Jou 114 sou 365

2 Wa 17–18

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

2 Wa 17

1Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan. 2Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men tansèlman pa tankou lòt wa ki te gouvènen peyi Izrayèl la anvan l' yo. 3Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne. 4Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'. 5Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan. 6Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo. 7Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye. 8Yo t'ap swiv mès moun lòt nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo. 9Lèfini, moun peyi Izrayèl yo te fè yon bann bagay yo pa t' dwe fè devan Seyè a. Yo bati tanp pou zidòl nan tout lavil yo, depi nan ti bouk kote ki gen avanpòs pou faksyonnè rive nan gwo lavil ak ranpa yo. 10Sou tout mòn, anba tout gwo pyebwa, yo kanpe gwo wòch ak estati pou Achera, zidòl fanm lan. 11Yo boule lansan sou tout lotèl zidòl yo tankou moun Seyè a te mete deyò nan peyi a te konn fè. Yo fè yon bann bagay derespektan ki lakòz Seyè a te fache anpil. 12Yo adore zidòl, bagay Seyè a te ba yo lòd pa fè. 13Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an. 14Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a. 15Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa. 16Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal. 17Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò. 18Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a. 19Men, ata moun peyi Jida yo tou pa t' kenbe lòd Seyè a, Bondye yo a. Yo t'ap fè tankou moun peyi Izrayèl yo. Yo t'ap fè tout vye bagay moun peyi Izrayèl yo te ranmase. 20Se poutèt sa Seyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l'. 21Li separe pèp la, li mete moun peyi Izrayèl yo yon bò, moun fanmi David yo yon bò. Moun peyi Izrayèl yo pran Jewoboram, pitit Nebat, yo mete l' wa pou gouvènen yo. Jewoboram lakòz yo kite chimen Seyè a nèt. Li fè yo fè pi gwo peche toujou. 22Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete. 23Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a. 24Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo. 25Moun sa yo pa t' nan sèvi Seyè a. Konsa, lè yo fèk vin tabli nan peyi a, Seyè a voye lyon ki touye kèk ladan yo. 26Yo voye di wa peyi Lasiri a: Moun ou te voye vin rete lavil peyi Samari yo pa konnen jan pou yo sèvi Bondye peyi a. Se konsa bondye peyi a voye lyon k'ap fini ak yo. 27Lè sa a, wa peyi Lasiri a bay lòd sa a: Pran yonn nan prèt nou te fè prizonye yo, voye l' tounen al viv laba a pou l' ka moutre moun yo jan pou yo sèvi bondye peyi a. 28Se konsa yonn nan prèt yo te depòte yo tounen nan peyi Samari, l' al rete lavil Betèl, li moutre yo jan pou yo fè sèvis pou Seyè a. 29Men, chak nasyon te fè bondye pa yo nan lavil kote yo te rete a, yo mete yo nan tanp ansyen moun peyi Izrayèl yo te bati pou zidòl yo. 30Moun lavil Babilòn yo te fè pòtre Soukòt Benòt. Moun lavil Kout yo te fè pòtre Negal. Moun lavil Amat yo te fè pòtre Asima. 31Moun lavil Ava yo te fè pòtre Nibaz ak Tatak. Moun lavil Sefavayim yo ofri pitit yo pou boule pou Adramelèk ak Anamelèk, bondye pa yo. 32Kifè yo t'ap sèvi Seyè a, men an menm tan yo chwazi moun nan mitan yo pou sèvi prèt zidòl yo, pou fè sèvis pou yo nan tanp zidòl yo. 33Se konsa yo t'ap adore Seyè a men yo t'ap adore bondye pa yo tou, dapre koutim peyi kote yo te soti. 34Jouk jounen jòdi a y'ap fè sa yo te konn fè a. Men, yo pa adore Seyè a, yo pa fè sa li mande nan lalwa ak kòmandman li te bay moun fanmi Jakòb yo swiv. Se Jakòb sa a Bondye sèl Mèt la te bay yon lòt non, li te rele l' Izrayèl. 35Seyè a te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri ankenn bèt pou touye pou yo. 36Se mwen menm Seyè a pou nou sèvi, mwen menm Bondye nou an ki te fè nou soti kite peyi Lejip ak gwo kouraj mwen, ak fòs ponyèt mwen. Se mwen menm sèlman pou nou sèvi, pou nou adore. Se pou mwen ase pou nou ofri bèt pou touye. 37Se pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo. 38Piga nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo. 39Se mwen menm ase, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi, m'a delivre nou anba men lènmi nou yo. 40Men, moun yo pa koute m', yo toujou ap fè sa yo te konn fè anvan an. 41Konsa moun nasyon sa yo t'ap sèvi Seyè a, men yo te toujou ap sèvi zidòl pa yo tou. Pitit yo ak pitit pitit yo ap fè tankou papa yo jouk jounen jòdi a.

