Kouplè 1
Senyè Bondye, mwen sezi nan prezans ou Lè m wè monn sa a Se men ou k te kreye l, Zetwal yo la, mwen tande loraj gwonde; Se pisans ou tout linivè montre.
Kè
Nanm mwen chante nan ou Bondye pisan: Ala Ou gran! Ala Ou gran! (2fwa)
Kouplè 2
Lè mwen sonje, Bondye bay sèl pitit li Pou l vin mouri, se sa ki touche kè m Sou bwa kalvè, li pote tout fado mwen, San li koule pou wete tout peche m.
Kouplè 3
Lè Kris parèt, zanj yo va admire li L a pran m nan syèl nan rejwisans toutan; M a pwostène nan pye l pou adore li, E pwoklame : Bondye ala ou gran!
