Kouplè 1
Jezi te fèt nan yon krèch mizerab; Kè li te dou, e pawòl li emab; Maltrete, li mouri kon yon koupab, Jezi, Senyè beni.
Kè
Mèveye, mèveye, Jezi ! Yon vrè zanmi, jiska lafen; Li ofri kò l pou mwen genyen lavi, Jezi, Senyè beni.
Kouplè 2
Nan loray, se li sèl ki bay lapè; Grangou ak swaf, se li ki satisfè; Lè tantasyon, li bay gras nesesè, Jezi, Senyè beni
Kouplè 3
Se zanmi tout moun, men anpil renye l Yon èd pou fèb yo, li te imilye Limyè lemonn, se li yo krisifye Jezi, Senyè beni.
