Chant 34

Bib la kanpe fèm kou yon wòch solid

HC RL · Créole

Kouplè 1

Bib la kanpe fèm kou yon wòch solid, Malgre lènmi atake l. Mesaj li grave nan kè pechè yo Pou ba yo lavi etènèl.

Kè

Bib la kanpe fèm lè mòn yo tranble, L ap rete solid si tè a deplase; An nou baze lafwa nou sou li Paske Bib la rete fèm.

Kouplè 2

Bib la kanpe, l a kanpe pou toujou, Lè lemonn gentan pase; Mwen vle obeyi tout prensip li yo, Se sèl liv sa ki enspire.

Kouplè 3

Bib la pase tout eprèv nou ba li, Paske otè l se Bondye; Ak gras mwen vle viv dakò avèk li, Wi pawòl Bondye se pou mwen.

Retour aux chants