Jou 18 sou 365

Egzòd 8–10

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

Egzòd 8

1Apre sa, Seyè a di Moyiz konsa: -Ale kote farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale pou l' kapab fè sèvis pou mwen. 2Koute byen. Si ou derefize kite yo ale, mwen pral lage krapo sou tout peyi a pou pini ou. 3Gwo larivyè a pral plen krapo. Yo pral soti nan larivyè a, y'ap anvayi toupatou, y'ap antre lakay ou, anndan chanm ou, y'ap moute jouk nan kabann ou. Y'ap antre lakay moun pa ou yo, lakay tout pèp ou a, nan fou kote yo fè pen, nan ganmèl kote yo pare pat. 4Y'ap vole sou ou, sou pèp ou a, sou tout moun pa ou yo. 5Seyè a di Moyiz: -Di Arawon lonje men li avèk baton l' lan sou larivyè yo, sou kannal yo ak sou m'a dlo yo. Fè krapo moute kouvri peyi Lejip la. 6Arawon lonje men l' sou tout dlo nan peyi Lejip la. Epi krapo moute kouvri tout peyi a. 7Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la. 8Farawon an rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Lapriyè Seyè a, mande l' pou l' chase krapo sa yo soti sou mwen ak sou pèp mwen an. Apre sa, m'a kite pèp ou a ale pou yo ka touye bèt y'ap ofri bay Seyè a. 9Lè sa a Moyiz di farawon an: -Se ou menm, farawon, ki konnen kilè ou vle pou m' lapriyè Seyè a pou ou, pou moun pa ou yo ansanm ak pèp ou a. Wi, se ou ki pou di m' kilè ou vle pou Seyè a wete krapo sa yo lakay ou ak nan kay pèp ou a, pou yo rete nan larivyè a ase. 10Farawon an reponn: -W'a fè sa denmen. Moyiz di li: -Sa va pase jan ou di l' la, pou ou sa konnen pa gen Bondye tankou Seyè a, Bondye nou an. 11Krapo yo pral soti lakay ou, y'a wete kò yo sou ou, sou moun pa ou yo ak sou pèp ou a. Se nan gwo larivyè a ase va gen krapo. 12Moyiz ak Arawon soti lakay farawon an. Moyiz lapriyè Seyè a ak tout kè l' pou krapo li te voye sou farawon yo. 13Seyè a fè sa Moyiz te mande l' la: krapo yo mouri toupatou, nan kay, nan lakou, nan jaden. 14Moun peyi Lejip yo ranmase yo fè gwo pil. Toupatou nan peyi a te santi move ak krapo mouri yo. 15Lè farawon an wè yo te ba l' yon souf, li konmanse fè tèt di ankò. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a. 16Seyè a di Moyiz konsa: -Di Arawon lonje baton l' lan, frape pousyè tè a. Pousyè a va tounen vèmin nan tout peyi Lejip la. 17Moyiz ak Arawon fè sa vre. Arawon lonje men li avèk baton an, li frape pousyè tè a. Pousyè a tounen vèmin sou tout moun ak sou tout bèt. Tout pousyè tè a tounen vèmin nan tout peyi Lejip la. 18Majisyen yo vin ankò ak maji yo pou yo te fè menm bagay la tou. Men, fwa sa a, yo pa t' kapab. vèmin yo te sou tout moun ak sou tout bèt. 19Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a. 20Seyè a di Moyiz ankò: -Leve granmaten, ale jwenn farawon an lè li pral larivyè a. W'a di l': men sa Seyè a di: Kite pèp mwen an ale, pou yo ka fè sèvis pou mwen. 21Si ou pa kite pèp mwen an ale, mwen pral voye mouchavè sou ou, sou moun pa ou yo, sou tout pèp ou a ak nan tout kay yo. Mouchavè pral plen kay moun peyi Lejip yo, yo pral kouvri tout peyi a. 22Men jou sa a, m'a fè yon bagay pou peyi Gochenn kote pèp mwen an rete a. p'ap gen yon mouchavè la. Konsa, w'a konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap travay nan peyi a. 23m'a veye pou sa k'ap rive pèp ou a pa rive pèp mwen an. Se denmen mwen pral fè mèvèy sa a. 24Seyè a fè sa vre jan l' te di l' la: yon kantite mouchavè desann sou kay farawon an, sou kay moun pa l' yo ak sou tout peyi a. Mouchavè t'ap devaste tout peyi Lejip la. 25Lè sa a, farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Nou mèt al ofri bèt pou touye pou Bondye nou an, men n'ap fè l' isit la nan peyi a. 26Moyiz reponn li: -Li p'ap bon pou nou fè l' konsa, paske moun peyi Lejip yo ka ofiske lè y'a wè ki kalite bèt nou touye pou ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou ofri bagay sa yo devan moun peyi Lejip yo, y'a ka touye nou ak kout ròch. 27Se pou nou mache twa jou nan dezè a. Se la n'a touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te di nou an. 28Farawon an di li: -Bon! M'ap kite nou al touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, nan dezè a, men se pa pou nou al twò lwen. Lèfini, lapriyè pou mwen tou. 29Moyiz di l' konsa: -Kou m' soti isit la, mwen pral lapriyè Seyè a. Denmen mouchavè yo ap soti sou ou ansanm ak sou moun pa ou yo ak sou tout pèp la. Yo pral byen lwen. Men, piga ou twonpe nou ankò. Pa refize kite pèp la al ofri bèt pou yo touye bay Seyè a. 30Moyiz soti lakay farawon an, l' al lapriyè Seyè a. 31Seyè a fè sa Moyiz te mande l' la. Li fè mouchavè yo soti sou farawon an, sou tout moun pa l' yo ansanm ak sou tout pèp la. Li fè yo ale byen lwen. Pa yon mouchavè pa t' rete. 32Men, menm jou sa a, farawon an fè tèt di ankò, li pa t' vle kite pèp la ale.

