Kouplè 1
Le n rete nap gade Nou wè tout bagay tounen dèyè Menm latè revolte Nou wè menm solèy la vin pi cho Lè n gade nan legliz Rayisman vle ranplase lanmou Nape rele Bondye poun mande'l Kote sa prale.
Kè
Vini, vini non Senyè Jezi Vini, vini se ou nape tann Vini, vini non Senyè Jezi Vini, vini nou pa ka rete Vini, vini non Senyè Jezi Vini, vini se ou nape tann Vini, vini non Senyè Jezi Vini, vini nou prale avè ou.
Kouplè 2
Nap viv nan yon moman Nou wè pwofesi yo ap akonpli Pitit pa konn manman Nou wè papa pa vle wè pitit Manman avèk papa Pa gen pouvwa sou pitit ankò Tout moun fè sa yo vle, Pa gen pèson ki ka kòmande
Kouplè 3
A la bèl sa va bèl Se lè n a wè nou kite tè sa a Pou nou monte nan syèl Pou n al rejwi avèk papa nou Wi sa va mèvèye Se lè n a wè n nan pye Senyè a Lè sa a nou va bliye Tout traka n te pase sou tè sa a.
