Kouplè 1
Eske sa posib pou m wont Senyè mwen Li te bay lavi l, pou m te kapab rachte? Padone m Senyè, fòt mwen ak peche m Dèske mwen te pè jan lòt yo te moke m.
Kè
Fè m byen vayan pou m deklare Nenpòt ki lè; nenpòt kote, Ke Ou se Sovè m, Wa mwen e Senyè m E yon jou, nan syèl, ou va resevwa m.
Kouplè 2
Eske sa posib pou m wont Senyè a Alòske Li nan syèl ap plede pou mwen? Devan twòn Bondye Li priye pou mwen, Pou m toujou venkè sou tantatè.
Kouplè 3
Eske sa posib pou m wont Senyè a Li fè mwen pwomès ma jwenn li nan syèl la? Si m pale pou Li, pandan m isi ba, Li p ap wont mwen Menm lè mwen rive la.
