Jou 127 sou 365
1 Istwa 27–29
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
1 Istwa 27
1Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (024.000) ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan. 2Pou gwoup ki te desèvis pou premye mwa a, se Jachobeam, pitit gason Zabdyèl la, ki te chèf. 3Se te yon moun nan fanmi Farèz. Li te kòmandan tout chèf lame ki te desèvis pou premye mwa a. 4Pou gwoup dezyèm mwa a, se te Dodayi, moun lavil Akoa, ki te chèf. Li te gen Miklòt pou adjwen. 5Pou gwoup twazyèm mwa a, chèf lame a te rele Benaja, pitit Jeoyada, granprèt la. 6Benaja sa a te chèf trant pi vanyan sòlda yo. Apre li, se Amizabad, pitit gason l', ki te pran kòmandman gwoup la. 7Pou gwoup katriyèm mwa a, se Azayèl, frè Joab la, ki te chèf. Apre li, se Zebadya, pitit li, ki te pran kòmandman an. 8Pou gwoup senkyèm mwa a, se Chamout, moun fanmi Izra, ki te chèf. 9Pou gwoup sizyèm mwa a, se Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, ki te chèf. 10Pou gwoup setyèm mwa a, se Elèz, moun fanmi Efrayim nan lavil Pelon, ki te chèf. 11Pou gwoup wityèm mwa a, se Sibekayi, moun lavil Oucha, ki te chèf. Se yon moun fanmi Zera nan gwo branch fanmi Jida a. 12Pou gwoup nevyèm mwa a, se Abyezè, moun lavil Anatòt nan branch fanmi Benjamen, ki te chèf. 13Pou gwoup dizyèm mwa a, se Marayi, moun lavil Netofa nan fanmi Zera, ki te chèf. 14Pou gwoup onzyèm mwa a, se Benaja, moun lavil Piraton nan zòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, ki te chèf. 15Pou gwoup douzyèm mwa a, se Eldayi, moun fanmi Otnyèl nan lavil Netofa, ki te chèf. 16Men non chèf ki te reskonsab douz gwo branch fanmi pèp Izrayèl la: Pou branch fanmi Woubenn lan, se te Elyezè, pitit gason Zikri. Pou branch fanmi Simeyon an, se te Sefatya, pitit gason Maka. 17Pou branch fanmi Levi a, se te Asabya, pitit gason Kemwèl. Pou branch fanmi Arawon an, se te Zadòk. 18Pou branch fanmi Jida a, se te Eliyou, yonn nan frè David yo. Pou branch fanmi Isaka a, se te Omri, pitit gason Mikayèl. 19Pou branch fanmi Zabilon an, se te Ismaja, pitit gason Obadya. Pou branch fanmi Neftali a, se te Jerimòt, pitit gason Azriyèl. 20Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Azazya. Pou mwatye branch fanmi Manase a, se te Joèl, pitit gason Pedaja. 21Pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, ki te rete nan peyi Galarad, se te Ido, pitit gason Zakari. Pou branch fanmi Benjamen an, se te Jasiyèl, pitit gason Abnè. 22Pou branch fanmi Dann lan, se te Azareyèl, pitit gason Jeworam lan. Se yo ki te chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo. 23David pa t' fè konte moun ki pa t' ankò gen ventan sou tèt yo, paske Seyè a te pwomèt li t'ap fè pèp Izrayèl la peple pou yo te rive menm kantite ak zetwal nan syèl la. 24Joab, pitit gason Sewouya a, te konmanse ap konte moun nan pèp la, men li pa t' fin fè l' paske sa te lakòz Bondye te fache sou pèp la. Se konsa yo pa mete nan liv Istwa wa David la kantite moun yo te jwenn. 25Se Azmavèt, pitit gason Adiyèl la, ki te reskonsab trezò wa a. Se Jonatan, pitit Ozyas la, ki te reskonsab tout depo ki te nan jaden, nan lavil, nan ti bouk ak sou fwontyè yo. 26Se Ezri, pitit gason Keloub la, ki te reskonsab tout moun ki t'ap okipe jaden wa a. 27Se Chimeyi, moun lavil Rama, ki te reskonsab tout jaden rezen yo. Se Zabdi, moun lavil Chefam ki te reskonsab tout depo diven yo te fè ak rezen yo te ranmase nan jaden yo. 28Se Baal anan, moun lavil Gedè, ki te reskonsab tout pye oliv ak pye sikomò ki te nan basrak yo. Se Joach ki te reskonsab depo lwil yo. 29Se Chitrayi, moun Sawon, ki te reskonsab tout bèf yo t'ap gade nan zòn Sawon an. Se Chafat, pitit gason Adlayi, ki te reskonsab bèf yo t'ap gade nan fon yo. 30Se Obil, moun fanmi Izmayèl yo, ki te reskonsab chamo yo. Se Jekdeja, moun lavil Mewonòt, ki te reskonsab fenmèl bourik yo. 31Se Jazis, moun peyi Aga, ki te reskonsab mouton ak kabrit yo. Se tout moun sa yo ki te jeran tout byen wa David yo. 32Jonatan, tonton David, te yon konseye. Se te yon moun lespri ki te fò anpil. Jekiyèl, pitit Akmoni, te reskonsab levasyon tout pitit gason wa a. 33Akitofèl te konseye wa a tou. Ouzayi, moun peyi Ak, te bon zanmi wa a. 34Lè Akitofèl mouri, se Abyata ak Jeojada, pitit Benaja, ki vin konseye wa a. Joab te kòmandan lame wa a.
