Kouplè 1
Mwen se temwen JeziKri M ap obeyi li Lemonn pa ka bay lavi Se sèl Jezikri. Mwen vle konsakre lavi m Pou m fè sèvis li Tout byen m gen sou latè Se pou travay li.
Kè
O! wi, pou w temwen Fò w konnen Jezi Sèl pitit Bondye a Ki mouri pou nou; Lòm pa kapab jwenn Bondye San l pa jwenn Jezi Alelouya! m te pèdi Men m twouve lavi.
Kouplè 2
Abraham, papa lafwa Bib la di nou sa Avan Abraham te la Jezikri te la; Jezikri pa t janm pa la E l ap toujou la Pou w gen lavi etènèl Fò w nan Jezikri.
Kouplè 3
Lè m kwè m te prè Jeova Poutan m te byen lwen, Mwen t ap chèche verite Tout kote m pase; Tout pouvwa pou Jezikri Ki fè m wè erè m Se li ki laverite Pou letènite.
Kouplè 4
Senyè Bondye twa fwa Sen, Ki gen tout pouvwa Ou ki voye Jezikri Vin mouri pou nou Nou ba ou remèsiman Pou bon sovè sa Ki te bay lavi l pou nou: Jezi Wa tout wa.
