Chant 33

Mwen gen yon anvi Kè m anvi wè Jezi

HC RL · Créole

Kouplè 1

Mwen gen yon anvi Kè m anvi wè Jezi O ala kè mwen anvi wè fas li! Malgre mwen konnen Li pa rete lwen mwen, Mwen gen yon anvi wè figi li.

Kè

Ala m anvi wè Jezi! O ala kè mwen anvi wè fas li! Pou mwen tou prè li, santi prezans li, O ala kè mwen anvi wè Jezi!

Kouplè 2

Mwen ta kontan Pou mwen mache ak Jezi, Mwen ta byen kontan pou ba Li lamen; Sepandan mwen konnen Li la pou gide m, Mwen konnen amou Li p ap janm lage m.

Kouplè 3

Pou nou Menm ki poko konnen Jezikri, Nou manke pi gran lajwa ki genyen; Vin resevwa Li kòm Sovè e Mèt nou, Li vle wete nou anba kòd peche. (Making Melody No. 243)

Retour aux chants