Kouplè 1
Mouin tap maché nan gnou rout Difisil, plin danjé Lè tout suit mouin fè rankont ak Non-m sa Li di mouin, pitit mouin, Vini jouin-n mouin, pa mizé M-obéi san plignin, é san pè, é Li kinbé min-m.
Kè
Non Li sé Jézu, nan pouin lòt kon Li Non Li sé Jézu, vi-n adoré Li Sa sé sujè kontantman kè mouin Mouin ouè Sovè ya.
Kouplè 2
Chémin mouin té kòmansé Vi-n fasil, byin fasil Lè mouin vi-n rékon-nèt sé té Non-m sa Ki gnou jou Li té bay la vi-L Sou la koua pou sové-m Kontantman ak la joua, plin kè mouin Mouin ouè Sovè ya.
Kouplè 3
Ki gran jou sa va yé, Lè La tounin vi-n chèché-m; Tout kriyé, doulè, soufrans va fini Ma réjoui avèk tout zanj Nan sièl la pou tout tan. Malè pou tout sa ki pat jan-m vlé kouè Nan sèl Sovè ya.
