Kouplè 1
Yon zanmi renmen m, yon zanmi rayi m, Yon zanmi sove mwen. Zanmi sou latè, se lè m gen lajan, Lè m pa gen lajan mwen pa anyen.
Kè
Jezi sove m, Li delivre m, Jezi sove nan m mwen. O mwen vle chante istwa li, glorifye non Li Jezi ou se mèt mwen.
Kouplè 2
Mwen rankontre Jezi nan yon chemen, Li mande mwen kote m pral; Mwen di Chè Senyè se ou m ap chache, M ap swiv ou jiska lafen.
Kouplè 3
Mwen te kondane pou m te mouri, Paske peche m te gwo; Jezi rele mwen sou mòn Golgota Pou l ban mwen lavi Etènel.
Kouplè 4
Yon zanmi ban mwen kares, lanmou Toutan m pa nan tonbo. Zanmi sou latè, se lè m gen lajan, Lè m pa gen lajan mwen pa anyen.
