Kouplè 1
Nan Kris e nan Li sèl na jwenn vrè lavi Se grasa Li, vye nati a mouri, Li rachte mwen: ni kò, nanm, ni lespri Si m ap viv la a, se Kris k ap viv nan mwen.
Kè
Abondans lavi, se sa m jwenn nan Li, Li transfòme mwen, pou m sèvi Li byen, San Li te rachte mwen; Li ba mwen Lespri Sen, Nan Jezi jwenn abondans lavi.
Kouplè 2
Se Sentespri ki fè m aksepte Jezi, Li fè m konfye nan pwomès Bondye tou. Glwa apre glwa l ap chanje m nan imaj Li. Mwen grandi nan lanmou li plus chak jou.
Kouplè 3
Dlo a ki nan sous lavi a ap debòde, E se li ki pòte benediksyon, Se lavi an abondans l ap transpòte, Li bay lanmou, lajwa, lapè, padon.
