Jou 17 sou 365
Egzòd 5–7
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
Egzòd 5
1Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a. 2Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote. 3Moyiz ak Arawon di l': -Bondye ebre yo te parèt devan nou. Tanpri, kite n al fè yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an. Si nou pa fè sa, l'a voye move maladi sou nou, osinon l'a fè nou mouri nan lagè. 4Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon: -Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou! 5Farawon an di ankò: -Gade. Nou wè jan pèp sa a vin pi plis pase moun peyi a. Koulye a atò, nou ta vle pou yo kite travay yo? 6Menm jou sa a, farawon an rele moun peyi Lejip ki te chèf kòve yo ansanm ak moun pèp Izrayèl ki te fòmann yo, li ba yo lòd sa a: 7-Pa janm bay moun sa yo pay ankò pou yo fè brik, jan nou te konn fè l' la. Se yo menm ki pou al ranmase pay yo bezwen. 8Men, se pou yo founi menm valè brik yo te konn bay anvan an, san manke yonn. Se yon bann parese yo ye. Se poutèt sa y'ap kriye, y'ap di: O wi, ann al ofri bèt pou nou touye bay Bondye nou an. 9Fè yo travay pi rèd. Pa kite yo poze menm. Konsa yo p'ap gen tan pou yo koute tout radòt moun ap vin di yo. 10Chèf kòve yo ak fòmann yo vin di pèp la: -Men sa farawon an voye di nou: Li p'ap ban nou pay ankò. 11Se nou menm ki pou al ranmase pay kote nou ka jwenn. Men, se toujou menm valè brik la pou nou bay. 12Se konsa, pèp la gaye toupatou nan peyi Lejip ap chache zèb pou fè pay. 13Chèf kòve yo te dèyè yo tout tan, yo t'ap di yo: -Se pou nou fè menm valè brik chak jou menm jan ak lè yo te konn ban nou pay la. 14Chèf kòve farawon yo te mete kèk moun pèp Izrayèl pou sèvi fòmann. Ata fòmann sa yo te anba makak tou. Chèf kòve yo t'ap mande yo: -Poukisa ni ayè ni jòdi a, nou pa t' bay menm valè brik nou te konn fè anvan an? 15Lè sa a, fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo t al plenyen bay farawon an. Yo di l': -Monwa, poukisa ou fè moun k'ap sèvi ou yo sa? 16Yo pa ban nou pay ankò. Atousa, se tout tan y'ap mande nou pou nou fè brik. Lèfini, yo mete nou anba makak. Men, se moun pa ou yo ki antò wi, monwa. 17Farawon an reponn yo: -Se yon bann parese nou ye. Se poutèt sa n'ap di: O wi, kite n al ofri bèt pou nou touye bay Seyè a. 18Al nan pye travay nou, tande! Yo p'ap ban nou pay ankò. Degaje nou bay menm kantite brik la. 19Fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo vin wè yo te nan yon move sitiyasyon lè yo mande yo pou yo fè menm valè brik yo te konn fè a chak jou, san manke yonn. 20Antan y'ap soti kay farawon an, yo kontre Moyiz ak Arawon ki t'ap tann yo. 21Yo di yo: -Se pou Seyè a wè sa nou fè la a. Se pou l' pini nou. Paske se nou menm ki lakòz ni farawon an ni moun k'ap sèvi l' yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Nou mete yon nepe nan men yo pou yo fini ak pèp la. 22Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyè a ankò, li di l': -Seyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m'? 23Depi menm lè mwen t al bò kote farawon an pou m' pale avè l' pou ou a, se maltrete l'ap maltrete pèp ou a. Epi ou pa fè anyen pou delivre pèp la.
Egzòd 6
1Seyè a di Moyiz konsa: -Se koulye a ou pral wè sa m' pral fè farawon an. Mwen pral fè l' santi fòs ponyèt mwen. Vle pa vle, l'ap kite yo ale. Wi, m'ap fòse l' sitèlman, se mete l'ap mete yo deyò nan peyi l' a. 2Bondye pale ak Moyiz, li di l': -Se mwen menm ki Seyè a. 3Mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb konnen m' sou non Bondye ki gen tout pouvwa a. Mwen pa t' fè yo konnen m' sou lòt non mwen an, ki vle di: Seyè a. 4Mwen te pase yon kontra ak yo, mwen te pwomèt pou m' te ba yo peyi Kanaran an, peyi kote yo te viv tankou etranje a. 5Koulye a, mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn. Moun peyi Lejip yo fè yo tounen esklav. Mwen vin chonje kontra mwen te pase ak yo a. 6Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini. 7M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. 8Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Seyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l' rele nou chèmèt. 9Moyiz di pèp Izrayèl la sa, men yo pa t' vle kwè l', paske yo te about. Esklavaj la te peze lou sou yo. 10Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: 11-Ale bò kote farawon an, wa Lejip la. Di l' konsa pou l' kite pèp Izrayèl la soti kite peyi l' la. 12Men, Moyiz di Seyè a: -Ata pèp Izrayèl la pa t' koute m', atò se farawon an ki ta koute m'? Mwen tou pa konn pale. 13Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon. Li ba yo lòd pale ak pèp Izrayèl la ansanm ak farawon an, wa Lejip la, pou fè yo konnen yo tou de te resevwa lòd fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. 