Jou 131 sou 365
2 Istwa 12–16
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
2 Istwa 12
1Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Seyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou. 2Paske moun yo te vire do bay Seyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute vin atake lavil Jerizalèm nan senkyèm lanne rèy wa Woboram, 3avèk mildesan (01.200) cha lagè, swasantmil (060.000) kavalye ak yon kantite sòlda moun pa t' ka konte ki te moute avè l' soti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letiopi nan lame a. 4Li pran tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo, jouk li rive lavil Jerizalèm. 5Chichak t'ap pwoche sou lavil la, lè Chemaya, pwofèt la, al jwenn Woboram ak tout chèf peyi Jida yo ki te reyini lavil la, li di yo konsa: -Men sa Seyè a voye di nou. Menm jan nou te lage m' lan, se konsa m'ap lage nou tou nan men Chichak. 6Wa a ansanm ak chèf yo rekonèt yo te fè sa ki mal: -Seyè a gen rezon l' nan pla men l'! 7Lè Seyè a wè jan yo rekonèt tò yo, li pale ak Chemaya ankò, li di l' konsa: -Paske yo rekonèt yo pa t' dwe fè sa yo fè a, mwen p'ap detwi yo nèt. Men, lè Chichak va atake, m'ap ba yo chans pou yo chape kò yo. Mwen p'ap sèvi ak Chichak pou m' fè moun lavil Jerizalèm yo santi jan m' fache sou yo. 8Men, Chichak pral fè yo soumèt devan l'. Lè sa a, y'a wè sèvi m' ak sèvi chèf sou latè sa ki pi dous. 9Wa Chichak atake lavil Jerizalèm. Li pran tout trezò ki te nan Tanp lan ak nan palè wa a. Li pran ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo. 10Wa Woboram fè fè lòt gwo plak pwotèj an kwiv fwa sa a pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay palè a. 11Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo al pran gwo plak pwotèj yo pote vini. Lè li ale, yo pote yo tounen nan chanm gad yo. 12Paske Woboram te rekonèt li pa t' dwe fè sa l' te fè a devan Seyè a, kòlè Seyè a bese, li pa fini nèt avè l'. Men pou di vre, te gen bon bagay ki te pase nan peyi Jida lè sa a tou. 13Woboram te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l' byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disètan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama. 14Woboram te fè sa ki mal, paske li pa t' chache fè volonte Seyè a. 15Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. 16Lè Woboram mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Abija, pitit gason li, ki pran plas li sou fotèy la.
2 Istwa 13
1Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayèl la, lè Abija moute wa nan peyi Jida. 2Li gouvènen pandan twazan lavil Jerizalèm. Manman l' te rele Mikaja. Se te pitit fi Ouryèl, moun lavil Gibeya. Se te yon lagè san rete ant Abija ak Jewoboram. 3Abija leve yon lame katsanmil (0400.000) vanyan sòlda ki konn goumen. Jewoboram bò pa l' kanpe pou goumen kont Abija ak witsanmil (0800.000) vanyan sòlda ki konn goumen. 4De lame yo kontre nan mòn peyi Efrayim yo. Wa Abija kanpe sou mòn Zemarayim, li pale byen fò, li di: -Koute m' non, Jewoboram ak nou tout moun peyi Izrayèl yo! 5Eske se konnen nou pa konnen Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te pase yon kontra ak David, kontra ki pa kapab kase. Dapre kontra a, li mete gouvènman pèp Izrayèl la nan men l' ak nan men fanmi l' pou tout tan. 6Men, Jewoboram, pitit gason Nebat la, li menm ki t'ap sèvi ak Salomon, pitit David la, revòlte kont mèt li. 7Apre sa, yon bann vòryen ak yon bann vakabon al mete tèt yo ansanm ak li, yo fòse Woboram, pitit gason Salomon an, yo fè l' fè sa yo vle, paske li te jenn, li te gen tèt fèb. Li pa t' ka kenbe tèt ak yo. 8Koulye a, nou fè lide vin kraze otorite Seyè a te mete nan men fanmi David la, tou sa paske nou gen avèk nou yon gwo lame ak tout estati towo bèf an lò Jewoboram te fè pou sèvi nou bondye a. 9Nou mete prèt Seyè yo, pitit Arawon yo, deyò ansanm ak moun Levi yo, lèfini nou fè tankou lòt nasyon yo, nou chwazi moun pa nou pou sèvi prèt. Nenpòt moun ki vin jwenn nou ak yon towo bèf osinon ak sèt mouton, nou fè l' prèt bondye nou yo ki pa bondye. 