Jou 113 sou 365
2 Wa 14–16
Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel
Koute
Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.
Koute sou platfòm orijinal la ↗
Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.
Li pasaj jodi a
2 Wa 14
1Wa Joas, pitit gason Joakaz la, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Amasya, pitit Joas, moute wa nan peyi Jida. 2Li te gen vennsenkan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l' te rele Jeojadan. Se te yon moun lavil Jerizalèm. 3Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm jan ak Joas, papa l'. 4Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. 5Lè Amasya santi li byen chita sou pouvwa a, li fè touye tout chèf nan lame a ki te touye papa l'. 6Men, li pa t' manyen pitit ansasen sa yo, paske, dapre sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, Seyè a te di: Papa pa gen dwa peye pou sa pitit li yo fè, ni pitit pa gen dwa peye pou sa papa yo fè. Chak moun va peye pou sa yo fè. 7Amasya te touye dimil (010.000) sòlda peyi Edon nan fon Sale a. Li goumen jouk li pran lavil Sela. Li rele l' Jokteyèl, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a. 8Apre sa, Amasya voye misyon bay Joas, pitit Joakaz, pitit pitit Jeou, wa peyi Izrayèl la, li mande l' batay. 9Joas voye reponn li: —Yon lè, yon touf pikan ki te sou mòn Liban voye yon misyon bay pye sèd la. Li di l' konsa: Bay pitit gason m' lan pitit fi ou la pou l' marye avè l'. Yon bèt nan bwa pase bò la, li kraze touf pikan an. 10Se pou m' di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Koulye a, ou santi ou gwonèg anpil. M' byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a? 11Men, Amasya derefize koute l'. Se konsa, Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Betchemèch nan peyi Jida. 12Lame Izrayèl la bat lame Jida a byen bat. Tout sòlda peyi Jida yo vole gagè, y' al lakay yo. 13Joas, wa peyi Izrayèl la, fè Amasya, wa peyi Jida a, prizonye lavil Bètchemèch. Lèfini li mache sou lavil Jerizalèm, li kraze miray ranpa lavil la depi nan Pòtay Efrayim rive bò Pòtay Kwen an sou yon longè sankatreven mèt antou. 14Li pran dènye bagay an lò ak an ajan li jwenn, tou sa ki te nan Tanp Seyè a ak tout richès ki te nan palè wa a. Li pote yo avè l' lavil Samari, san konte kantite moun li te fè prizonye sou kondisyon. 15Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap goumen ak Amasya, wa peyi Jida a, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 16Lè Joas mouri, yo antere l' lavil Samari nan kavo wa Izrayèl yo. Se Jewoboram, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 17Amasya, pitit Joas, wa peyi Jida a, te viv kenzan ankò apre lanmò Joas, pitit Joakaz, wa peyi Izrayèl la. 18Tout rès istwa Amasya a ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 19Yo moute yon konplo lavil Jerizalèm pou yo touye Amasya. Se konsa Amasya kouri al kache lavil Lakis. Men, lènmi l' yo rapouswiv li, yo touye l'. 20Apre sa, yo mete kadav li sou chwal, yo tounen avè l' lavil Jerizalèm, yo antere l' lavil David la nan kavo zansèt li yo. 21Tout pèp peyi Jida a pran Azarya, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Azarya te gen sèzan lè sa a. 22Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l' tounen anba otorite wa Jida a, apre lanmò papa l'. 23Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l'. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyen an. 24Men li fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 25Se Jewoboram ki reprann tout zòn ki te pou peyi Izrayèl la depi nan Pas Amat la nan nò, rive Lanmè Mouri a nan sid, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Jonas, sèvitè l' la, mesaj la. Jonas sa a, pitit Amitayi, te yon pwofèt lavil Gatefè. 26Seyè a te wè jan pèp Izrayèl la t'ap soufri anpil. Tout moun, jenn gason kou granmoun, t'ap pase pa yo. Pa t'gen pyès moun pou pote yo sekou. 27Se konsa, li voye Jewoboram, pitit Joas la, pou vin delivre yo, paske se pa t' janm lide l' pou l' te disparèt yo sou latè. 28Tout rès istwa Jewoboram lan, tou sa li fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè, jan li te fè lavil Damas ak lavil Amat soti anba men moun Jida yo tounen anba otorite wa Izrayèl la, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo. 29Lè Jewoboram mouri, yo antere l' menm kote ak tout wa Izrayèl yo. Se Zakari, pitit li, ki moute wa nan plas li.
2 Wa 15
1Wa Jewoboram te gen vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Azarya, pitit Amasya, moute wa nan peyi Jida. 2Li te gen sèzan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkanndezan. Manman l' te rele Jekolya. Se te moun lavil Jerizalèm. 3Li te fè sa ki dwat devan Seyè a, menm jan ak Amasya, papa l'. 4Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. 5Seyè a peni wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l' jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pa t' kite l' gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a. 6Tout rès istwa Azarya a ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 7Lè Azarya mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan lavil David la. Se Jotam, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 8Wa Azarya te gen tranntwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Zakari, pitit Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan sis mwa. 9Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li te lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 10Chaloum, pitit Jabès, moute yon konplo sou do Zakari. Li atake l' lavil Jibleyam, li ansasinen l'. Apre sa, li moute wa nan plas li. 11Tout rès istwa Zakari a ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 12Se konsa pawòl Seyè a te di Jeou a rive vre. Li te di l': Pitit ou yo ap chita sou fotèy wa peyi Izrayèl la jouk sou kat jenerasyon apre ou. 13Wa Azarya te gen trannevan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Chaloum, pitit Jabès, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan yon mwa. 14Menayèm, pitit gason Gadi, soti lavil Tiza, li moute lavil Samari, l' al atake Chaloum. Li touye l', lèfini li moute wa nan plas li. 15Tout rès istwa Chaloum lan ak konplo li te moute sou do Zakari a, tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 16Apre sa, Menayèm soti lavil Tiza, li atake lavil Tifsak, li touye dènye moun ki te rete ladan l' ak nan tout vwazenaj lavil la. Li menm rive louvri vant tout fanm ansent yo. Li te fè sa paske yo pa t' louvri pòtay lavil la ba li. 17Wa Azarya t'ap mache sou tranteyennan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Menayèm, pitit Gadi, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dizan. 18Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Jouk jou li mouri a, li lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 19Poul, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil (03000) kilo ajan pou Poul te ka ede l' chita pouvwa li nan peyi a. 20Pou Menayèm te ka peye kantite lajan sa a bay wa Lasiri a, li pase lòd nan peyi a pou chak moun rich nan peyi Izrayèl la bay yon demi kilo ajan yo chak. Apre sa, wa peyi Lasiri a tounen lakay li, li pa rete pi lontan nan peyi Izrayèl. 21Tout rès istwa Menayèm lan ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 22Lè li mouri, se Pekaya, pitit li, ki moute wa nan plas li. 23Wa Azarya t'ap mache sou senkantan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Pekaya, pitit Menayèm, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan dezan. 24Men, li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 25Men, yonn nan òdonans li yo, Peka, pitit gason Remalya, moute yon konplo sou do li. Li pran senkant gason nan lavil Galarad, l' al atake gwo fò ki nan palè wa a lavil Samari, li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. 26Tout rès istwa Pekaya a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 27Wa Azarya t'ap mache sou senkanndezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Peka, pitit Remalya, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan ventan. 28Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. 29Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. 30Lè sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l', li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t'ap gouvènen peyi Jida. 31Tout rès istwa Peka a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 32Wa Peka, pitit Remalya, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Jotam, pitit Ozyas, moute wa nan peyi Jida. 33Li te gen vennsenkan lè li moute wa. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk. 34Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak Ozyas, papa l'. 35Tansèlman, li pa t' kraze tanp bondye lòt nasyon yo, kifè moun yo te toujou al touye bèt, boule lansan nan tanp sa yo. Se Jotam ki te bati gwo pòtay ki nan Tanp Seyè a. 36Tout rès istwa Jotam ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 37Se sou reny li Seyè a te voye Rezin, wa peyi Siri, ak Peka, pitit Remalya a, vin atake peyi Jida yonn apre lòt. 38Lè Jotam mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan lavil David, zansèt li a. Se Akaz, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.
2 Wa 16
1Wa Peka, pitit Remalya, te gen tan gen disetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Akaz, pitit Jotam, moute wa peyi Jida. 2Akaz te gen ventan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' mache dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'. 3Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv. 4Li fè touye bèt, li boule lansan nan tout tanp zidòl yo sou ti mòn yo ak anba gwo pyebwa. 5Se sou reny Akaz, Rezin, wa peyi Siri a, ak Peka, pitit gason Remalya a, wa peyi Izrayèl, mache sou lavil Jerizalèm pou yo atake l'. Yo fèmen Akaz anndan lavil la, men yo pa t' ka pran lavil la. 6Se lè sa a wa peyi Edon an pwofite pou reprann lavil Elat nan men moun peyi Jida yo, li mete yo deyò nan lavil la. Se konsa moun Edon yo tounen nan lavil la kote yo rete jouk jounen jòdi a. 7Lè sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: —M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m'. 8Akaz pran ajan ak lò ki te nan tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado. 9Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin. 10Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la. 11Se konsa, Ouri gen tan bati yon lotèl sou modèl wa Akaz te voye ba li soti Damas la anvan menm Akaz tounen soti Damas. 12Lè Akaz tounen soti Damas, li wè lotèl la, li pwoche, li moute bò lotèl la. 13Li fè boule yon bèt sou li, li fè ofrann grenn jaden. Li vide yon ofrann diven ak san bèt li te ofri pou di mèsi a sou lotèl la tou. 14Lotèl an kwiv ki apa pou Seyè a te ant lotèl sa a ak kay Seyè a. Akaz fè deplase l' wete devan Tanp lan, li mete l' sou kote lòt lotèl la sou bò nò. 15Epi Akaz bay Ouri lòd sa a: —Se sou gwo lotèl mwen an pou ou fè ofrann bèt yo boule nèt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswè a. Se sou li pou ou fè ofrann bèt pou boule nèt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pèp la. Se sou li w'a ofri san bèt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bèt yo ofri pou boule nèt ak bèt y'a ofri bay Bondye. Pou lotèl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen. 16Ozyas, prèt la, fè tou sa wa Akaz te ba li lòd fè. 17Apre sa, wa Akaz fè demoute kabwa an kwiv yo. Li fè wete gwo basin an kwiv ki te chita sou bèf yo, li fè mete l' sou yon pave wòch. 18Lèfini, pou l' te fè wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfòm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fè fèmen pòt deyò a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan. 19Tout rès istwa wa Akaz la, tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 20Lè wa Akaz mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan Lavil David. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain
