Jou 199 sou 365

Ezayi 12–14

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Ezayi 12

1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj. 2Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'! 3Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo. 4Jou sa a, n'a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l'! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè. 5Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa! 6Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.

Ezayi 13

1Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn: 2-Mete yon drapo kanpe sou tèt yon mòn kote pa gen pyebwa menm! Rele byen fò pou sòlda yo pare yo! Leve men ou anlè. Ba yo siyal pou y' al atake pòtay lavil grannèg yo! 3Se mwen menm, Seyè a, k'ap bay sèvitè m' yo lòd! M'ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m' yo ki gen kè kontan, k'ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k'ap fè m' fè kòlè yo. 4Koute yon gwo bri sou mòn yo! Se tankou bri yon gwo foul moun, yon kantite nasyon ak moun tout peyi k'ap sanble. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap fè enspeksyon lame li a anvan y' al goumen. 5Seyè a move, l'ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y'ap soti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a. 6Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a. 7Se poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouraj, kè yo kase! 8Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont. 9Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal! 10Tout grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p'ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p'ap klere ankò. 11Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo. 12Moun k'ap chape yo ap pi ra pase bon lò, pase bon lò ki soti nan peyi Ofi. 13Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a. 14Lè sa a, moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k'ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann. 15Y'ap touye tout moun peyi a y'a kontre sou wout yo, y'ap kraze tout moun peyi a y'a bare sou chemen yo. 16Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo. 17Seyè a di ankò: -Mwen pral voye moun peyi Medi yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo. 18Avèk banza yo, yo pral touye jenn gason. Y'ap san pitye pou timoun fenk fèt. Kè yo p'ap fè yo mal pou timoun piti. 19Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò. 20Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la. 21Se la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la otrich pral fè kay yo. Se la kabrit mawon pral danse kalenda. 22Chen mawon pral wouke nan gwo kay yo. Chat mawon pral pran plezi yo nan bèl palè yo. Lè a prèt pou sonnen pou lavil Babilòn, jou l' prèt pou bout.

