Chant 45

Men yon bèl promès mwen p ap janm bliye ou

Gloire a l'Agneau · Créole

Kouplè 1

Men yon bèl promès: Mwen p ap janm bliye ou. Anyen p ap moleste m ni detounen mwen. Menm si tenèb la fè mwen pa wè ditou, Pi devan limyè selès la va klere.

Kè

Mwen p ap kite ou ni bliye ou, Nan men mwen mwen kenbe ou, Nan bwa mwen m antoure ou; Mwen p ap kite ou ni bliye ou, Mwen se redanmtè ou, m ap okipe ou.

Kouplè 2

M ap kwè pwomès la: Mwen p ap jann bliye ou. Annavan m ap mache ak yon chan jwaye; Zanmi lemonn bliye m e meprize m tou, Men Jezi sonje mwen, se sa ki konte.

Kouplè 3

Kan lè a rive pou mwen kite tè sa a, M a tande vwa Jezikri Redanmtè mwen: Ou te kenbe lafwa toutan ou te laba Antre isit bon e fidèl sèvitè.

Retour aux chants