Chant 29

Bondye pa bezwen gwo zam

Les Cantiques de Beraca · Créole

Kouplè 1

Li rive nan lavi Pwoblèm tèlman anpil Yo vle fè nou kouri Yo fè nou pèdi souri Bondye ap di nou Pou nou pa dekouraje Paske l avèk nou E li vle delivre nou

Kè

Bondye pa bezwen gwo zam Pou l delivre pitit li Ou pa bezwen dezespere Rele Jezi li va leve defi ou

Kouplè 2

Pòl avèk silas T ape soufri nan prizon Malgre sa yo te konfyan Paske yo kwè nan Bondye Li te manifeste Pòt prizon te louvri Se yon reyalite Pou w pa jamen bliye

Kouplè 3

Reveye w frè mwen Reveye w sè mwen Bondye pami moun Ki toujou kanpe devan Li chwazi ou menm Pou ou ka temwanye Jan li genyen pisans Ak Konpasyon pou pitit li

Retour aux chants