2 Wa 18

1Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida. 2Lè sa a, li te gen vennsenkan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Abi. Se te pitit fi Zakari. 3Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak David, zansèt li a. 4Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan. 5Ezekyas te mete tout konfyans li nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Peyi Jida a pa janm gen yon wa tankou l', ni anvan l' ni apre l'. 6Li te kenbe Bondye li fèm, li pa t' janm dezobeyi l'. Li te fè tou sa Seyè a te mande dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. 7Se poutèt sa, Seyè a te toujou la avè l'. Tou sa li te fè te byen soti. Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li. 8Li bat moun peyi Filisti yo, li kouri dèyè yo rive lavil Gaza ak sou fwontyè l' yo, li piye dènye kote yo te rete, depi ti bouk avanpòs yo rive nan gwo lavil ak ranpa yo. 9Ezekyas t'ap mache sou katran depi li te wa nan peyi Jida, Oze, pitit Ela a menm, te gen sètan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Salmanaza, wa peyi Lasiri a, anvayi peyi Izrayèl, li sènen lavil Samari. 10Sou bout twazan, li pran lavil la. Lè sa a, Ezekyas t'ap mache sou sizan depi li te wa, Oze menm te gen nevan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl. 11Salmanaza fè tout moun peyi Izrayèl yo prizonye. Li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan an, yon pati nan lavil peyi Medi yo. 12Lavil Samari te tonbe paske moun pèp Izrayèl yo pa t' obeyi Seyè a, Bondye yo a. Yo pa t' respekte kontra li te pase ak yo a. Yo pa t' fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te mande yo fè. Yo pa t' koute l'. 13Wa Ezekyas t'ap mache sou katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo. Li pran yo. 14Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesaj bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l' konsa: —Sa m' fè a mal. Tanpri, pa atake m' ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m' bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò. 15Ezekyas ba li tout ajan ki te nan Tanp Seyè a ak nan trezò palè a. 16Li dekale tout lò li menm li te fè plake sou pòt ak chanbrann pòt Tanp Seyè a, li voye yo bay wa peyi Lasiri a. 17Apre sa, wa peyi Lasiri a rete lavil Lakis li voye kòmandan chèf lame li a, chèf gad pèsonèl li a ak chèf gad palè li a ansanm ak yon gwo lame bò kote Ezekyas. Yo moute lavil Jerizalèm pou atake l'. Lè yo rive la, yo moute kan yo sou wout ki mennen nan jaden kote yo lave twal ki fenk tenn yo, toupre kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la. 18Yo voye chache wa a. Men se twa otorite ki soti vin jwenn yo. Se te Elyakim, pitit Ilkija a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a. 19Chèf gad palè wa Lasiri a di yo konsa: —Ale di wa Ezekyas men mesaj gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li: Poukisa ou gen tout konfyans sa a? 20Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase, san ou pa bezwen lespri ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye pou ou kenbe tèt ak mwen konsa? 21W'al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l' konfyans. 22Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini, li mande tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm pou yo vin devan yon sèl lotèl la? 23Antann nou avè mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m'ap ban nou demil (02.000) chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo. 24Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi se sou peyi Lejip w'ap konte pou jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè? 25Epitou, pa konprann se san konsantman Seyè a mwen vin atake peyi a pou m' detwi l'. Se Seyè a menm ki di m' atake peyi ou la pou m' detwi l'. 26Lè sa a, Elyakim, pitit Ilkija a, Chebna ansanm ak Joak, di chèf gad palè a: —Tanpri, mèt. Pale arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men, pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute. 27Men, chèf gad palè a di yo an ebre: —An! Nou konprann se pou wa nou an ansanm ak nou twa la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo? Non. M'ap pale ak tout moun ki chita sou miray la tou. Yo menm tou yo pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou! 28Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di konsa: —Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou. 29Li voye di nou pa kite Ezekyas twonpe nou. Li pa ka sove nou tande. 30Pa kite l' pran tèt nou lè l'ap di nou nou mèt sèten Seyè a pral sove nou, Seyè a p'ap lage lavil la nan men wa peyi Lasiri a. 31Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout ka manje rezen nan jaden rezen nou, n'a ka manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a ka bwè dlo nan pi nou. 32Lè wa a va vin isit la pita, la pran nou, la mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven, yon peyi kote ki gen pye oliv pou fè lwil oliv ak anpil siwo myèl. Konsa n'a viv, nou p'ap mouri. Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou. 33Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a? 34Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo, moun Ena ak moun Iva yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l'? 35Nan tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove moun yo anba men l'? Poukisa atò se Seyè a ki pou ta sove lavil Jerizalèm anba men l'? 36Men pèp la pa louvri bouch reponn, yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pesonn pa reponn. 37Apre sa, Elyakim, pitit Ilkija a, ki chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a ak Joak, pitit Azaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain