Kouplè 1
Nou regrèt, fòk nou separe, Alèkile n ap prepare Pou nou anbrase e pou nou ale Lapè, orevwa!
Kouplè 2
Nan men Bondye ki p ap kaba Se Li menm k ap gide nou pazapa Epi nou ka jwi pwoteksyon sa a, Lapè, orevwa!
Kouplè 3
Gwo delivrans n ap resevwa Avèk lanmou Li e pisans lafwa Kounye a nou pral nan gran travay la Lapè, orevwa!
Kouplè 4
Kouraj, kouraj, kenbe lafwa, Si nou pa ka ret ansanm isiba Se pou nou fidèl jouk nou nan laglwa, Lapè, orevwa!