Ezayi 14

1Wi, kè Seyè a pral fè l' mal pou fanmi Jakòb la. L'ap chwazi pèp Izrayèl la ankò pou pèp pa li. L'ap kite yo rete nan peyi ki pou yo a. Moun lòt nasyon va vin jwenn yo, y'a rete viv ansanm ak moun fanmi Jakòb yo. 2Anpil lòt nasyon va ede yo tounen nan peyi Bondye te ba yo a. Moun pèp Izrayèl yo menm va pran yo ak yo nan peyi Bondye te ba yo a. Y'a fè yo sèvi domestik ak sèvant. Moun ki te fè pèp la prizonye, se yo ki pral tounen prizonye pèp la. Pèp Izrayèl la pral donminen sou moun ki t'ap peze yo anba pye yo. 3Seyè a va fè nou jwenn repo apre tout tray, tout tribilasyon ak tout mizè yo te fè nou pase. 4Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non! 5Seyè a kase baton mechan yo. Li kase kokomakak chèf ki t'ap maltrete nou an! 6Lè yo move, yo te konn woule pèp la anba kou. Lè yo ankòlè, yo te konn kraze pèp la anba pye yo, yo pa t' ba yo souf. 7Koulye a, tout moun sou latè ap pran souf. Y'ap viv ak kè poze. Toupatou se chante, se kè kontan. 8Pye pichpen ak pye sèd peyi Liban yo kontan sa ki rive wa a. Y'ap di: Depi li tonbe a, pesonn pa moute vin mete rach nan dèyè nou ankò. 9Peyi kote mò yo ye a tèt anba pou resevwa ou. Nanm tout moun ki te gwo chèf sou latè ap souke kò yo pou ou. Nanm tout wa yo ap leve kanpe sot sou fotèy yo. 10Yo tout pran pale, y'ap di: Gade! Yo desann ou jan ou te desann nou an. Ou tounen tankou nou. 11Jan yo te konn fè lwanj ou ak bèl mizik dous sou gita! Koulye a, men ou nan peyi mò yo. Ou kouche sou yon kabann plen vèmen. Vè kouvri tout kò ou. 12Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa? 13Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a. 14Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a. 15Men koulye a, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an! 16Mò ki wè ou yo ap fikse je yo sou ou. Y'ap gade ou, y'ap di: Se pa moun ki te konn fè tè a tranble a sa? Se pa li ki te konn fè chèf yo tranble a sa? 17Se pa li ki te kraze tout lavil yo, ki te fè latè tounen yon dezè a sa? Se pa li ki pa t' janm kite moun li fè prizonye tounen lakay yo a sa? 18Tout wa latè yo kouche nan bèl kavo yo, yon kavo pou yo chak. 19Men, ou menm, ou pa menm gen yon tonm. Yo kite kadav ou ap trennen tankou kadav chen nan granchemen. L'ap pouri nan mitan kadav sòlda yo touye nan lagè, yo jete l' ansanm ak lòt kadav yo nan yon twou wòch, yo pilonnen l' anba pye yo. 20Yo p'ap antere ou jan yo fè l' pou lòt wa yo, paske ou te fini ak peyi ou la, ou te touye pèp ou a. Yo p'ap janm chonje non fanmi lwijanboje sa yo! 21Pare pou nou masakre tout pitit wa yo poutèt mechanste papa yo te fè! Pa kite yonn ladan yo chape pou yo pa janm vin chèf, pou yo pa janm mache bati lavil toupatou sou latè ankò. 22Bondye ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Mwen pral leve dèyè yo. Mwen pral disparèt lavil Babilòn. Mwen p'ap kite anyen, ni non l', ni moun li yo, tout ras yo, tout pitit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 23M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale. 24Seyè ki gen tout pouvwa a fè sèman, li di konsa: -Sa se sèten. Sa m' te fè lide fè a, m'ap fè l'. Sa m' te deside fè a ap rive vre. 25M'ap kraze lame wa Lasiri a nan peyi mwen an. M'ap pilonnen l' anba pye m' sou mòn mwen yo. M'ap wete pye l' sou kou pèp mwen an, m'ap wete chay li te mete sou zepòl yo a. 26Men sa mwen fè lide fè pou latè. Mwen pral leve men m' pou m' pini tout nasyon yo. 27Depi Seyè ki gen tout pouvwa a fin pran yon desizyon, pa gen moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a. Li fin lonje men l' pou l' pini, pa gen moun ki ka rete l'. 28Lanne wa Akaz te mouri a, men mesaj Bondye te bay lè sa a: 29-Nou menm, moun peyi Filisti yo, baton ki t'ap bat nou an kase. Men, nou pa bezwen kontan pou sa. Paske, lè yon sèpan mouri gen yon lòt ki pi mechan pase l' k'ap pran plas li. L'ap kale yon dragon ki gen zèl. 30Seyè a va tounen yon gadò pou pòv malere ki nan peyi a. L'a fè yo manje, l'a ba yo kote pou yo rete san yo pa bezwen pè ankenn danje. Men, m'ap voye yon sèl grangou sou ras moun Filisti yo, yo yonn p'ap chape. 31Nou menm k'ap veye pòtay lavil moun Filisti yo, nou mèt plenn kont kò nou! Nou menm ki rete anndan lavil yo, nou mèt pouse kont rèl nou. Nou tout moun peyi Filisti yo, nou mèt tranble nan tout kò nou. Yon nwaj nwa ap vini soti nan nò. Se yon gwo lame. Pa gen yonn nan sòlda li yo k'ap fè kazwèl! 32Kisa n'a reponn mesaje moun peyi Filisti yo va voye kote nou an? N'a di yo se Seyè a menm ki mete peyi Siyon an kanpe ankò pou tout bon. Se la tout pèp li a, pèp ki t'ap soufri a, va vin jwenn pwoteksyon.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain