Jou 126 sou 365

1 Istwa 24–26

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

1 Istwa 24

1Men moun ki te soti nan branch fanmi Arawon an dapre travay yo. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama. 2Men Nadab ak Abiyou mouri anvan papa yo, san kite pitit gason. Konsa, se Eleaza ak Itama ki vin prèt apre Arawon. 3Avèk konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo. 4Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo. 5Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun. 6Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te kouche non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo piye yonn apre lòt, de moun Eleaza pou chak yon moun Itama. 7Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te soti lè yo fin piye: Jeoyarib soti premye, Jedaja dezyèm, 8Arim twazyèm, Seorim katriyèm, 9Malkija senkyèm, Mijamen sizyèm, 10Akòz setyèm, Abija wityèm, 11Jezwa nevyèm, Chekanya dizyèm, 12Elyakib onzyèm, Yakim douzyèm, 13Oupa trèzyèm, Jekebeab katòzyèm, 14Bilga kenzyèm, Imè sèzyèm, 15Ezi disetyèm, Apizèz dizwityèm, 16Petaja diznevyèm, Ezekyèl ventyèm, 17Jakin venteyenyèm, Gamoul venndezyèm, 18Delaya venntwazyèm, Mazya vennkatriyèm. 19Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l' pou yo fè l' la, dapre lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay. 20Men non lòt chèf fanmi ki soti nan fanmi Levi a: Se te Choubayèl nan fanmi Amran, Jedeya nan fanmi Choubayèl, 21Ichiya nan fanmi Rekabya. Se li ki te pi gran. 22Te gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt. 23Nan fanmi Ebwon an te gen Jerija, pi gran an, Amarya, dezyèm lan, Jaziyèl, twazyèm lan ak Jekameam, katriyèm lan. 24Te gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche. 25Jikija, frè Miche a, Zakari, pitit gason Jikija, 26Makli ak Mouchi, pitit gason Merari, pitit gason Jazya yo, ki te pitit Merari. 27Nan fanmi Merari a, Jazya, pitit li, te gen twa pitit gason: Choam, Zakou ak Ibri. 28Makli te gen de pitit gason: Eleaza ki pa t' gen pitit gason, 29ak Kich ki te papa Jerakmeyèl. 30Mouchi te gen twa gason: Makli, Edè ak Jerimòt. Se tout fanmi Levi yo sa dapre non zansèt yo. 31Tankou moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo piye devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri.

1 Istwa 25

1Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak: 2Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'. 3Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l' mèsi. 4Eyman te gen katòz pitit: Boukija, Matanya, Ouzyèl, Sebwèl, Jerimòt, Ananya, Anani, Elyata, Gidalti, Womanti-Ezè, Josbekacha, Maloti, Oti ak Maziòt. 5Bondye te bay Eyman, pwofèt wa a, katòz pitit gason sa yo ak twa pitit fi, dapre pwomès li te fè l' pou l' te ba li anpil pouvwa. Lè yo t'ap fè konnen mesaj Bondye yo, se yo ki te pou kònen twonpèt yo. 6Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a. 7Sa te fè antou desankatrevenwit (0288) mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Seyè a. 8Yo fè tout moun piye, gran kou piti, ni sa ki te fò nan fè mizik, ni sa ki te fèk konmanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la. 9-(We vèsè 31) 10-(We vèsè 31) 11-(We vèsè 31) 12-(We vèsè 31) 13-(We vèsè 31) 14-(We vèsè 31) 15-(We vèsè 31) 16-(We vèsè 31) 17-(We vèsè 31) 18-(We vèsè 31) 19-(We vèsè 31) 20-(We vèsè 31) 21-(We vèsè 31) 22-(We vèsè 31) 23-(We vèsè 31) 24-(We vèsè 31) 25-(We vèsè 31) 26-(We vèsè 31) 27-(We vèsè 31) 28-(We vèsè 31) 29-(We vèsè 31) 30-(We vèsè 31) 31Desankatrevenwit (0288) mesye sa yo te separe chak fanmi apa. Sa te fè vennkat gwoup. Chak gwoup te gen douz moun. Nan chak gwoup te gen yon chèf ak pitit gason l' yo ansanm ak frè l' yo. Men nan ki lòd yo te soti apre yo fin piye a. Premye a te Jozèf nan fanmi Asaf la, dezyèm lan Gedalya, twazyèm lan Zakou, katriyèm lan Jisri, senkyèm lan Netanya, sizyèm lan Boukya, setyèm lan Acharela, wityèm lan Izayi, nevyèm lan Matanya, dizyèm lan Chimeyi, onzyèm lan Azareyèl, douzyèm lan Achabya, trèzyèm lan Choubayèl, katòzyèm lan Matatya, kenzyèm lan Jerimòt, sèzyèm lan Ananya, disetyèm lan Josbekacha, dizwityèm lan Anani, diznevyèm lan Maloti, ventyèm lan Elyata, venteyenyèm lan Oti, venndezyèm lan Gidalti, venntwazyèm lan Maziòt, vennkatryèm lan Womanti-Ezè.

1 Istwa 26

1Men jan yo te separe travay la pou moun Levi ki t'ap sèvi tankou gad nan pòtay Tanp lan. Nan branch fanmi Kore a, te gen Mechelemya, pitit gason Kore a ki te yon pitit Ebyasaf. 2Mechelemya te gen sèt pitit gason: Zakari pi gran an, Jedyayèl dezyèm lan, Zebadya twazyèm lan, Jatniyèl katriyèm lan. 3Elam senkyèm lan, Joanan sizyèm lan ak Elioenayi setyèm lan. 4Te gen Obèd-Edon tou. Bondye te beni l', li te ba li wit pitit gason: Chenaja premye a, Jeozabad dezyèm lan, Joa twazyèm lan, Saka katriyèm lan, Netaneyèl senkyèm lan. 5Amiyèl sizyèm lan, Isaka setyèm lan ak Peoultayi wityèm lan. 6Chemaja, premye pitit Obèd-Edon an, te gen sis pitit gason: Se yo ki te chèf nan branch fanmi yo paske yo te vanyan sòlda ak anpil ladrès. 7Men non pitit Chemaja yo: Otni, Refayèl, Obèd, Elzabad, Eliyou ak Semakya. De dènye yo te vanyan sòlda. 8Se tout fanmi Obèd-Edon an sa ansanm ak pitit yo ak frè yo. Yo tout te vanyan sòlda ak anpil ladrès pou fè travay yo. Te gen swasannde moun antou nan fanmi Obèd-Edon an. 9Nan fanmi Mechelemya a, te gen antou dizwit gason, tout vanyan sòlda. 10Nan branch fanmi Merari a te gen Oza ki te gen kat pitit gason: Se te Chimri ki te chèf fanmi an. Se pa li ki te premye pitit gason, men se papa l' ki te mete l' chèf fanmi an. 11Ilkija dezyèm lan, Tebalya twazyèm lan, Zakari katriyèm lan. Sa te fè antou trèz frè ak pitit gason nan fanmi Oza a. 12Travay gwoup moun sa yo se fè pòs nan pòtay Tanp lan. Yo te bay chak gwoup travay pa yo nan sèvis Tanp lan, tankou yo te fè l' pou lòt moun Levi yo. 13Chak fanmi, gwo kou piti, piye pou yo konnen nan ki pòtay y'ap fè travay yo. 14Chelemya soti pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Pòtay nò a soti pou Zakari, pitit gason l' lan, ki te konn bay moun bon konsèy. 15Pòtay sid la soti pou Obèd-Edon. Pitit gason l' yo te gen depo yo sou kont yo. 16Pòtay solèy kouche a ak pòtay Chalechèt ki bay sou chemen ki moute a te sou kont Choupim ak Oza. Chak faksyonnè, yonn apre lòt, te gen lè sèvis pa yo. 17Chak jou, te gen sis gad pou pòtay bò solèy leve a, kat gad pou pòtay nò a, kat gad pou pòtay sid la ak de gad pou chak depo yo. 18Pou pòsyon kay ki bay sou solèy kouche a, te gen kat gad pou wout la ak de gad pou pòsyon kay la menm. 19Men travay yo te bay moun fanmi Kore yo ak moun fanmi Merari yo. 20Gen lòt moun Levi yo te mete reskonsab trezò Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo. 21Layedan, yonn nan pitit Gèchon yo, te zansèt anpil fanmi. Yonn ladan yo te fanmi Jekiyèl yo. 22Pitit Jekiyèl yo ak pitit frè l' yo, Zetam ak Joèl, te reskonsab trezò Tanp Seyè a. 23Yo te bay pitit Amram yo, pitit Isa yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyèl yo travay pa yo tou. 24Chebwèl, yonn nan fanmi Gèchòm, pitit gason Moyiz la, te premye reskonsab trezò Tanp lan. 25Sou bò Elyezè, tonton li, li te fanmi ak Rekabya, pitit Elyezè a, ki te papa Jezaja. Jezaja sa a te papa Joram, Joram te papa Zikri, Zikri te papa Chelomit. 26Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a. 27Nan bagay yo te pran nan lagè, yo te mete kèk ladan yo apa pou fè Tanp lan pi bèl. 28Te gen bagay Samyèl, pwofèt la, wa Sayil, pitit gason Kich la, Abnè, pitit Nè a, ak Joab, pitit Sewouya a, te mete apa pou sèvis Bondye. Tou sa te sou kont Chelomit ak fanmi l' yo. 29Nan branch fanmi Jizeya a, te gen Kenanya ak pitit gason l' yo ki te reskonsab travay ki fèt an deyò Tanp lan pou pèp Izrayèl la. Se yo ki te kenbe tout papye konsekan yo, epi ki te rann jijman nan tribinal. 30Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Asabya ak fanmi l' yo, antou milsètsan (01700) vanyan gason ki te reskonsab enspekte zòn peyi Izrayèl ki te sou bò solèy kouche larivyè Jouden an, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Seyè a ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen. 31David te gen karantan depi li te wa, lè yo mennen yon ankèt nan branch fanmi Ebwon an. Lè sa a, yo jwenn te gen anpil vanyan sòlda nan fanmi sa a ki t'ap viv lavil Jazè nan zòn Galarad. Chèf fanmi Ebwon an te rele Jerija. 32Nan fanmi an, te gen antou demilsètsan (02700) vanyan gason ki te chèf fanmi yo. Wa David te mete yo reskonsab branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye nan branch fanmi Manase a ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy leve, pou wè si tout bagay ki gen rapò ak sèvis Bondye ansanm ak zafè wa a t'ap mache byen.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain