Kouplè 1
Nan gran jou rezirèksyon an Lè twonpèt Bondye va sonnen N a leve, alelouya! n a leve N a rankontre ak sovè beni Pi gran esperans nou genyen, N a leve, alelouya! n a leve.
Kè
N a leve, alelouya! n a leve, amen! N a leve Nan gran jou rezirèksyon an Lè pòt prizon lanmo kraze, N a leve, alelouya, n a leve.
Kouplè 2
Nan gran jou rezirèksyon an P ap gen pi bèl gran reyinyon N a leve, alelouya! n a leve. Ak paran nou, frè nou ak sè nou Ki te chache vrè padon an N a leve, alelouya! n a leve.
Kouplè 3
Nan gran jou rezirèksyon an N a va jwenn ak Kris anlè a N a leve, alelouya! n a leve. Jouk mwen tou l a pote nan laglwa E tout bagay va ranje, N a leve, alelouya! n a leve. (Favorites 5 - No.59)