Egzòd 9

1Seyè a di Moyiz konsa: -Ale bò kot farawon an, w'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè sèvis pou mwen. 2Si ou derefize kite yo ale, si ou kenbe yo toujou, men sak pral rive: 3M'ap leve men m' sou bèt ou gen nan jaden ou yo: chwal, bourik, chamo, bèf, mouton, kabrit. Yon gwo maladi pral tonbe sou yo. 4Men m'a veye pou sa ki rive bèt moun peyi Lejip yo pa rive bèt moun pèp Izrayèl yo, pou ankenn bèt moun pèp Izrayèl yo pa mouri. 5Seyè a fikse jou pou l' fè bagay sa a. Li di se denmen l'ap fè sa nan tout peyi a. 6Nan denmen vre, Seyè a fè sa l' te di li t'ap fè a: tout bèt moun peyi Lejip yo mouri. Men, pa yonn nan bèt moun Izrayèl yo pa t' mouri. 7Farawon an voye pran nouvèl sak pase: li vin konnen pa t' gen yonn nan bèt moun Izrayèl yo ki te mouri. Men, farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle kite pèp la ale. 8Apre sa, Seyè a di Moyiz ak Arawon: -Plen de men nou ak sann dife. Se pou Moyiz voye sann lan jete anlè devan farawon an. 9Sann lan pral gaye tankou pousyè pou l' kouvri tout peyi Lejip la. Toupatou li pral fè yon kantite bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt nan peyi a. Lèfini, bouton yo ap pete, y'ap fè malenng. 10Yo pran sann dife a, yo parèt devan farawon an. Moyiz voye sann lan jete anlè. Sann lan fè bouton leve sou tout moun ak sou tout bèt. Epi bouton yo pete fè malenng. 11Ata majisyen yo pa t' kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak malenng tou tankou tout moun peyi Lejip yo. 12Men Seyè a te fè farawon an fè tèt di pi rèd. Farawon an pa t' koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di Moyiz la. 13Seyè a di Moyiz konsa: -Leve granmaten, al parèt devan farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka al fè sèvis pou mwen. 14Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè. 15Si mwen te lonje men m' pou m' te lage lanmò sou ou ansanm ak tout pèp ou a, nou tout nou te disparèt nèt sou latè. 16Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè. 17Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale. 18Koute! Fwa sa a, denmen mwen pral fè lagrèl tonbe tankou lapli, bagay moun poko janm wè nan peyi Lejip, depi peyi a peyi jouk jounen jòdi a. 19Koulye a, bay lòd pou yo pran tout bèt nou gen nan jaden ak tout lòt bagay nou gen deyò mete yo anndan kay pou pwoteje yo. Paske, yon gwo lagrèl pral tonbe sou tout moun ak sou tout bèt ki deyò. Yo pral mouri. 20Te gen kèk moun nan moun pa farawon yo ki te pè lè yo tande sa Seyè a te di. Yo fè tout domestik yo ansanm ak tout bèt yo antre anba kay. 21Men, gen lòt ki pa t' okipe sa Seyè a te di. Yo kite tout domestik yo ak tout bèt yo deyò. 22Seyè a di Moyiz konsa: -Leve men ou anlè. Lagrèl pral tonbe sou tout peyi Lejip la, sou tout moun ki deyò, sou tout bèt ak sou tout plant ki nan jaden. 23Moyiz lonje baton l' lan anlè nan syèl la. Seyè a voye loraj, lagrèl ak zèklè. Loraj la tonbe anpil kote. Wi, Seyè a voye lagrèl sou tout peyi Lejip la. 24Lagrèl t'ap tonbe, zèklè t'ap fè yanyan nan syèl la. Se te pi gwo kout tan ki te tonbe sou peyi a depi peyi a peyi. 25Lagrèl tonbe toupatou nan peyi Lejip la. Li tonbe sou tou sa ki te deyò, sou tout moun ak sou tout bèt. Li tonbe sou tout plant ki nan jaden, li kraze tout pyebwa. 26Se sèl nan peyi Gochenn lan lagrèl la pa t' tonbe. Se la moun pèp Izrayèl yo te rete. 27Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: -Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Seyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò. 28Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò. 29Moyiz di l' konsa: -Soti m' soti lavil la, mwen pral lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la va sispann, p'ap gen lagrèl ankò. Konsa w'a konnen tè a se pou Seyè a li ye. 30Men mwen konnen ni ou menm, ni moun pa ou yo, nou poko ap respekte Seyè a, Bondye a. 31Tout pye koton swa yo ak tout jaden lòj yo te boule. Lòj la te deja fè grap, koton yo t'ap fleri. 32Men ble ak pitimi pa t' gate, paske yo toujou an reta sou lòt plant yo. 33Moyiz soti lakay farawon an, l' al andeyò lavil la. Li lapriyè nan pye Seyè a. Loraj la sispann, lagrèl la rete. pa t' gen lapli ankò. 34Lè farawon an wè lapli a, lagrèl la ak loraj la sispann, li kontinye fè peche toujou. Li fè tèt di, li menm ansanm ak tout moun pa l' yo. 35Nan fè tèt di sa a, li pa t' kite moun pèp Izrayèl yo ale, jan Seyè a te fè Moyiz al di l' la.

