Chant 6

Senyè, mwen deside pou m yon modèl

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Senyè, mwen deside pou m yon modèl Ajenou m ap rete, pou ou m vle fidèl Tanpri wete nan mwen tout move zèl Senyè, m vle yon bon modèl Chay peche m yo fè m rebèl Men, m fikse je m sou ou, lavi m bèl Lavi m bèl, m se modèl Mwen nan wout pou syèl M pa ka nan pèlmèl Lavi m bèl, m se modèl Mwen nan wout pou syèl Glwa pou Emanyèl Mwen vle pou m ka fidèl Yon kè ki pa rebèl Mwen vle tankou Abèl Parèt devan lotèl Pou prezante w vi mwen Pou ou ka wè l Senyè jan ou patènèl Transfòme mwen fè m vin bèl De je m fikse sou ou, lavi m bèl.

Retour aux chants