Chant 9

Kenbe je n sou Jezi

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Monn jodi a chaje pèlen Ki ka trennen n ale byen lwen Peche gaye anndan legliz Pou fè pitit Bondye yo nan jere Kriz Men n vle konnen n gen yon Sovè Ki tande lè nou plenn, lè n nan malè

Kè

Kenbe je n sou Jezi (2 fwa) Pa gad adwat agòch Ni benyen nan banbòch Men kenbe je nou sou Jezi Kole je n sou Jezi (2 fwa) Konsa p ap janm tounen A l benyen nan tenten Paske je n kole sou Jezi.

Kouplè 2

Sou lakwa ou pote viktwa Sa fè n konprann jan w gen pouvwa Se bò dwat Bondye ou chita W ap toujou kenbe nou jouk sa kaba Nou p ap janmen gade anba Je n ap toujou kole sou papa

Retour aux chants