Jou 132 sou 365

2 Istwa 17–20

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

2 Istwa 17

1Jozafa, pitit Asa, moute wa nan plas papa l'. Li ranfòse pozisyon l' devan peyi Izrayèl la. 2Li mete sòlda nan tout lavil ki gen ranpa nan peyi Jida a, li mete gouvènè nan tout peyi Jida a ak nan tout lavil Asa, papa l', te pran nan peyi Efrayim lan. 3Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo. 4Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pa t' fè tankou wa Izrayèl yo. 5Seyè a bay gouvènman l' lan fòs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fè lwanj li. 6Li te pran plezi l' nan fè volonte Seyè a. Li fè disparèt tout kote yo t'ap sèvi zidòl nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo. 7Li te gen twazan depi li te wa lè li voye kèk chèf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pèp la sa pou l' fè. Men non chèf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyèl ak Mikaya. 8Yo te gen nèf moun Levi ak de prèt ak yo. Moun Levi yo te rele Chemaya, Netanya, Zebadya, Asayèl, Chemiramòt, Jonatan, Adonija, Tobija ak Tobadonija. Prèt yo te rele: Elichama ak Joram. 9Avèk liv lalwa Seyè a nan men yo, yo mache nan tout peyi a, yo ale nan tout lavil yo pou moutre pèp la sa pou li fè. 10Tout gouvènman peyi ki te vwazen ak peyi Jida a te sitèlman pè Seyè a, yo yonn pa chache fè lagè ak wa Jozafa. 11Lekontrè, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chèf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sètmil sètsan (07.700) mouton ak sètmil sètsan (07.700) kabrit fè l' kado. 12Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fò chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadèl ak lavil pou sèvi l' depo. 13Li te gen pwovizyon an kantite nan tout lavil peyi a. Nan lavil Jerizalèm menm, li te gen anpil vanyan sòlda. 14Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kòmandan tout chèf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil (0300.000) sòlda sou zòd li. 15Li te gen avè l' Jokanan avèk desankatrevenmil (0280.000) sòlda sou zòd li. 16Avè l' toujou te gen Amasya, pitit Zikri a, ak desanmil (0200.000) sòlda. Amasya sa a te pote tèt li limenm, san pesonn pa t' mande l' pou sèvi Seyè a. 17Alatèt moun branch fanmi Benjamen yo te gen Elyada, yon vanyan sòlda, ak desanmil (0200.000) sòlda ki te gen plak pwotèj ak banza. 18Avè l' te gen Jeozabad avèk sankatrevenmil (0180.000) sòlda byen ame pou lagè. 19Se moun sa yo ki t'ap sèvi wa a lavil Jerizalèm, san konte lòt sòlda wa a te mete an ganizon nan lòt lavil ak ranpa nan peyi Jida a.