Egzòd 10

1Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l' gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l' yo, pou m' fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo. 2Konsa tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Seyè a. 3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen. 4Si ou refize kite pèp mwen an ale, men sa m' pral fè: Denmen, mwen pral voye krikèt vèt sou tout peyi a. 5Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo. 6Y'ap anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pa t' janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a. Apre sa, Moyiz vire do l', li soti kay farawon an. 7Moun pa farawon yo vin di l': -Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini! 8Se konsa yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kote farawon an. Farawon an di yo: -Nou mèt al fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Kilès ki prale? 9Moyiz reponn li: -Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n' fè pou Seyè a. 10Farawon an di yo: -Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Seyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo. 11Non. Sa p'ap pase konsa. Se nou menm gason yo ase ki mèt ale pou fè sèvis pou Seyè a. Se pa sa nou te mande? Lè l' fin di yo sa, li fè mete yo deyò lakay li. 12Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou sou peyi Lejip la pou fè krikèt yo vini sou li. Y'ap vini, y'ap devore tout fèy bwa nan peyi a. Wi, y'a devore tou sa lagrèl te kite. 13Moyiz lonje baton l' lan sou peyi Lejip la. Seyè a fè yon van nòde soufle sou peyi a. Van an soufle tout yon jounen ak tout yon nwit. Nan maten, van an pote krikèt vèt yo vini. 14Krikèt yo tonbe sou peyi Lejip la, yo poze toupatou nan peyi a. Moun pa t' janm wè kantite krikèt konsa, epi se bagay yo p'ap janm wè ankò. 15Krikèt yo kouvri tè a nèt. Tè a vin tou nwa ak krikèt. Krikèt yo manje tou sak t'ap pouse nan peyi a, tout fwi ki te nan pyebwa yo, tou sa lagrèl te kite. pa t' rete yon ti fèy vèt nan pyebwa yo ankò nan tout peyi Lejip la. Tout jaden te pèdi nèt. 16Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou. 17Tanpri, padonnen peche m' fwa sa a. Lapriyè Seyè a, Bondye nou an, ankò pou l' wete chatiman sa a sou mwen. Se touye chatiman sa a ap touye m'! 18Moyiz soti kay farawon an. Li lapriyè Seyè a. 19Seyè a fè yon gwo van lwès soufle fwa sa a. Van an pote tout krikèt yo al jete nan lanmè Wouj la. Pat rete yon sèl grenn krikèt nan tout peyi Lejip la. 20Men Seyè a fè farawon an fè tèt di ankò. Farawon an pa kite moun pèp Izrayèl yo ale. 21Seyè a di Moyiz ankò: -Lonje men ou anlè pou fènwa kouvri peyi Lejip la, yon fènwa sitèlman pwès moun ta ka santi li anba men yo. 22Moyiz leve men li anlè, epi yon fènwa byen pwès desann kouvri tout peyi Lejip la pandan twa jou. 23Moun peyi Lejip yo fè twa jou yonn pa t' ka wè lòt, pesonn pa mete tèt deyò. Men, te gen klète kote moun pèp Izrayèl yo te rete a. 24Farawon an fè rele Moyiz, li di l' konsa: -Nou mèt ale fè sèvis pou Seyè a. Nou mèt ale ak timoun nou yo. Men mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo ap rete isit la. 25Moyiz reponn li: -Bon, lè sa a, se ou menm ki pral ban nou bèt pou nou touye pou nou boule pou Seyè a, Bondye nou an? 26Tout bèt nou fèt pou ale ak nou. Nou p'ap kite yonn dèyè. Paske, se ladan yo pou nou pran sa nou bezwen pou fè sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Tout tan nou pa rive, nou poko konnen kisa nou pral chwazi pou ofri bay Seyè a. 27Men Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou. Farawon an pa t' vle kite yo ale. 28Farawon an di Moyiz konsa: -Wete kò ou devan m'. Gade! Pa janm parèt devan m' ankò, paske jou ou ta parèt devan m' ankò, m'ap disparèt ou. 29Moyiz reponn li: -Jan ou vle! Mwen p'ap janm parèt devan ou ankò.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain