Chant 87

Mwen kontan Jodi a gen solèy nan kè m

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Mwen kontan Jodi a gen solèy nan kè m; Tout krent ak dout yo pase; Jezi di konsa: Nenpòt moun ki vle Ka jwenn mwen pou sove l.

Kè

Nan Jan 3:16 « nenpòt » vle di mwen, « nenpòt » vle di mwen, M ap mete non mwen la. Nan Jan 3:16 « nenpòt » vle di mwen Mwen ladan! Alelouya!

Kouplè 2

Mwen kontan jodi a, gen espwa nan kè m; Se Jezi mwen vle bay glwa, Paske li ban m laviktwa sou peche ; Nan kè m li se sèl Wa.

Kouplè 3

Lanmou li mèveye ; Gras li mèveye! Pou mwen Jezi te mouri. Mwen te renmen lemonn, mwen te pèdi nèt Jouk tan li te fè m vin lib.

Retour aux chants