Kouplè 1
Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi, Li avèk mwen kote m pase; Se Li menm rakonte tout afè m Li toujou ban m konsèy.
Kè
Pa gen yon lòt ki renmen m kon Li Li konnen tou sa ki nan kè m Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi Pa gen yon lòt kon Li.
Kouplè 2
Lemonn kwè yo ka separe m ak Kris Yo pa kapab, yo pa kapab, Paske alyans la te fèt ak san Li Yo pakab kraze l.
Kouplè 3
Mwen jwenn nan Jezi Tout sa m tap chèche Lapè, lajwa, e lasante E Jezi ban mwen lavi etènèl Sa m pa t kapab achte.
Kouplè 4
Jezi bezwen lòt moun pou zanmi li L ap rele ou, l ap rele ou Si ou reponn Li l a resevwa ou E li va sove ou.
