Chant 46

Mache, mache nap mache

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Lontan nou te pèdi, nou te nan fènwa Nou t ap viv byen lwen Bondye Men Bondye voye Jezi mouri Pou nou te kapab sove Kounye a nan Jezi Wi lavi nou chanje Nou vini pitit Bondye Men jan ak Bondye nou se limyè An nou mache nan limyè

Kè

Mache, mache nap mache Mache nan limyè Bondye Mache, mache map mache Nou pap dòmi nape mache Nan limyè Bondye

Kouplè 2

Tout moun ki vle mache nan limyè Bondye Bezwen fè Bondye plezi Wi mennen yon vi ki sanntifye Pou chase tout vye dezi Annou viv nan lanmou Annou renmen frè nou Rete nan pawòl Bondye Menm jan ak Bondye nou se limyè Annou mache nan limyè

Kouplè 3

Genyen anpil richès pou nou nan syèl la Kote nou pral rekòlte Eritaj Bondye sere pou nou Annou di l mèsi chak jou Pou jan li kenbe nou Pou jan li gide nou Nan pye li nou vle rete Menm jan ak Bondye nou se limyè Annou mache nan limyè.

Retour aux chants