Chant 73

Mwen vle rakonte sa Kris fè pou mwen

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Mwen vle rakonte sa Kris fè pou mwen Depi li jwenn mwen zafè m tou chanje Nan prizon dyab la Kris ban m libète Wi Jezi te delivre m.

Kè

Jezi te delivre m Jezi te delivre m Tenèb peche tounen nan bèl klate Wi Jezi te delivre m.

Kouplè 2

Chanalite fè m bliye gras Bondye, Sousi lavi te fè mweb pè lanmò Jezi sove m e mwen pa pè ankò Wi Jezi te delivre m

Kouplè 3

Sa Kris fè pou mwen l a fè l pou ou tou Levanjil la se pou moun toupatou Sa l fè pou mwen la fè l pou ou tou Wi Jezi vle delivre ou.

Retour aux chants