Chant 15

Tout jenou flechi

Des Cantiques Spéciaux · Créole

Kè

Jezi! tout tèt bese Jezi! tout jenou flechi Jezi! ala yon non! Depi w site l Wayòm Satan tranble.

Kouplè 1

Gen kèk moman m konn santi m antrave Mwen sèlman site Jezi m soulaje Nan tout linivè se non sa a k pi gran Se li pou w site pou w jwenn bout Satan Gen moun se yon priyè yo fè konfyans Ak tout priyè w la Satan p ap ba w chans Gen kè k kote priyè w la p ap sèvi Lè sa a wa sezi wè w te nan manti.

Kouplè 2

Gen kè k moman Satan fin dechennen L ap bay presyon li pa vle wè kretyen Mwen sèlman di: Jezi! li pran kouri Se sèl non ki fè kè Satan sote Se non sa a mwen genyen kòm md pas Depi m site l tout bagay vin anplas Non sa a pa gen fontyè, li pa gen baryè Nenpòt lè w site l se pou l fè w wè klè.

Kouplè 3

Devan non Jezi Satan pa kanpe Devan non sa a maladi dwe bat ba Se yon non pisan ki chaje ak fòs, Lè mwen dekouraje se li k banm fòs Pa gen nan syèl la yon lòt pi gran non Pa gen sou tè a yon lòt non konsa, Nan lespas, anba tè a ou p pap jwenn Se sèl non sa a ki depase tout non. Chant du Groupe les Gilbert Groupe les Gilbert

Retour aux chants