Kouplè 1
Mwen se pèleren e vwayajè, Mwen p ap rete toutan sou la tè a E mwen konnen avèk asirans M ava wè Jezi nan syèl.
Kè
Ki gran jou! ki gran jou! jou sa a va ye Mwen va ajenouye nan pye li Pou m ba li tout onè l merite Lè sa a kè mwen va ranpil avèk jwa Lè m a wè m nan bra Jezi.
Kouplè 2
Soufrans pa mwen se pou yon ti tan Mwen pa plenyen pou pwoblèm lavi Women chapit 8 vese premye, Mwen pa gen kondanasyon.
Kouplè 3
Plezi nan monn sa a p ap gare m Richès nan monn sa a p ap ebranle m Jezi deja fè mwen yon pwomès: Plezi nan syèl la pi dous.