10Men nou menm, se Seyè a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prèt k'ap sèvi devan Seyè a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sèvis yo se moun Levi yo ye. 11Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sèvis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Seyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li. 12Se Bondye menm ki alatèt nou avèk prèt li yo. Yo tou pare pou kònen twonpèt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutèt sa, nou menm moun peyi Izrayèl yo, pa fè lagè ak Seyè a, Bondye zansèt nou yo. Paske se nou k'ap anba. 13Jewoboram fè sòlda ki te dèyè yo fè yon detou al pase dèyè lame moun peyi Jida yo. Konsa, pifò sòlda li yo te kanpe sou devan lame moun Jida yo, ak yon bon valè sòlda li yo sou dèyè yo. 14Lè moun peyi Jida yo voye je alawonn, yo wè yo te sènen sou devan ak sou dèyè, yo rele mande Seyè a sekou. Prèt yo menm pran kònen twonpèt yo. 15Moun Jida yo bay yon sèl rèl byen fò, epi yo atake. Bondye fè Jewoboram ak tout lame moun Izrayèl yo pèdi devan Abija ak moun Jida yo. 16Moun Izrayèl yo pran kouri pou moun Jida yo, Bondye lage yo nan men moun Jida yo. 17Abija ak sòlda li yo touye yon pakèt ladan yo. Yo touye senksanmil (0500.000) nan pi bon sòlda lame pèp Izrayèl la. 18Se konsa moun peyi Izrayèl yo soti wont nan batay la, men moun peyi Jida yo soti pi fò, paske se sou Seyè a, Bondye zansèt yo a, yo te apiye. 19Abija kouri dèyè Jewoboram, li pran lavil Betèl, lavil Jesana ak lavil Efwon ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont yo. 20Jewoboram pa janm pran pye ankò pandan tout rèy Abija. Bout pou bout, Seyè a frape l', li mouri. 21Abija menm te vin pi fò toujou, li te gen katòz fanm ki te fè vennde pitit gason ak sèz pitit fi pou li. 22Tout rès istwa Abija a, tou sa li te fè ak tou sa li te di, nou jwenn yo nan liv istwa pwofèt Ido te ekri a.
2 Istwa 14
1Lè Abija mouri, yo antere l' lavil David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou rèy Asa, peyi a viv ak kè poze pandan dizan. 2Asa te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Seyè a, Bondye l' la. 3Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete. 4Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Seyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo. 5Li fè disparèt tout kote yo te konn fè sèvis pou lòt bondye yo ansanm ak lotèl pou boule lansan pou yo nan dènye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout rèy li, peyi a t'ap viv ak kè poze. 6Pandan tout tan sa a, peyi a pa t' nan dezòd, ni li pa t' nan fè lagè ak pesonn, paske Seyè a te ba li chans viv ak kè poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo. 7Li di moun peyi Jida yo: -Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Seyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l'. 8Wa Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil (0300.000) sòlda moun branch fanmi Jida ki te gen plak pwotèj ak frenn, plis desankatreven mil (0280.000) sòlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotèj ak banza pou voye flèch. Yo tout te vanyan sòlda. 9Yon moun peyi Letiopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan (0300) cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha. 10Asa soti ak lame pa l' la al kontre avè l'. De lame yo pran pozisyon nan fon Zefata a, toupre Marecha. 11Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou! 12Se konsa, Seyè a fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letiopi a. Lame Letiopi a kouri met deyò. 13Men Asa ak sòlda li yo kouri dèyè yo jouk lavil Gera. Yo touye sòlda lame Letiopi yo, yo pa kite yonn ladan yo chape. Seyè a te kraze yo tout ak lame li a. Lame a pran yon pakèt bagay lènmi yo te kite. 14Lèfini, yo detwi tout ti bouk ki te nan zòn Gera a, paske moun la yo te pè Seyè a anpil. Lame Jida a piye lavil yo. Yo pote anpil anpil bagay ale paske moun sa yo te gen anpil byen. 15Yo atake gadò mouton yo anba tant yo. Yo pran yon bon valè mouton ak chamo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.
