Chant 66

Chèche pou prezante ou devan Bondye

HC RL · Créole

Kouplè 1

Anndan pawòl Bondye n a jwenn Yon trezò verite kache, Men si nou fouye trezò sa a Richès li va manifeste.

Kè

Chèche pou prezante ou devan Bondye Tankou yon ouvriye epwouve tout kote, Ki p ap wont lè li parèt devan Letènèl, Ki fidèl nan bay Levanjil la.

Kouplè 2

Se pou ou li Bib ou chak jou, Pou pwofite richès Lespri, Konsa ou a proteje toutbon, pwojè ou yo va reyisi.

Kouplè 3

Bib la montre chemen lavi E Kris peye dèt peche nou; Men, fòk nou konnen Bib la byen, Pou eksplike mesaj la tou.

Kouplè 4

Se moun Bondye te enspire Ki te ekri pawòl Sakre; E lè jijman dènye rive, Se nan Liv sa a moun va jije.

Retour aux chants