Kouplè 1
Lè pwoblèm vin pou ravaje m, Tristès decouraje m, Tout pòt fèmen, nanpwen wout pou m pase; Mwen louvri bra mwen bay Jezi, Li tande lè m priye Nanpwen montay Bondye pa deplase.
Kè
Nanpwen montay ki ka kanpe Devan pisans Bondye Lè m rete fè m e kè m pa boulvèse Mwen konnen wout la pa fasil, Eprèv yo difisil Nanpwen montay Bondye pa deplase
Kouplè 2
Jezi Mande pou l ede nou Nanm nou va jwenn sekou Pisans Li fò, pa gen pi gran pase l Li bay pouvwa pou nou mare, Pouvwa pou nou lage Ak Bondye la tout sikonstans chanje.
Kouplè 3
Annou pèsevere frè m yo, Pèsevere sè m yo Annou kenbe bra Jezikri pi fò Si pou nou genyen laviktwa, Fò nou kenbe pi fò Bondye konnen nan ki batay nou ye.
Kouplè 4
Pèsekisyon gen pou l fini Tantasyon pral fini Satan genyen pou l krenn tout kretyen yo Konvwatiz yo gen pou ale, lachè gen pou l kraze Nanpwen montay Bondye pa deplase.
