Kouplè 1
Lè lavi m sanble tris, Lèm chaje ak problèm Se sou jenou m mwenn konn jwenn la jwa Pèsonn sou latè sa a pa kapab ede mwen Sèlman Senyè m ka fè tout pou mwen.
Kè
Ou menm ki di frape e ou va louvri Ou menm k ap vin chèche m Pou m al nan syèl Sonje mwen Chè Jézu nan wout lavi sa a O sonje mwen ! sonje mwen souple !
Kouplè 2
Tout bagay sou latè Va pase zanmi mwen Pawòl Bondye, li va toujou la Ou menm ki gen tan toujou Vini jwenn Jezikri Fè atansyon pou li pa twò ta.
Kouplè 3
Ane yo pase vit, tan yo vini si kout Siy yo vle di ke Jezi ap vini Ou menm k ap sèvi Kris Annou swiv li chak jou Talè konsa l ap vin chèche nou.
