Chant 32

Kretyen pa dwe gen tristès

Réveillons-Nous · Créole

Kouplè 1

Kretyen pa dwe gen tristès Tankou moun ki gen espwa; Men konn ki moun nou ye Nou se pitit yon Wa, Mwen di nou an verite; Sa se pawòl sèten, Pou moun k ap swiv Jezi Pou kè nou pa twouble.

Kè

Nou dwe kontan, Nou dwe Jwaye Menm zwazo pa plante, Men li rive viv ere Jezi va pran swen nou.

Kouplè 2

Men si lòm te gen lespri Pou yo konnen jan Bondye bon Yo ta met tèt ansanm Yo ta viv tankou de pwason Ki rete nan dlo lanmè; Si nou te kite Bondye Kondwi nou jan li vle; Nou ta wè jan sa bèl.

Kouplè 3

Bondye mete pye nan lòm Pou l mache kote li vle Li wè sa pa sifi Toujou pou lòm mache; Men gen peyi ki lwen anpil, Li ba yo konesans Pou fè avyon vole Pou y al kote yo vle.

Kouplè 4

Men lòm te dwe kalkile Bondye fè yon sèl soley Li mete l nan syèl Pou klere toupatou, Tout kote nou ye sou latè Men se yon sèl solèy Pa mande youn ankò, Ala gran Bondye gran.

Retour aux chants