Kouplè 1
N ap viv nan yon ti tan Lasyans ape fè pwogrè Lè nou ouvri Bib la Se bagay ki te ekri Lèzòm al nan lalin
Kè
Bondye bay konesans Pou chanje kè lèzòm, Epi sa ki pi bèl, Li fè yo al nan lalin Men ou menm frè mwen, Piga w pèdi lafwa Tout sa se pwofesi Nou wè k ap akonpli.
Kouplè 2
Frè mwen an Jezikri, Annou travay pou mèt la Ou menm k ap priye Miltipliye priyè ou Ou menm k ap preche Mande Jezi direksyon Si ou preche lachè Ou met tèt ou nan erè.
Kouplè 3
Lèzòm al nan lalin Y ap chache sekirite Gen lè yo te konprann Yo t ape wè sovè a Lè yo te rive, Yo wè se tankou latè Yo pat wè Letènèl Epoutan l ap gade yo.
Kouplè 4
Pitit Jezi yo Piga nou dekouraje Gen yon jou k ap vini, Bondye pral mande nou kont, E selon sa nou fè Li va ban nou rekonpans; Se sèlman Letènèl Ki va genyen dwa sou nou.