2 Istwa 18

1Jozafa te vin gen anpil richès, tout moun t'ap fè lwanj pou li. Li ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l' ak yon moun nan fanmi Akab, wa peyi Izrayèl la. 2Kèk lanne apre sa, Jozafa al rann Akab yon vizit lavil Samari. Lè sa a, Akab fè yon gwo fèt pou Jozafa ansanm ak moun ki te avè l' yo. Li te fè touye yon pakèt mouton ak bèf pou fèt la. Lèfini, li chache pran tèt Jozafa pou yo al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad. 3Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye! 4Apre sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la: -Tanpri, annou mande Seyè a sa li di nan sa. 5Se konsa, Akab reyini katsan (0400) pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Pwofèt yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou! 6Lè sa a, Jozafa di konsa: -Pa gen lòt pwofèt nou ta ka mande si se volonte Seyè a pou n' al fè sa? 7Akab reponn: -Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m' rayi l', paske li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. Jozafa reponn: -Pa di sa, monchè! 8Se konsa Akab rele yonn nan nèg konfyans li yo, li di l': -Prese al chache Miche, pitit gason Jimla a, pou mwen. 9Wa peyi Izrayèl la ak Jozafa, wa peyi Jida a, te chita yo chak sou fotèy pa yo ak bèl rad wa yo sou yo, sou gwo glasi ki bò pòtay lavil Samari a sou deyò. Tout pwofèt yo te la devan yo ap bay mesaj pa yo. 10Yonn ladan yo te rele Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fè de kòn an fè. Li di: -Men sa Seyè a di: Avèk kòn sa yo ou pral atake moun Siri yo. Ou pral fini ak yo. 11Tout lòt pwofèt yo t'ap bay menm mesaj la tou. Yo t'ap di: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou. 12Mesaje ki te pati al rele Miche a di Miche konsa: -Tout lòt pwofèt yo te pale an favè wa a. Ranje kò ou pou ou pale tankou yo tout. Pale an favè wa a. 13Men, Miche reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye vivan an, sèvi m' temwen. Sa Seyè a va di m' di se sa m'a di. 14Lè Miche rive devan wa a, wa a di l' konsa: -Miche, èske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad, osinon èske se pou n' kite sa? Miche reponn: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou. 15Men, Akab di li: -Konbe fwa pou m' di ou lè w'ap pale avè m' nan non Seyè a, se pou ou di m' laverite? 16Lè sa a, Miche reponn li: -Mwen te wè tout sòlda pèp Izrayèl yo gaye toupatou sou mòn yo, tankou yon bann mouton san gadò. Seyè a te di: Moun sa yo san chèf. Kite yo tounen lakay yo ak kè poze. 17Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa: -Mwen pa t' di ou li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen. 18Miche pran lapawòl ankò, li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li. 19Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou li al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay. 20Se lè sa a, yon lespri vanse devan Seyè a, li di: Mwen pral pran tet li. 21Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a. 22Koulye a, ou konnen Seyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, paske li pran desizyon pou l' fini avè ou. 23Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a? 24Miche reponn li: -W'a konn sa lè w'a kouri pase sot nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon. 25Se konsa wa Akab pase yon lòd, li di: -Arete Miche. Mennen l' bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a. 26Di yo mwen bay lòd pou yo mete l' nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen soti nan lagè a san danje ak malè. 27Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi. 28Se konsa Akab, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak Jozafa, wa peyi Jida a, moute al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad. 29Akab di Jozafa konsa: -Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan m al goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou men, ou mèt mete rad wa ou sou ou. Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, li al goumen. 30Men, wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo lòd pou yo pa atake pesonn pase wa peyi Izrayèl la. 31Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou yo atake l'. Men, Jozafa rele anmwe. Bondye sèl mèt la vin pote l' sekou, li fè yo vire kite l'. 32Lè mesye yo wè se pa li menm ki te wa peyi Izrayèl la, yo rete sou sa yo te vle fè a. 33Lè sa a, yon sòlda peyi Siri rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav. 34Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te rete kanpe sou cha li a, l'ap gade moun peyi Siri yo jouk aswè. Lè solèy kouche li mouri.

2 Istwa 19

1Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalèm san anyen pa rive l'. 2Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil. 3Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye. 4Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a. 5Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lòt. 6Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman. 7Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo. 8Nan lavil Jerizalèm menm, Jozafa chwazi kèk moun Levi, prèt ak chèf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalèm yo ka gen yonn ak lòt. 9Li ba yo lòd, li di yo: -Se pou nou fè travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lòd li nan tou sa n'ap fè. 10Chak fwa frè nou yo ki rete nan lòt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lòd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fè anyen ki mal devan Seyè a. Si nou pa fè sa, Seyè a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fè sa nou dwe fè, nou p'ap koupab nou menm. 11Amarya, granprèt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayèl la, chèf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapò ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fè respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyè a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.