14Men non chèf fanmi pèp Izrayèl yo: Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se li ki papa Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Woubenn lan sa. 15Apre li vin Simeyon. Men non pitit Simeyon yo: Jemwèl, Jamen, Arad, Jaken, Taoska ak Sayil, yon pitit li te fè ak yon fanm moun peyi Kanaran. Se tout fanmi Simeyon yo sa. 16Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan (0137 an). 17Men pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Libni ak Chimeyi. 18Men pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan (0133 an). 19Men pitit Merari yo: Makli ak Mouchi. Se tout branch fanmi Levi yo sa ansanm ak pitit yo. 20Amram te marye ak Jokebèd, ki matant li bò papa. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz pou li. Amram te viv antou santrannsetan (0137 an). 21Men pitit Jizeya yo: Kore, Nefèg ak Zikri. 22Men pitit Ouzyèl yo: Mikayèl, Elsafan ak Sitri. 23Arawon te marye ak Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nakchon. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleaza ak ltama pou Arawon. 24Men non pitit Kore yo: Asi, Elkana ak Abyazaf. Se tout fanmi Kore yo sa. 25Eleaza, pitit Arawon an, te marye ak yonn nan pitit fi Poutyèl yo, ki te fè Fineas pou li. Men non tout chèf fanmi Levi yo ak tout moun pa yo. 26Se menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup. 27Se yo menm tou ki t al di farawon an, wa Lejip la, pou l' fè pèp Izrayèl la soti kite Lejip. Wi, se Arawon sa a avèk Moyiz sa a ki te fè tou sa. 28Lè Seyè a te pale ak Moyiz nan peyi Lejip la, men sa li te di l': 29-Se mwen menm ki Seyè a! Tou sa mwen di ou la a, se pou ou rapòte l' bay farawon an, wa Lejip la. 30Men Moyiz koupe pawòl nan bouch Seyè a, li di l': -Pawòl pa vin nan bouch mwen fasil. Ou kwè farawon an pral chita tande m'?
Egzòd 7
1Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l' pou ou tankou yon pwofèt. 2W'a di Arawon tou sa mwen te ba ou lòd di. Li menm, l'a repete l' bay farawon an pou farawon an voye pitit Izrayèl yo pati kite peyi a. 3Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la. 4Farawon an p'ap koute nou. Lè sa a, m'a frape peyi Lejip la. m'a pini l' byen pini. m'a pran pitit Izrayèl yo, sòlda mwen yo, pèp mwen an, m'ap fè yo soti kite peyi Lejip. 5Lè m'a frape peyi Lejip, lè m'a fè pitit Izrayèl yo soti nan mitan yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm menm ki Seyè a vre. 6Moyiz ak Arawon te fè tou sa Seyè a te ba yo lòd fè. Wi, yo fè tou sa li te di yo fè a. 7Moyiz te gen katrevenzan, Arawon te gen katreventwazan lè yo t al pale ak farawon an. 8Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: 9-Si farawon an mande nou fè yon mirak pou moutre ki moun nou ye, ou menm Moyiz w'a di Arawon pran baton l' lan, voye l' atè devan farawon an. Baton an va tounen yon koulèv. 10Moyiz ak Arawon al bò kote farawon an. Yo fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon voye baton l' lan devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Baton an tounen yon koulèv. 11Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou. 12Yo voye baton pa yo atè, baton yo tounen koulèv tou. Men, baton Arawon an vale tout lòt baton yo. 13Farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a. 14Seyè a di Moyiz konsa: -Farawon an ap fè tèt di toujou. Li pa vle kite pèp la ale. 15Ale bò kote farawon an denmen maten, lè li pral soti pou l' al bò gwo larivyè Nil la. Al tann li bò larivyè a. Baton ki te tounen koulèv la, w'a kenbe l' nan men ou. 16W'a di farawon an: Seyè a, Bondye ebre yo, te voye m' di ou konsa kite pèp li a ale pou yo ka fè yon sèvis pou li nan dezè a. Men, jouk koulye a ou pa vle koute l'. 17Jòdi a, men sa Seyè a di: mwen pral fè ou konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen pral frape dlo gwo larivyè a avèk baton ki nan men m' lan, dlo a pral tounen san. 18Tout pwason yo pral mouri, dlo a pral santi move, moun peyi Lejip yo p'ap ka bwè dlo ladan li ankò. 19Seyè a di Moyiz ankò: -Di Arawon pran baton l' lan, lonje l' sou tout dlo ki nan peyi Lejip la: larivyè, kannal, letan, m'a dlo, wi, sou tout dlo ki genyen. Dlo yo va tounen san. Konsa va gen san sou tout peyi a, menm nan ganmèl yo ak nan kannari yo. 20Moyiz ak Arawon fè sa Seyè a te ba yo lòd fè a. Arawon leve baton l' lan, li frape dlo gwo larivyè a devan farawon an ak devan tout moun farawon yo. Tout dlo gwo larivyè a tounen san. 21Tout pwason nan larivyè a mouri. Dlo a vin santi move. Moun peyi Lejip yo pa t' kapab pran dlo ladan l' pou yo bwè ankò. Te gen san toupatou nan peyi a. 22Men, majisyen peyi Lejip yo te rive fè menm bagay la tou avèk maji yo. Farawon an menm t'ap fè tèt di pi rèd. Li pa koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a. 23Farawon an vire do ba yo, l' al lakay li tankou si anyen pa t' rive. 24Moun peyi Lejip yo pran fouye twou sou bò gwo larivyè a pou yo te ka jwenn dlo pròp pou yo bwè, paske yo pa t' kapab bwè dlo gwo larivyè a. 25Apre Seyè a te fin frape gwo larivyè a, li kite sèt jou pase.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
