Chant 8

Senyè ou sonde m ou konnen

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Senyè ou sonde m ou konnen Ki moun mwen ye Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe Malgre ou byen lwen ou konnen Tout sa k nan mwen Ou konnen sa mwen di Menm lè bouch mwen ret fèmen Kote m vire ou la ou pwoteje m ak pouvwa ou Tout lajwa m se nan ou, louwanj ak glwa m pote ba ou

Kè

Tout je m fikse sou ou papa mwen Se ou sèl mwen vle suiv jouk lafen Lè men m nan men w, m ap toujou mennen Solèy ap klere nuit kou lajounen Tout wout mwen ap klere jouk lafen

Kouplè 2

Senyè konesans ou genyen twòp pou mwen Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je w Nan syèl, anba tè ou nan peyi byen lwen La ankò w ap toujou fè m santi jan w pre m Kit fè nwa lajounen tout bagay byen klè pou ou Lè m voye je gade w Tout nanm mwen vle louwe ou

Kouplè 3

Senyè sa ou vle twò difisil pou konprann Lèfini yo anpil menm pi plis pase zetwal Menm si m fè Jefò mwen fè tenten anba chal Pou m mache nan bon wout Se sou ou sèl mwen depann Sonde mwen, fouye mwen, Ak tout fòs mwen m vle louwe w

Retour aux chants