Kè
Gwo van lavi a ape souke n Tanpri papa sove n Nou pa gen lòt moun pou n rele Nan pye w Jezi nou kriye
Kouplè 1
Pwoblèm lavi antoure n Yo vle fè n pè, delivre n Nou konnen ak ou nan bak nou Nou pa bezwen pè Paske w ap delivre nou Delivre nou
Kouplè 2
Gen kèk kretyen k dekouraje Yo pèdi pasyans ak kè poze Men malgre pwoblèm Nou deside rele pi fò Jezi sovè n, Jezi sovè n
Kouplè 3
Nou konfye n pi plis nan Jezi An nou lage kòz nou ba li L a ban n lapè nan touman E sove nou anba tanpèt Ak move tan, ak move tan...