1 Istwa 28
1David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm. 2David kanpe devan yo tout, li di yo konsa: -Frè m' yo ak nou tout moun nan pèp mwen an, koute sa m'ap di nou. Mwen te fè lide bati yon kay kote pou Bwat Kontra Seyè a rete, yon kay kote Seyè a ka mete fotèy li. Mwen te pare tout bagay pou bati kay la. 3Men, Bondye te fè m' konnen mwen p'ap ka bati kay la pou li paske se sòlda mwen ye, mwen fè twòp san koule. 4Men se mwen menm Seyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m' yo pou fè m' wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m'. Nan fanmi papa m', sa te fè l' plezi pou l' chwazi m' pou l' mete m' wa sou tout peyi Izrayèl la. 5Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li. 6Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li. 7M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan, depi li menm li toujou kenbe lòd mwen, depi li toujou mache dapre kòmandman m' yo jan l'ap fè l' jòdi a. 8Koulye a, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l' pou pitit nou yo jouk sa kaba. 9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan. 10Se pou ou rekonèt se Seyè a menm ki chwazi ou pou bati yon kay pou mete apa pou li. Mete gason sou ou! Antre nan travay! 11Apre sa, David bay Salomon plan tout kay tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo. 12Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Seyè a. 13David te ba li tou jan pou li òganize prèt yo ak moun Levi yo pou yo fè travay yo, jan pou yo fè tout sèvis nan kay Seyè a, ak jan pou yo okipe tout veso Tanp lan. 14Li di li konbe ajan ak lò la bezwen pou fè veso yo, 15pou chak lanp, pou chak gwo lanp sèt branch an ajan osinon an lò ak pèz yo chak dwe genyen dapre sèvis yo, 16pou chak tab an ajan osinon an lò kote pou yo ranje pen yo mete apa pou Seyè a. 17Li di li konbe lò l'a bezwen pou fè fouchèt yo, bòl yo, gwo gode yo, ak modèl lòt veso an ajan osinon an lò dapre pèz yo chak. 18Li di l' konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Seyè a. 19David di li: -Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Seyè a menm te ban mwen. Li esplike m' tou sa pou m' fè. 20Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini. 21Gwoup prèt yo ak gwoup moun Levi yo deja resevwa travay pou yo fè nan Tanp lan. Pou tout lòt travay yo, ou gen avè ou ouvriye ki vle ede ou, lèfini ki gen ladrès nan tout kalite djòb. Chèf yo ak tout pèp la ap tann lòd ou pou tout bagay fèt.
1 Istwa 29
1Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a. 2Mwen fè sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite. 3Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil: 4sanmil (0100.000) kilo bon lò ki soti nan peyi Ofi, ak desantrant (0230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan, 5pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye? 6Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè. 7Yo bay sanswasannsenk (0165) kilo lò, twasantrantmil (0330.000) kilo ajan, sètsanmil (0700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (03,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. 8Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an. 9Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil. 10Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! 11Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. 12Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. 13Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa. 14Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou. 15Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri. 16Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye. 17Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo. 18Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a. 19Tanpri, bay Salomon, pitit gason m' lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l' ka bati Tanp lan avèk tout materio mwen fin pare yo. 20Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a. 21Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil (01.000) ti towo bèf, mil (01.000) belye mouton, mil (01.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la. 22Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l' apa pou l' chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l' sèvi granprèt nan non Seyè a tou. 23Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l' te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l'. 24Tout chèf yo, tout sòlda yo ansanm ak tout lòt pitit David yo te rekonèt Salomon pou sèl chèf yo. 25Seyè a te bay Salomon yon bèl pozisyon devan pèp la. Li te fè gouvènman Salomon an kanpe fèm ak yon pouvwa ankenn lòt wa nan peyi Izrayèl la pa t' janm genyen anvan sa. 26David, pitit gason Izayi a, te gouvènen tout peyi Izrayèl la. 27Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la. Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm. 28Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 29Se nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri. 30Liv sa yo fè nou konnen jan li te gouvènen, jan li te yon vanyan gason, ansanm ak tou sa ki te rive l', tou sa ki pase nan peyi Izrayèl la ak nan lòt peyi yo tou.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