2 Istwa 15
1Lespri Bondye te desann sou Azarya, pitit Obèd. 2Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou. 3Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a. 4Men, lè malè tonbe sou yo, yo tounen nan pye Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo chache l', li kite yo jwenn li. 5Nan tan sa yo, pesonn pa t' ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi. 6Nasyon t'ap kraze nasyon, yon lavil t'ap detwi yon lòt lavil, paske Bondye te lage tout kalite malè sou yo. 7Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou. 8Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a. 9Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo. 10Yo tout reyini lavil Jerizalèm. Lè sa a, Asa te gen katòzan twa mwa depi li te wa. 11Jou sa a, yo pran sètsan (0700) bèf ak sètmil (07.000) mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Seyè a. 12Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo. 13Yo pwomèt pou yo touye nenpòt moun, kit se fanm kit se gason, kit se granmoun kit se jennmoun, ki pa soti pou sèvi Seyè a. 14Yo fè sèman bay Seyè a byen fò y'ap kenbe angajman yo. Yo te kontan, yo t'ap rele, yo t'ap kònen twonpèt ak klewon. 15Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pesonn pa fòse yo, yo te soti pou yo te chache konnen volonte Seyè a. Seyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinaj yo. 16Wa Asa menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon yo te ba li tankou manman Larenn nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Achera. Asa kraze estati a an miyèt moso, li fè boule l' nan ravin Sedwon an. 17Atout li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan lavi li. 18Li pran tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye a, li mete yo nan Tanp lan ak tout bagay an lò ak an ajan li menm li te bay pou Bondye. 19Pat gen lagè menm jouk wa Asa rive sou trannsenkan depi li t'ap gouvènen.
2 Istwa 16
1Wa Asa te gen trannsenkan depi li t'ap gouvènen, lè Bacha, wa peyi Izrayèl la, anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun Asa yo pase antre soti nan peyi Jida. 2Lè wa Asa wè sa, li pran bagay an lò ak bagay an ajan ki te nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo bò kote Bennadad, wa peyi Siri, ki te rete lavil Damas, ak mesaj sa a: 3-Annou pase kontra yonn ak lòt, tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou te pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la. Konsa, l'a blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an. 4Wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Ijon, lavil Dann, lavil Abèl Mayim ak tout lavil nan pòsyon tè branch fanmi Neftali a ki te sèvi depo. 5Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda li te kite nan lavil Rama yo, li sispann travay li t'ap fè pou ranfòse miray lavil la. 6Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama a. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray lavil Mispa ak miray lavil Gibeya. 7Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou. 8Eske moun Letiopi yo ak moun Libi yo ansanm pa t' fè yon gwo lame ak anpil cha lagè, anpil kavalye sou chwal? Malgre sa, Seyè a te lage yo nan men ou paske ou te mete konfyans ou nan li. 9Seyè a ap veye tou sa k'ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l' ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouraj. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete. 10Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l' nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la. 11Tou sa wa Asa te fè depi premye jou li moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo ak wa peyi Izrayèl yo. 12Asa te gen trantnevan depi li te wa, lè yon gwo maladi nan pye rann li enfim. Malgre sa, li pa t' al chache gerizon nan men Seyè a. Li te pito al kay dòktè. 13Lè li mouri, li t'ap mache sou karanteyennan depi li te wa. 14Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
