray, y'a lapriyè Seyè a mande l' sekou. Seyè a va voye yon moun pou vin delivre yo. L'a pran defans yo, l'a sove yo. 21Jou sa a, Seyè a va fè moun Lejip yo konnen ki moun li ye. Yo menm y'a rekonèt sa, y'a ofri bèt pou touye pou li, y'a ofri rekòt nan jaden yo ba li. Y'a fè Seyè a gwo pwomès. Lèfini, y'a kenbe pwomès yo. 22Seyè a gen pou l' pini moun Lejip yo. Men, l'a geri yo. Y'a tounen vin jwenn li. Seyè a va koute lè y'ap lapriyè nan pye l', l'a geri yo. 23Jou sa a, ap gen yon gwo wout k'ap soti peyi Lejip rive jouk nan peyi Lasiri. Moun peyi Lasiri va vwayaje al nan peyi Lejip, moun peyi Lejip va vwayaje al nan peyi Lasiri. Tou de peyi yo pral sèvi Seyè a. 24Lè sa a, peyi Izrayèl la va sou menm pye ak peyi Lejip ansanm ak peyi Lasiri: twa nasyon sa yo va yon benediksyon pou tout moun sou latè. 25Seyè a va beni yo, l'a di konsa: -benediksyon pou Lejip, pèp mwen an, pou Lasiri mwen te fè ak men mwen an, ak pou Izrayèl ki rele m' pa m' lan.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain