Jou 112 sou 365

2 Wa 11–13

Li Labib Nan 1 AN · Pastè Storly Michel

Koute

Pleyè ofisyèl podcast la (Podbean) ap chaje lè ou peze bouton an.

Koute sou platfòm orijinal la ↗

Odyo: Li Labib Nan 1 AN — Pastè Storly Michel. Tout dwa rezève pa otè yo; BibleSlide pa kopye ni pa estoke odyo a.

Li pasaj jodi a

2 Wa 11

1Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa a. 2Men lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri. 3Joas rete kache nan tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la pandan sizan. Atali menm t'ap gouvènen peyi a. 4Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, fè chache tout kaptenn gadkò wa a ak tout chèf gad palè yo, li fè yo vin jwenn li nan tanp lan. La, li pran dizon ak yo, li fè yo fè sèman epi li moutre yo Joas, pitit wa a. 5Apre sa, li ba yo lòd sa a: —Men sa nou pral fè! N'ap separe moun k'ap vin pran pòs jou repo a an twa gwoup menm fòs, yon gwoup va fè pòs nan palè wa a, 6yon lòt gwoup va kanpe bò pòtay Sou a, dènye gwoup la va rete bò pòtay ki dèyè lòt gad yo. Y'a moute lagad nan palè wa a yonn apre lòt. 7De gwoup gad k'ap leve pòs jou repo a va moute gad nan tanp Seyè a pou pwoteje wa a. 8N'a fè yon gwo wonn ak wa a nan mitan. N'a kenbe zam nou nan men nou. Si yon moun ta vle pase nan mitan nou se pou nou touye l'. Kote wa a va fè, n'a fè avè l'. 9Kaptenn yo fè tou sa Jeojada, prèt la, te ba yo lòd fè a. Yo pran tout gad yo, ni sa ki t'ap pran pòs jou repo a, ni sa ki t'ap leve pòs jou sa a tou, y' al jwenn Jeojada, prèt la. 10Jeojada pran frenn ak plak pwotèj wa David yo ki te nan Tanp Seyè a, li bay kaptenn gad yo kenbe. 11Gad yo menm, yo chak ak zam yo nan men yo, li ranje yo tout devan Tanp lan depi sou bò dwat rive sou bò gòch, yo fè wonn lotèl la pou pwoteje wa a. 12Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a! 13Lè Atali tande tout bri gad yo ak pèp la t'ap fè, li kouri al nan tanp lan kote moun yo te ye a. 14Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l' kase. Li chire rad sou li, li rele: —Men yo moute yon konplo sou do m! 15Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t'ap kòmande lame a lòd sa a: —Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l', mennen l' deyò. Touye nenpòt moun nou wè k'ap swiv li. Prèt la pa t' vle pou yo touye l' nan Tanp Seyè a. 16Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'. 17Apre sa, Jeojada, prèt la, pase yon kontra ant Seyè a ak wa a ansanm ak pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. Li pase yon kontra tou ant wa a ak pèp la. 18Lèfini, tout pèp la al nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati yo byen kraze. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad veye Tanp Seyè a. 19Apre sa, li menm, kaptenn yo, gad wa yo, gad palè yo ak tout pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, y' ale nan palè wa a. Yo pase antre nan pòt gad yo. Joas al chita sou fotèy wa a. 20Tout pèp la te kontan anpil. Yo te touye Atali ak kout nepe nan palè wa a. Apre sa, pa t' gen yon ti bri nan tout lavil la. 21Joas te gen sètan lè l' moute wa.

2 Wa 12

1Lè sa a, Jeou t'ap mache sou sètan depi li t'ap gouvènen. Joas pase karantan lavil Jerizalèm ap dirije peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya. 2Joas pase tout lavi li ap fè sa ki dwat devan Seyè a, paske se Jeojada, prèt la, ki te leve l'. 3Tansèlman, se pa sa ki te fè tanp zidòl yo disparèt nan peyi a. Moun yo te toujou ap fè ofrann, ap boule lansan nan tanp sa yo. 4Yon jou, Joas rele prèt yo, li di yo: —Se nou ki pou reskonsab tout lajan ofrann yo pote nan tanp Seyè a, ni lajan chak moun fèt pou yo bay pou sakrifis yo, ni lajan moun yo vle bay paske yo fè lide a. 5Chak prèt va resevwa lajan nan men moun yo konnen. Y'a sèvi ak lajan sa a pou fè reparasyon ki bezwen fèt nan Tanp lan. 6Men, Joas te gen tan ap mache sou venntwazan depi li te wa, prèt yo pa t' fè ankenn reparasyon nan Tanp Seyè a. 7Wa Joas rele Jeojada, prèt la, ansanm ak tout lòt prèt yo, li di yo: —Poukisa nou pa fè reparasyon nan Tanp lan? Depi jòdi a, nou p'ap resevwa lajan ankò nan men moun nou konnen yo. Se pou nou renmèt lajan an pou yo ka fè reparasyon nan tanp lan. 8Prèt yo dakò pou yo pa kenbe lajan yo resevwa nan men pèp la ankò, lèfini pou yo pa reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan. 9Lè sa a, Jeojada, prèt la, pran yon bwat, li fè yon twou nan kouvèti li, li mete l' toupre lotèl la, sou bò dwat lè w'ap antre nan Tanp Seyè a. Se ladan l' prèt ki t'ap veye nan papòt Tanp lan mete tout lajan yo te bay pou Tanp lan. 10Chak fwa yo wè te gen bonkou lajan nan bwat la, sekretè wa a ansanm ak granprèt la vini, yo kontwole lajan an, yo mete l' nan sak. 11Lè yo fin make kantite lajan yo te jwenn lan, yo renmèt li bay moun ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan. Moun sa yo menm peye bòs chapant yo, lòt bòs ki t'ap fè travay nan Tanp lan, 12bòs mason yo ak moun k'ap taye wòch yo. Yo achte bwa ak gwo wòch taye pou fè reparasyon nan Tanp Seyè a. Se yo menm ki te fè tout kalite depans pou sa. 13Men yo pa t' pran nan lajan yo te pote nan Tanp lan pou fè gwo basin an ajan, kouto, bòl ak twonpèt yo, ni ankenn lòt bagay an lò osinon an ajan. 14Yo te renmèt tout lajan an bay moun ki te reskonsab travay yo pou yo te ka sèvi avè l' pou fè reparasyon nan Tanp Seyè a. 15Yo pa t' fè ankenn regleman ak moun ki te reskonsab lajan pou peye travayè yo, paske se moun serye yo te ye. 16Yo pa t' mete lajan ofrann moun fè pou peye pou sa yo fè ki mal ak lajan ofrann moun fè pou peche yo fè san yo pa konnen nan bwat Tanp Seyè a. Se pou prèt yo li te ye. 17Lè sa a, Azayèl, wa peyi Siri a, atake lavil Gat. Li pran l', lèfini li pran mache sou lavil Jerizalèm. 18Joas, wa peyi Jida a, pran tout bagay zansèt li yo, depi Jozafa ak Joram rive sou Okozyas ki te ansyen wa peyi Jida yo, te ofri bay Seyè a ansanm ak tout bagay li menm li te ofri bay Seyè a epi ki te nan Tanp lan, li pran tout lò li jwenn nan trezò Tanp lan ak tout lò ki te nan palè a, li voye yo fè Azayèl, wa peyi Siri a, kado. Azayèl chanje lide, li pa moute atake lavil Jerizalèm ankò. 19Tout rès istwa Joas ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Jida yo. 20Se pwòp chèf li yo ki te moute yon konplo sou do l'. Yo touye l' nan kay yo te bati sou ranblè ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, sou wout ki mennen desann bò Sila a. 21Se Jozaka, pitit Chimeya, ak Jozabab, pitit Chomè, de chèf ki t'ap sèvi ak wa a, ki touye l'. Yo antere Joas nan lavil David nan kavo fanmi an. Se Amasya, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.

2 Wa 13

1Joas, pitit wa Okozyas, t'ap mache sou venntwazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Joakaz, pitit Jeou, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan disetan nan lavil Samari. 2Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a. 3Se konsa li fè Seyè a fache sou moun peyi Izrayèl yo. Se sa ki fè Seyè a te lage yo nan men Azayèl, wa peyi Siri a, ak nan men Bennadad, pitit li, anpil fwa. 4Lè sa a, Joakaz lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li paske li te wè jan wa peyi Siri a t'ap toupizi moun peyi Izrayèl yo. 5Seyè a voye yon moun pou sove pèp la. Se konsa, moun peyi Izrayèl yo soti anba men pèp Siri a. Yo tanmen viv ankò ak kè poze tankou anvan. 6Atousa, yo pa t' sispann fè peche fanmi Jewoboram yo te lakòz pèp la te fè. Yo lage kò yo nan fè menm peche yo tou. Estati Astate a te toujou kanpe lavil Samari. 7Lame Joakaz te rete avèk sèlman senkant kavalye, dis cha lagè ak dimil (010.000) sòlda apye, paske wa peyi Siri a te touye tout lòt yo, li te pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè. 8Rès istwa Joakaz la ansanm ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. 9Lè Joakaz mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Joas, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. 10Wa Joas t'ap mache sou trannsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Joas, pitit Joakaz la, moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan sèzan nan lavil Samari. 11Men, li te fè sa ki mal nan je Seyè a, li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la peche tou. Li lage kò l' pi rèd ladan l'. 12Tout rès istwa Joas la, tout sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè ak Amasya, wa peyi Jida a, tou sa te ekri nan liv Istwa Wa peyi Izrayèl yo. 13Lè li mouri, yo antere l' menm kote ak lòt wa peyi Izrayèl yo lavil Samari. Se Jewoboram ki moute wa nan plas li. 14Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l' ale. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l'. Wa a kriye, li lage kò l' sou figi Elize, li di konsa: —Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, w'ap mouri vre! 15Elize di li: —Pran yon banza ak kèk flèch. Wa a pran yon banza ak kèk flèch. 16Lè sa a, Elize di l' konsa: —Pare ou pou ou tire yon flèch. Wa a pare. Elize mete men pa l' sou men wa a. 17Li di l': —Louvri fennèt ki bay sou solèy leve a. Wa a louvri fennèt la. Elize di li: —Koulye a tire! Wa a tire flèch la, lè sa a Elize pale byen fò li di: —Men flèch Seyè a voye pou bay delivrans lan, flèch ki pral kraze peyi Siri a! Ou pral bat moun Siri yo lavil Afèk jouk ou a fini ak yo. 18Apre sa, Elize di wa a: —Pran lòt flèch yo! Wa a pran flèch yo. Elize di li: —Frape yo atè. Wa a frape yo atè an twa fwa epi li rete. 19Lè sa a, pwofèt la fache sou li, li di l' konsa: —Se pou ou te frape atè a senk fwa osinon sis fwa. Konsa, ou ta bat moun peyi Siri yo jouk ou ta fini nèt nèt ak yo. Koulye a, ou pral bat yo twa fwa ase. 20Elize mouri, yo antere l'. Chak lanne moun Moab yo te konn fè bann pou vin fè piyay nan peyi Izrayèl la. 21Yon lè moun peyi Izrayèl yo tapral antere yon moun mouri, yo wè yonn nan bann moun Moab yo, yo prese lage kadav la nan tonm Elize a epi yo met deyò. Kadav la al tonbe sou zosman Elize yo. Lamenm, mò a leve vivan, li kanpe sou de pye l'. 22Azayèl, wa peyi Siri a, te maltrete pèp peyi Izrayèl la pandan tout reny Joakaz. 23Men, Seyè a te aji byen ak moun peyi Izrayèl yo, li te gen pitye pou yo. Li pa t' kite moun fini ak yo, li te ede yo poutèt kontra li te pase ak Abraram, Izarak ak Jakòb. Li pa janm bliye pèp li a, jouk lè sa a. 24Lè Azayèl, wa peyi Siri a, mouri, se Bennadad, pitit li, ki moute wa nan plas li. 25Wa Joas, pitit gason Joakaz, repran nan men Bennadad tout lavil Azayèl te pran yo lè li t'ap fè lagè ak Joakaz la, papa l'. Joas bat Bennadad an twa fwa, li reprann tout lavil peyi Izrayèl yo nan men l'.

Tèks biblik: Bib La — sous · Public Domain