Kouplè 1
Mache nan chemen lavi Mande pou nou pote fwi Pou fè kè Bondye rejwi Pou pisans satan detui Men si nou vle reyisi Fò n li Bib la pou n grandi Fòk nou ranpli ak Lespri Fòk je nou fikse sou Jezi
Kè
Fòk je nou fikse sou Jezi Fòk nou chita nan pawòl li Fòk nou met konfyans nou nan li Fò n lage nou nèt nan men li
Kouplè 2
Senyè m santi m pa kapab Kontinye viv nan rayisab M vle viv kon moun responsab Lè je m sou Jezi m kapab Lè je m sou Jezi m kapab Rete fè m inebranlab Pou m travay ak kè emab Pou m travay etap pa etap
Kè
Men, fòk je m fikse sou Jezi Fòk mwen chita nan pawòl li Fòk mwen met konfyans nou nan li Fò m lage mwen nèt nan li
Kouplè 3
Bondye pa nan patipri Tout moun bezwen Jezikri Pou sa li mande n ofri Levanjil bay gwo kon piti An n travay pou Mèt la tanpri An n di moun na Kris se jodi An n fikse je nou sou Jezi