2 Istwa 20

1Kèk tan apre sa, moun peyi Moab yo ak moun peyi Amon yo mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa. 2Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l' konsa: -Men yon gwo lame soti nan peyi Edon lòt bò Lanmè Mouri a vin atake ou. Yo gen tan pran lavil Azason Tama. Azason Tama, se yon lòt non yo te bay lavil Angedi. 3Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Seyè a sa pou l' fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn. 4Moun soti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Seyè a. 5Jozafa rete kanpe nan mitan tout pèp peyi Jida a, ansanm ak pèp lavil Jerizalèm lan, devan lakou nèf Tanp Seyè a. 6Li lapriyè byen fò, li di: -Seyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pesonn pa ka kenbe tèt avè ou. 7Ou se Bondye nou. Se ou menm ki te mete tout moun ki te rete nan peyi sa a deyò fè plas pou pèp Izrayèl la. Lèfini, ou bay tout pitit Abraram, zanmi ou lan, peyi a pou l' rele yo pa yo pou tout tan. 8Se isit la yo rete, yo bati yon tanp pou ou. Yo te di 9nenpòt malè ki ta ka tonbe sou yo pou pini yo: te mèt lagè, te mèt chatiman, te mèt move maladi osinon grangou, y'ap vin kanpe devan ou, devan Tanp sa a, paske se nan Tanp sa a ou ye. Nan tout mizè yo, y'a lapriyè nan pye ou. W'a tande yo, w'a delivre yo. 10Koulye a, men moun peyi Amon yo, moun peyi Moab yo ak moun peyi Edon yo vin atake nou. Lè zansèt nou yo t'ap soti kite peyi Lejip, ou pa t' kite yo antre nan peyi moun sa yo. Se konsa yo te chankre pou yo pa t' pase lakay yo, yo pa detwi yo. 11Gade ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an! 12Ou se Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou n' kanpe devan tout gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè! N'ap tann sa ou pral fè pou nou. 13Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Seyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo. 14Lespri Seyè a desann sou yon moun Levi ki te la nan mitan yo. Li te rele Jaziyèl. Se te yon moun nan branch fanmi Zakari. Zakari sa a te pitit Benaja ki te pitit Jeyèl. Jeyèl te pitit Matanya ki te pitit Asaf. 15Jaziyèl di konsa: -Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Seyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm. 16Denmen, nou mèt desann al atake yo. Yo pral pase moute sou ti bit flè yo. N'a kontre ak yo nan pwent ravin ki mennen nan dezè bò Jewouyèl la. 17Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Seyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Seyè a ap kanpe la avèk nou. 18Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li byen ba devan Seyè a jouk fwon li rive atè. Tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a tou pou adore l'. 19Moun Levi branch fanmi Keyat yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Kore yo leve kanpe, yo pran fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, byen fò. 20Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la. 21Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou! 22Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Seyè a, Seyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Moab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la. 23Moun peyi Amon yo ak moun peyi Moab yo atake lame moun mòn Seyi yo, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt. 24Lè moun peyi Jida yo rive sou tèt yon ti bit kote yo ka wè tout dezè a, yo voye je yo gade kote lènmi yo ye a, yo wè yo tout te kouche mouri atè a. Pat gen yon moun ki te chape. 25Jozafa ansanm ak lame li a desann al piye tou sa lènmi yo te kite. yo jwenn kantite bèt, pwovizyon, rad ak anpil lòt bagay ki te gen valè. Yo pase twa jou ap ranmase. Men te gen sitelman, yo pa t' ka pran tout pote ale. 26Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon benediksyon an pou fè lwanj Seyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a. 27Lèfini, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo ak wa Jozafa alatèt yo tounen lavil Jerizalèm ak gwo kè kontan, paske se Seyè a menm ki te ba yo okazyon fè fèt sou do lènmi yo. 28Lè yo rive lavil Jerizalèm, yo ale nan Tanp Seyè a, pandan yo t'ap jwe gita, bandjo ak twonpèt. 29Lè moun lòt nasyon yo vin konnen jan Seyè a te kraze lènmi peyi Jida yo, yo tout te soti pè anpil. 30Se konsa rèy Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinaj yo viv byen avè l'. 31Lè Jozafa moute sou fotèy wa peyi Jida a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman l' te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki. 32Jozafa te swiv Asa, papa l', pye pou pye nan tou sa li te fè. Li te fè sa ki dwat devan Seyè a. 33Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pa t'ap sèvi Bondye zansèt yo a ak tout kè yo. 34Tou sa Jozafa te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa Jeou, pitit Anani an, ki yon pòsyon nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. 35Yon lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Seyè a. 36Yo mete ansanm, yo fè fè anpil gwo batiman nan pò lavil Ezyongebè pou al fè trafik sou lanmè jouk nan peyi Tasis. 37Men Elyezè, pitit gason Dodava a, moun lavil Marecha, te avèti Jozafa. Li te di l': -Paske ou te mete tèt ou ak Okozyas, Seyè a pral kraze sa ou te bati a. Batiman yo kraze, yo pa janm rive vwayaje pou peyi Tasis.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain