Kouplè 1
Chak fwa m tande Vwa papa bondye Pale avè m pou fèm konprann Volonte li, nan lavi mwen Mwen pran tan pou m konprann Chak fwa m tande vwa papa bondye Dikte m ki rout, ke mwen dwe swiv Mwen toujou kite dezi pa m yo Mennen mwen nan erè
Kè
Men mwen Jezi, m bawou lavi m Lespri m kòm nan m mwen Tout se pou ou, m lage m nan bra ou Mwen vle padon w vle agreab nan je w Tande priye m se kri kè mwen senyè
Kouplè 2
Ou pwoteje m devan tout danje Ou ouvè pòt lòm paka louvri Ou netwayem chak fwa mwen sal Ou vide gras sou mwen Mwen vle baw plis plas nan lavi mwen Mwen vle konprann ou plis chak jou Mwen tande lè w pale avè m Dirije lavi mwen
Kouplè 3
Si m gen 2 jou Pou’m viv ankò pran mwen kache’m Anba zèl ou Konsa mwen sur Mwen pap pèdi Presans ou nan lavi-m
Kè
Jose Bautista
